Koulè
Vèt
TRÈZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Se
poutèt lanvi dyab la lanmò a antre sou fas tè a".
LEKTI LIV LASAJÈS 1, 13-15; 2, 23-25.
Bondye pa t’ fè lanmò, ni li pa kontan poutèt vivan yo
k’ap pèdi a; sèke li te kreye tout bagay, pou yo ekziste, li te fè nasyon yo an
sante sou fas tè yo; pa gen pwazon lanmò nan yo, ni rèy lanfè sou tè a; sèke
jistis la dire tout tan, li p’ap kapab mouri.
Sèke Bondye te kreye moun nan pou l’ pa t’ mouri, epi se
sou pòtre resanblans li li te fè l’. Se lanvi dyab la ki lakòz lanmò a vin antre
sou fas tè a; sila yo ki disip li yo, y’ap pran modèl sou li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 29,
2 e 4. 5-6. 11 e 12a 13b (r.: 2a)
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa bay lènmi m’ yo kè kontan sou do m’. Granmèt,
ou wete lavi m’ sot anba tè a, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan fòs la.R.
Chante pou
Granmèt la, sen l’ yo, fè lwanj pou souvni l’ ki sen.
Sèke pou yon
moman kòlè l’ rive, men se pou lavi renmen l’ nan dire. Nan aswè gen
dlo nan je, nan maten se kè kontan.R.
Koute,
Granmèt, pran pitye pou mwen Granmèt, pote m’ sekou. Ou chanje plent mwen an
nan chante dans. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Sa nou
gen ki twòp la, se pou l’ konble sa frè nou yo ki pòv yo a pa genyen an".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 8, 7.
9. 13-15
Frè m’ yo:
Menm jan nou plen nan tout bagay ak lafwa ak pawòl ak
konesans ak tout kalite devouman, sitou ak charite nou genyen ki sòti nan nou menm
nan, se pou nou fè anpil tou pou pote lòt yo konkou nan mizè yo.
Nou konnen favè Granmèt nou Jezikri, poutèt nou vin
pòv, malgre li te rich, pou nou te kapab vin rich antan l’ vin pòv.
Yo pa mande pou nou nan tray pou soulaje lòt yo, men se
egalite. Koulye a sa nou genyen ki twòp la, se pou l’ konble sa yo manke, pou
sa yo menm y’ap gen ki twòp la tou, li rive konble sa nou menm nou manke a, pou
kapab gen egalite, daprè sa labib la di: "Moun ki te gen anpil la, li pa t’
gen twòp, moun ki te gen ti kras la, li pa t’ manke".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
LEVANJIL
"Ti fi, mwen di ou, leve".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 5, 21-43
Lè sa a:
Kòm Jezi te
travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul moun ki vin jwenn
li; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf kay reyinyon yo ki rive, yo te rele l’
Jayi; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’; li t’ap lapriyè l’ anpil, li t’ap di:
"Pitit fi m’ nan prèske mouri; vini poze men sou li, pou l’ kapab sove,
pou l’ viv". L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze
l’.
Gen yon
madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te preskri
l’ anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn okenn rezilta,
okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal; lè l’ tande pale sou Jezi, li vin nan
foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: "Si o mwen mwen touche rad
li, m’ap sove". Menm lè a sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te
geri sot nan maladi a.
Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te sòti
nan li, li vire kot foul la, li t’ap di: "Kilès ki touche rad mwen an".
Men disip li yo t’ap di: "Ou wè foul la k’ap kraze
ou, epi w’ap di: «Kilès ki touche m’ !» Men li vire pou l’ wè madanm nan ki te
fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li t’ap tranble, li te konnen sa k’ te
pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan l’, li di l’ tout laverite.
Li menm menm li di l’: «Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak
lapè, se pou ou geri sot nan maladi ou la».
Pandan li t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf kay reyinyon
an, yo di: «Ti fi ou la mouri; pouki sa w’ap trakase Mèt la? »
Jezi menm, lè l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf kay
reyinyon an: «Pa pè; se pou ou kwè sèlman». Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè,
Jak avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan
kay chèf kay reyinyon an, li wè bwi, moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li antre,
li di yo: «Pouki sa nou twouble, n’ap
kriye a? Ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi». Yo t’ap pase l’ nan rizib.
