oulè Blan
KÈ
IMAKILE MARI
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen kontan
anpil nan Granmèt la”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 9-11
Y’ap rekonèt ras pèp mwen an pami nasyon yo, ak desandans
yo nan mitan pèp yo. Tout
moun k’ap wè yo ap rekonèt yo tankou yon ras Granmèt la beni.
Mwen
kontan anpil nan Granmèt la, nanm mwen ap danse nan Bondye m’ nan, paske li
abiye m’ ak rad sove, li vlope m’ nan manto jistis la, tankou yon mesye k’ap
marye, ki gen yon kouwòn sou tèt li, epi tankou yon fi k’ap marye, ki bèl ak
bijou l’ yo. Menm jan tè a fè semans li pouse a, menm jan yon jaden fè semans
li jèmen an, se konsa tou Granmèt la Bondye ap fè jistis la jèmen, ni lwanj la
tou devan tout nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1 Samuèl 2, 1. 4-5. 6-7.
R/ Kè
m’ap fete nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè
m’ap fete nan Granmèt la, kòn mwen leve nan Bondye m’ nan; bouch mwen louvri
byen laj sou lènmi m’ yo, paske mwen kontan nan sove ou la.R.
Zam vanyan yo te konn tire flèch la,
li kraze, sa k’ fèb yo, yo mare ren yo ak fòs; sa k’ te gen vant plen yo lontan
an, y’ap travay pou pen, sa k’ te grangou yo, yo gen vant plen; pandan sa k’ pa
t’ kapab fè pitit la, l’ap anfante anpil pitit, epi sa k’ te gen anpil pitit
yo, li vin febli.R.
Granmèt la fè moun mouri, li fè moun
reviv, li kondui yo anba tè a, li fè yo remonte; Granmèt la fè moun vin pòv, li
fè moun vin rich, li rabese yo, li leve yo anlè.R.
Li fè pòv la leve sot nan pousyè a,
li leve malere a sot nan fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ fè l’
jwenn twòn glwa a.R.
LEVANJIL
“Li te kenbe tout pawòl sa yo nan kè
l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 2, 41-51
Paran
Jezi yo te konn ale Jerizalèm chak ane, pou gran fèt Pak la. Lè Jezi vin gen
douz an, yo monte Jerizalèm jan yo te konn abitye fè a pou jou fèt la; lè jou
yo fini, moun yo tounen, ti Jezi menm rete Jerizalèm, san paran l’ yo pa konn
sa. Yo te konprann li te nan pami kolòn vwayajè yo, yo mache pandan yon jounen,
epi yo kòmanse chèche l’ nan pami fanmi yo ak bon zanmi yo.
Lè
yo pa jwenn li, yo tounen Jerizalèm, y’ap chèche l’. Rive aprè twa jou, yo
jwenn li nan Tanp la, li chita nan mitan savan yo, l’ap koute yo, l’ap poze yo
kesyon. Yo tout yo te sezi, yo tout ki t’ap koute l’ la, poutèt sajès li ak
repons li.Lè yo wè l’ yo sezi. Manman l’ di l’: “Pitit, sa ou fè
nou konsa? Gade kijan papa ou ak mwen menm nou t’ap chèche ou ak lapenn”. Li di yo: “Poukisa nou t’ap chèche
m’ nan? Èske nou pa t’ konnen se nan afè Papa m’ mwen te dwe pase tan m’?” Yo
pa t’ konprann pawòl la li te di yo a.
Li
desann avèk yo, li rive Nazarèt, li te ret obeyisan vizavi yo. Manman l’ t’ap
konsève tout pawòl sa yo nan kè l’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se fèt Kè Imakile Mari. Se yon gwo fèt nan Legliz
la. Fèt sa gen anpil enpòtans pou nou kretyen. Mo «imakile» a sòti nan laten “in” ki
vle di “pa genyen” oubyen “san” epi ak “macula” ki vle di “tach”.
Ebyen nou kapab di ke yon bagay ki imakile se yon bagay ki san tach, se yon
bagay ki pa gen pyès salte ladan l’, se yon bagay ki bèl anpil.
Mari se yon fi san peche. Se li menm Bondye te
chwazi pou manman Sovè a. Se kè pwòp sa, kè san tach sa a, kè dousè sa a Bondye
te chwazi pou pote Pitit li a, Jezi. Depi avan Marite fèt Bondye te prepare l’
pou pote pitit li a. Bondye te epanye l’ de tout peche paske se li menm ki t’a
pral manman Sovè a. Kè Mari se kè renmen. Kè Mari se kè ki fè tout sa Bondye
vle, se yon kè ki devwe e ki plen ak obeyisans. Se ak menm kè sa Mari te di
Bondye wi lè zanj Gabriyèl te vin pote mesaj la ba li. E se ak menm kè sa tou
Mari te kenbe « wi » sa a jouska lafen. Jodi a Levanjil la montre nou
kijan kè Mari te bèl. Kretyen, yon kè ki bèl se yon kè ki plen ak pawòl Bondye
a. Mari te kenbe pawòl Bondye a nan kè li. Li pa t’ janm sispann medite Pawòl
la.
Ebyen kretyen, se pa pou san rezon Legliz la ba
nou gwo fèt sa. Avèk fèt sa, Legliz la envite nou pran egzanp sou Mari manman
nou. Legliz la vle nou pran modèl sou Mari. Pran modèl ak egzanp sou Mari vle
di : kenbe pawòl Bondye yo nan kè
nou. Pawòl Bondye se limyè ak delivrans, se pawòl ki ka pwòpte kè nou. Se
pawòl ki ka retire vye fòs peche a nan kè nou. Si nou vle kè n’ vin bèl tankou
kè Mari, se pou nou fè menm jan avè l’: kenbe Pawòl la. Frè m’ak sè m’ yo, kè
Mari se chemen Jezi te pran lè li t’ap sòti nan syèl la pou l’ te vin sou tè a,
ebyen nou menm tou, an nou pran menm chemen sa a pou nou ka ale nan syèl la.
Chemen sa a se Bondye menm ki te trase l’. Ann nou swiv li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, nan gwo
jou fèt Kè Imakile Mari sa a, koute vwa pèp ou a k’ap lapriyè ou. Tanpri souple
n’ap mande w’ pou w’ ba nou yon kè san peche tankou Mari, konsa yon jou n’a
rive nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON: An nou pran Mari pou modèl pou nou ka rive nan
syèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario