Páginas

VANDREDI 12

Koulè Blan
SAKRE-KÈ
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
"Kè m’ ap boulvèse anndan mwen".
LEKTI LIV OZE A 11, 1b. 3-4. 8c-9
Men pawòl Granmèt la:
"Lè Izrayèl te piti, mwen te renmen l’, epi mwen rele pitit mwen an sot Lejip. Mwen te tankou yon nouris pou Efrayim, mwen te pote yo sou bra m’, epi yo pa t’ konnen se swen mwen t’ap swen yo. Se ak kòd Adan mwen t’ap redi yo, ak kòd renmen an; mwen te wete jouk la sot sou kou yo, mwen te panche sou li pou m’ fè l’ manje.
Kè m’ boulvèse anndan m’, zantray mwen frisonnen. Mwen p’ap fè kòlè m’ eklate ankò, mwen p’ap rekòmanse gaye Efrayim ankò, paske se Bondye mwen ye, se pa moun; nan mitan ou mwen se Sen an, mwen p’ap anvayi vil la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Izayi 12, 2-3. 4bcd. 5-6 (r.: 3)
R/ N’ap tire dlo ak kè kontan sot nan sous Sila a k’ap sove nou an.
Men Bondye k’ap sove m’ nan, mwen gen konfyans, mwen pa pè, paske fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la, se li menm ki delivrans mwen.
N’ap tire dlo ak kè kontan sot nan sous sila a k’ap sove nou an.R.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, fè pèp yo konnen mèvèy li yo, fè sonje kijan non l’ gran.R.
Chante pou Granmèt la, paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Fè fèt, fè lwanj, ou menm ki abite Siyon, paske li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
DEZYÈM LEKTI
"Konnen renmen Jezikri a ki depase syans la".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 3, 8 -12. 14- 19
Frè m’ yo:
Moun menm ki pi piti nan tout sen yo, se mwen menm yo fè favè sa a pou m’ pote bòn nouvèl nan nasyon yo, pou m’ anonse yo richès Jezikri yo yo pa kapab sonde yo, pou m’ klere yo tout, pou m’ montre yo kijan mèvèy sakre sa a devwale koulye a, mèvèy sa a ki te kache depi syèk tan nan Bondye ki kreye tout bagay la; pou chèf yo ak pouvwa yo nan syèl la rekonèt sajès Bondye a ki san limit la, gras a Legliz la; daprè plan li te fè nan Jezikri Granmèt nou an depi tout tan. Nan li nou gen konfyans pou nou pwoche avèk asirans, gras a lafwa nou gen nan li.
Se pou sa mwen met jenou atè devan Papa Granmèt nou Jezikri, se nan li tout papa nan syèl ak sou latè kapab pote non papa a; se pou l’ ba nou favè daprè richès bèlte l’, pou gras a Lespri l’, nou asire fòs moun nan k’ap devlope anndan nou an; se pou Jezikri abite nan kè nou gras a lafwa a; se pou nou pouse rasin nan charite a, pou nou poze fondasyon nou nan li, pou nou kapab konprann ansanm avèk tout sen yo ki lajè, ki longè, ki wotè, ki psofondè; pou nou konnen renmen Jezikri a ki depase tout syans, pou nou kapab plen ak tout sa Bondye plen an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Bò kòt li louvri, san ak dlo koule".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 19, 31-37
Lè sa a:
Kòm se te preparasyon pak la, pou kò yo pa t’ rete sou kwa a jou saba a (sèke jou sa a se te gran jou saba a), Juif yo mande Pilat pou yo kraze janm yo, pou yo wete yo.
Sòlda yo rive, yo kraze janm premye a ak lòt la ki te kloure sou kwa a avèk Jezi a. Men lè yo rive sou Jezi, yo wè li te deja mouri, yo pa kraze janm li, men youn nan sòlda yo louvri bò kòt li avèk bayonèt li, menm lè a san ak dlo koule.
Moun ki wè a, li sèvi temwen, temwayaj li a vre. Li menm li konnen li di laverite, pou nou menm tou nou kapab kwè. Bagay sa yo fèt pou sa ki ekri nan labib la kapab reyalize: "Y’ap gade sila a yo pike a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz Inivèsèl (Legliz Katolik) la ap selebre yon gwo fèt ki se fèt Sakre-Kè. Nòmalman nou selebre fèt sa a twazyèm vandredi aprè Lapannkot. Yo rele li tou fèt Kè Jezi.
Lè nou fete Sakre-Kè, nou montre nou sonje kalite lanmou sa a ki te sove nou an. Fèt sa envite nou kontanple Jezi yo transpèse a, kote sous dlo ak san li koule pou pirifye nou, pou lave nou, pou libere nou anba pouvwa peche ak lanmò. Li montre kòman Bondye nou an sansib, kijan li pran pitye.
Se Jezi ki di: «Vin jwenn mwen nou tout k’ap fatige kò nou, k’ap redi anba chay, m’ap fè nou repoze, kè mwen tou dou, kè mwen tou pòv, n’a jwenn repo pou lavi nou. (Mt 11, 28)
Sou kisa fèt Sakre-Kè a chita menm?
Nan tan Modèn nan gen de (2) kouran ki karakterize devosyon Sakre-Kè a: remèsiman (mèsi) pou richès Kris la ki ensondab, ki depase limit lèzòm (Ef 3, 8) ak kontanplasyon ki repare kè ki blese a (Mt 11, 28). Kidonk jodi a nou envite pou nou di Bondye mèsi antan n’ap kontanple doulè pitit li a ki sakrifye a pou liberasyon nou an. (Jn 19, 37).
LAPRIYÈ: Bondye ou menm ki louvri kè ou pou ou fè nou jwenn trezò renmen san limit ou yo nan Kè Pitit ou a ki blese poutèt peche nou yo, tanpri, antan n’ap ofri l’ mak atachman nou dwe li, fè nou prezante l’ bon jan reparasyon nou dwe li a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Pran yon ti tan nan jounen an pou kantanple Jezi nan moun k’ap soufri bò kote mwen epi ede yo nan fason mwen kapab.

No hay comentarios:

Publicar un comentario