Li menm menm,
li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk
li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’: «Talita,
koumi»; sa vle di: «Ti fi, mwen di ou, leve». Menm lè a ti fi a leve, li t’ap mache
(li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou pèsonn
pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Grandè ak pwisans Jezi fè anpil moun swiv li tout kote
li pase. Tout moun te vle pale avèk li lè yo santi yo gen
bezwen. Se konsa chèf sinagòg la, Jayi, te vin met ajenou nan pye l’ pou l’ t’al
met men sou tèt pitit fi a ki te malad, pou l’ te kapab sove li, menn lè a Jezi
te pran wout la ansanm avèk li pou l’ t’al fè kichòy pou li. Men pandan li sou
wout la, li rankontre ak yon dam ki t’ap pèdi san depi douzan e ki te pase prèske
kay tout doktè, li pa t’ jwenn soulajman; men li te tande pale de Jezi epi l’
te di si l’ ta rive touche rad Jezi omwen l’ap jwenn gerizon paske l’ te gen
lafwa epi l’ te kwè Jezi te kapab sove l’’.
Se konsa lè l’ te wè
Jezi, li te antre nan foul la pou l’ te kapab touche epi l’ te rive touche l’
vre: menm lè a Jezi te santi l’ pèdi yon fòs epi l’ te mande ki moun ki te
touche l’ la.
Apot yo t’ap ri paske
Jezi te nan mitan yon fou l’ moun epi l’ t’ap mande kiyès ki touche l’ la! Dam
ki t’ap pèdi san an kouri vin met ajenou nan pye Jezi epi l’ te rakonte l’ tout
bagay epi Jezi te di l’ lafwa l’ sove l’.
Non sèlman dam nan te
jwenn gerizon, men Jezi te di l’ lafwa l’ sove li; sa vle di li jwenn tikè pou
lavi ki p’ap janm fini an.
Frè ak sè m’ yo, menm
jan ak madam sa, ann chèche gen yon lafwa solid pou n’ ka rive kwè tout bon vre
anyen pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye, konsa n’a rive jwenn tikè pa nou
pou lavi ki p’ap janm fini an.
Kòm Jezi pa t’ sòti pou dam nan, foul la kontinye wout
li. Epi
se konsa te gen kèk moun ki sòti kay Jayi, yo di li li mèt kite Mèt la trankil
paske tifi a gen tan mouri. Jezi di Jayi li pa bezwen pè epi fè l’ konfyans.
Èske nou kwè tout bon
vre, frè ak sè m’ yo, anyen pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye? Jezi pran Pyè
jak, Jan ak Jayi yo ale, lè yo rive yo wè tout moun ap kriye, Jezi mande yo
poukisa tout rèl sa yo? Epi li di yo tifi a pa mouri se dòmi l’ap dòmi. Men
moun ki te la yo pa t’ kwè nan li, yo t’ap joure l’, pase l’ nan rizib. Lè Jezi
wè sa, li fè tout sòti. Li pran mesye yo ki te akonpanye l’ yo ak papa epi
manman tifi a, yo antre kot tifi a te ye a. Jezi pran men tifi a, li di l’ talitha koum; sa vle di, pitit fi mwen
leve, reveye nan somèy ou te ye a! Pou Jezi lanmò pèdi pouvwa. Tout swit aprè
tifi a fin leve, li kòmanse mache, li te gen douzan. Moun ki te la yo te sezi
anpil men Jezi te di yo piga yo pale sa, apre l’ te mande pou yo te bay tifi a
manje. Lavi ranpòte laviktwa sou lanmò.
Si nou kwe tout bon vre
nan Bondye, menm si nou ta kouche nan sèkèy Bondye ka delivre nou. Mwen
ankouraje nou chak jou pi plis pou n’ met konfyans nou nan Granmèt la, chèche fè
volonte l’ nan tout sa n’ap fè, ak tout sa n’ap di, epi tout kote nou pase. Konsa l’ap toujou pran defans nou tout kote nou ye e
nan tout kalite pwoblèm.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri vin kraze sèkèy nou yo, ba
nou yon lavi tou nèf. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jezi pote laviktwa sou lanmò. Kenbe Li dyanm pou nou ka
gen viktwa avèk li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario