Páginas

SAMDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Èske gen bagay ki difisil pou Bondye? M’ap tounen kote ou, Sara ap gen yon ti gason".
LEKTI LIV LAJENÈZ 18, 1-15
Jou sa yo:
Granmèt la parèt devan Abraam nan tè fon Manbre a, Abraam te chita nan papòt joupa l’ vè midi. Li leve je l’, li wè twa mesye ki parèt devan l’, ki kanpe bò kote l’; kon l’ wè yo, li kouri al rankontre yo sot nan papòt joupa l’ la, li adore jous atè.
Li di: "Granmèt, si m’ jwenn favè nan je ou, pa pase lwen sèvitè ou la; men m’ap pote yon ti dlo, n’a lave pye nou, n’a repoze anba pye bwa a. M’ap mete yon ti bouche pen, n’a soutni kè nou; apre sa n’a kontinye wout nou; se pousa reyèlman vre nou fè ti detou a kot sèvitè nou an". Yo di: "Fè jan ou di a".
Abraam fè vit, l’al nan joupa a kot Sara, li di l’: "Fè vit, brase twa mezi farin, fè pen ki kuit anba sann". Li kouri tou kot pa1 la, li pran yon ti bèf tou jèn, ki bon, li bay ti gason an; ti gason an fè vit, li kuit li. Abraam pran be, ak lèt, ni ti bèf la yo te kuit la, li mete sa devan yo; li menm menm li kanpe bò kote yo anba pye bwa a.
Pandan y’ap manje, yo di l’: "Kot Sara, madanm ou a?" Li reponn: "Men li nan joupa a". Li di: "M’ap tounen nan menm epòk sa a, nan dewoulman lavi a, Sara, madanm ou, ap gen yon pitit gason.
Lè Sara tande sa, li ri dèyè pòt joupa a. Toulede te vye granmoun, avèk anpil laj, epi Sara pa t’ gen sa k’ nesesè pou yon fi anfante. Li ri an kachèt, li di: "Lè m’ fin vye a, epi mèt mwen fin vye, ou kwè mwen ta pran plezi m’ nan li?"
Men Granmèt la di Abraam: "Poukisa Sara ri a, li di: «Èske reyèlnan vre mwen kapab fè yon pitit, antan m’ vye a? Èske gen kichòy ki difisil pou Bondye? Jan m’ di a, m’ap tounen kote ou nan epòk sa a, madanm ou Sara ap gen yon pitit".
Sara demanti, li di: "Mwen pa t’ ri", li te twouble ak sezisman. Granmèt la menm di: "Se pa vre, se konsa, ou te ri byen pwòp".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Lk 1, 46-47. 48-49. 50; 53. 54-55 (r.: 54a)
R/ Granmèt la sonje kè sansib li.
Nam mwen ap fè konpliman pou Granmèt la, lespri m’ap fete nan Bondye sovè m’.R.
Paske li konsidere rabesman sèvant li a;
Reyèlman vre depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen gen chans.
Paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a, non l’ sen.R.
Kè sansib li pou sot nan jenerasyon al nan jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo.
Li plen moun ki grangou yo ak byen, li voye rich yo ale grangou.R.
Li pote Izrayèl, sèvitè l’, sekou, li sonje kè sansib li, jan l’ te pale ak zansèt nou yo,
Abraam ak desandans li pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Anpil moun ap vin sot nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap sou tab avèk Abraam, Izaak epi Jakòb".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 8, 5-17
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote l’, li lapriyè l’, li di: "Granmèt, sèvitè m’ nan kouche nan lakay la, li pa kapab fè mouvman, l’ap soufri anpil". Jezi di l’: "M’a prale, m’ap geri l’".
Kapitèn nan reponn, li di: «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba tonnèl mwen, men di yon pawòl sèlman, sèvitè m’ nan ap geri. Sèke mwen menm ki yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda anba pouvwa m’, mwen di sa a: «Ale», epi l’ale; epi lòt la: «Vini», li vini; epi sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li fè l’».
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di moun yo ki t’ap suiv li yo: "An verite mwen di nou, mwen pa jwenn yon lafwa gran konsa nan Izrayèl. Mwen di nou anpil moun ap vin sot nan direksyon solèy leve ak solèy kouche,y’ap sou tab avèk Abraam ak Izaak epi Jakòb nan rèy syèl la; men pitit rèy nan menm, y’ap jete yo nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen dlo nan je ak manje dan". Jezi di kapitèn nan: "Ale, jan ou kwè a, se pou sa fèt konsa". Sèvitè l’ la geri menm lè sa a.
Lè Jezi antre nan lakay Pyè, li wè bèlmè l’ kouche, mare ak lafyèv. Li touche men l’, lafyèv la kite l’; li leve, li sèvi yo.
Lè aswè rive, yo mennen anpil moun ki te gen demon, li chase lespri yo avèk yon mo, li geri tout moun ki te malad; pou sa pwofèt Izayi te di a te kapab reyalize: "Li pran feblès nou yo, li pote maladi nou yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nan Levanjil la, nou wè kalite lafwa, lanmou, konfyans ak imilite yon kapitèn ki manifeste yon kokenn chen afeksyon pou sèvitè li. Li tèlman bay tèt li pwoblèm pou sèvitè sa a, atèl pwen li koube li byen ba devan Jezi e li mande li: «Granmèt, sèvitè m’ nan kouche nan lakay la, li pa kapab fè mouvman, l’ap soufri anpil» (Mt 8, 6). Mak afeksyon sa a anvè lòt yo, espesyalman anvè yon sèvitè, pèmèt li jwenn yon repons tou swit nan men Jezi: «M’a prale, m’ap geri l’». (Mt 8, 7). Aprè sa, tout sa ki pase abouti nan yon seri aksyon lafwa ak konfyans. Kapitèn nan pa santi li diy, li pa santi li kòrèk, menm poutan li eksprime lafwa li ak konfyans li nan Jezi devan tout moun, e Jezi di: «An verite mwen di nou, mwen pa jwenn yon lafwa gran konsa nan Izrayèl». (Mt 8, 10)
Nou kapab poze tèt nou kesyon kisa ki pouse Jezi fè mirak la. Pafwa nou mande Bondye men no uta di Bondye pa tande rèl nou, li pa okipe nou! E sa pa fè nou manke asirans ke Bondye toujou tande vwa nou. Alò, sa k’ pase? Petèt nou panse nou fè demand la kòrèkteman, men èske nou mande menm jan ak kapitèn nan? Priyè kapitèn nan pa egoyis, men li plen lanmou, imilite ak konfyans. Sen Pyè Krizològ di nou: «Fòs lanmou an pa konsidere posiblite yo… Lanmou an pa disène, li pa reflechi, li pa gen agiman.  Lanmou an se pa yon reziyasyon devan sa ki enposib la, paske li pa kite difikilte yo entimide li». Èske nou priye nan fason sa a?
«Granmèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen» (Mt 8, 8). Se repons sa a kapitèn nan bay Jezi, èske nou gen menm santiman sa a tou? Èske lafwa nou sanble ak lafwa kapitèn nan? Sen Maksim di nou: «Sèl lafwa ki kapab konprann mistè, lafwa sa a ki se baz ak fondman tout sa ki depase eksperyans ak konesans òdinè». Si se te konsa, nou menm tou nou ta tande pawòl sa yo: «Ale, jan ou kwè a, se pou sa fèt konsa», e sèvitè l’ la geri menm lè sa a (Mt 8,13).
Manman Lasent Vyèj Mari, ou menm ki si tèlman gen lafwa, esperans ak lanmou, aprann nou priye kòmsadwa pou nou ka jwenn nan men Bondye tout sekou n’ap chache.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen gen anpil pwoblèm k’ap trakase lavi mwen, tanpri di yon pawòl sèlman, mwen va jwenn yon solisyon.

PWOPOZISYON: Menm jan ak kapitèn nan, priye pou entèsede pou yon moun k’ap soufri jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario