Páginas

DIMANCH 14

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Mwen leve pye bwa ki ba a".
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 17, 22-24
Men pawòl Granmèt Bondye:
"Mwen menm menm nan tèt pye sèd ki wo anpil la, m’ap pran youn nan branch li yo nan pwent tèt la, youn ki fre, m’ap keyi l’, m’ap plante l’ sou yon mòn ki wo, ki depase lòt yo.
Sou mòn Izrayèl la ki wo anpil la m’ap plante l’, l’ap pouse boujon, l’ap donnen fwi, l’ap vin tounen yon gran pye sèd, tout zwazo ap abite anba l’, tout kalite bèt volaj ap fè nich yo anba lonbraj branch li.
Konsa tout pye bwa nan rejyon an ap konnen se mwen menm Granmèt la ki rabese pye bwa ki wo a, epi ki leve pye bwa ki ba a, ki seche pye bwa vèt la, ki fè pye bwa sèk la pouse fèy. Se mwen menm Granmèt la, mwen pale, mwen aji.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 91, 2-3. 13-14. 15-16 (r.: cf. 2a)
R/ Sa bon pou fè lwanj ou, Granmèt.
Sa bon pou fè lwanj Granmèt la, pou chante pou non ou, ou menm ki anwo nèt la,
Pou anonse kè sansib ou depi granmaten, ak verite ou la tout nannuit.R.
Moun ki kòrèk la, se tankou palmis l’ap devlope, tankou pye sèd Liban l’ap grandi.
Yo plante nan lakay Granmèt la, nan lakou Bondye nou an y’ap devlope.R.
Y’ap donnen fwi toujou nan vyeyès, y’ap donnen an kantite, y’ap byen vèt,
Pou yo anonse kijan Granmèt la dwat, kachèt mwen an, pa gen defo nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
"N’ap chèche fè Bondye plezi, swa nou prezan swa nou absan".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 5, 6-10
Frè m’ yo:
Nou gen konfyans tout tan, nou konnen reyèlman vre, pandan nou nan kò a, n’ap fè pelerinaj lwen Granmèt la (sèke se nan lafwa n’ap mache, se pa nan vizyon), men nou gen konfyans epi nou ta pito fè pelerinaj la lwen kò a, pou nou prezan kot Granmèt la.
Se pousa nou eseye fè l’ plezi, swa nou absan, oswa nou prezan. Sèke nou tout, nou gen pou nou parèt devan tribinal Jezikri a, pou chak moun resevwa selon sa l’ te fè, swa byen oswa mal, pandan li te nan kò a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Se li menm ki pi piti nan tout semans yo, men li vin pi gran pase tout pye bwa yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 26-34
Lè sa a: Jezi t’ap di foul yo:
"Se konsa rèy syèl la ye, tankou yon moun k’ap voye semans la nan tè a, aprè sa, li dòmi, li leve nannuit ak lajounen epi semans la jèmen, li devlope san li menm li pa konnen. Apre sa, tè a donnen fwi; tou dabò se fèy, apre sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a. Lè l’ donnen fwi, menm lè a li voye sèpèt, paske se rekòlt la".
Li t’ap di: "Ak ki sa nou ta konpare rèy Bondye a? oubyen ak ki parabòl nou ta di sa l’ sanble? Se tankou yon grenn seneve, lè yo simen l’ nan tè a, li pi piti pase tout semans ki nan tè a; lè yo fin simen l’, li monte, li vin pi gran pase tout legim yo, li sitèlman fè gran branch, zwazo syèl yo kapab abite anba lonbraj li".
Se ak anpil parabòl konsa li t’ap anonse yo pawòl la, nan mezi yo te kapab koute; men li pa t’ pale ak yo san parabòl. Men pou disip li yo menm, li te konn eksplike tout bagay apa pou yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen anpil moun ki konn di: “Se pa mwen ki pou ranje peyi a”. Pou yo menm, tèlman gen pwoblèm, yon moun pa ka chanje reyalite a. Poutèt sa, yo panse chak moun dwe defann enterè pa l’epi aprè sa pa gen anyen nou kapab fè. Se konsa nou rive nan sistèm ‘‘chyen manje chyen sa n’ap viv la.’’
Jezi vin montre nou yon lòt bagay. Wi, pwoblèm yo twòp pou nou menm. Men nou pa pou kò nou. Lè nou travay pou chanjman an, nou mèt konte sou gras li. Sèl sa li mande nou, se pou nou simen yon ti semans, aprè sa l’ap fè rès travay la, l’ap fè pye bwa a grandi. Se li menm ki gen tout pouvwa pou fè pye bwa yo vèt oubyen sèch, se li menm ki bay tout kalite bèt lavi, se li menm ki mèt lavi nou.
Bondye kapab, men li mande ti kolaborasyon pa nou. Konsa l’ap ba nou patisipe nan kreyasyon li, paske nou fèt nan imaj li, se kreyatè nou ye tou. L’ap pèmet nou patisipe nan travay Kris la ki vin sove nou, paske nou se yon lòt Kris nan lemond. L’ap kite n’ aji ak kreyativite, ak libète, paske Lespri Sen li an ap aji nan kè nou.
Si n’ gen lafwa, nou pa gen dwa dekouraje. Se pou nou bay tèt nou pou sèvis Bondye a.  Sin fè ti travay nou an, se li menm k’ap fè semans sa grandi, epi pi devan l’ap fè pye bwa a donnen anpil fwi. Se li menm k’ap bay rezilta. Se li menm k’ap ranje peyi a. 
Si n’ gen lafwa, nou pa gen egoyis tou, ni nou pa gen dwa ògeye. Paske n’ap konprann ke menm tout sa nou fè ak fòs ponyèt nou, fòs nou an sa, se nan Bondye li sòti. Si nou la, si nou ka fè yon diferans, se gras a li menm k’ap ede nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, lè m’ gade tout pwoblèm nan peyi a, ak tout pwoblèm pèsonèl pa m’, m’ konn dekouraje. Ede m’ pran kouraj nan gras ou a, ede m’ wè jan ou bay katrevandiznèf pa pou chak pa m’ bay.

PWOPOZISYON: Menm si m’ pa ka rezoud tout pwoblèm yo, m’ap fè sa m’ kapab. Kisa m’ kapab fè jodi a?

No hay comentarios:

Publicar un comentario