Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Tout gason ap fè sikonsizyon nan siy kontra a. Sara ap anfante yon ti
gason ba ou ”.
NAN LIV LAJENÈZ 17,1.9-10.15-22
Aprè Abram te kòmanse gen
katrevendiznevan, Granmèt la parèt devan l’, li di l’: “Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa
a. Mache devan m’, se pou ou kòrèk nèt ”.
Bondye di Abraam
ankò : «Ou menm, se pou ou kenbe kontra m’ nan, ni desandans ou aprè
ou nan jenerasyon yo. Men kontra m’ nan, sa n’ap obsève ant mwen menm ak nou
menm nan, ak desandans ou aprè ou : tout gason nan pami nou dwe fè
sikonsizyon ».
Bondye di
Abraam: “Saray, madanm ou an, ou p’ap rele l’ Saray, men Sara. M’ap beni l’,
m’ap ba ou yon pitit sot nan li, m’ap beni pitit sa a. L’ap vin tounen anpil
nasyon, wa pèp yo ap leve sot nan li”.
Abraam tonbe
sou fas li, li ri, li di nan kè l’: “Èske ou kwè yon moun ki gen santan kapab
fè pitit? epi Sara ki gen katrevendizan an, l’ap fè pitit?” Li di Bondye: “Se
pou Izmayèl viv devan ou!”
Bondye di
Abraam: “Sara, madanm ou, ap fè yon ti gason pou ou, w’ap rele non l’ Izaak;
m’ap pase kontra m’ avèk li kòm kontra tout tan, ni avèk ras li aprè l’. Sou Izmayèl
tou mwen tande ou: men m’ap beni l’, m’ap fè l’ vin anpil, m’ap fè l’ vin anpil
anpil; l’ap fè douz chèf, m’ap fè l’ vin tounen yon gran nasyon. M’ap pase
kontra m’ pou Izaak, li menm Sara ap anfante ba ou, menm epòk sa a ane
pwochèn”.
Lè l’ fin pale avèk li, Bondye monte kite Abraam.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
R/ Men ki jan moun ki respekte Granmèt la beni.
Se chans pou
tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan wout li yo.
Se fwi travay
men ou w’ap manje, se chans pou ou, w’ap jwenn avantaj.R.
Madanm ou ap
tankou yon jaden rezen ki byen donnen sou bò lakay ou; pitit ou yo ap tankou
jèn plant pye oliv alantou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan ap beni, sa k’ respekte Granmèt
la. Se pou Granmèt la beni ou sot Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm toulejou
lavi ou.R.
LEVANJIL
“Si ou vle,
ou kapab geri m””.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 1-4
Lè sa a:
Pandan Jezi
t’ap desann sot sou mòn nan, anpil foul t’ap suiv li. Men yon moun maladi lalèp
rive, li adore l’, li di: “Granmèt, si ou vle, ou kapab geri m’”. Jezi lonje
men l’, li touche l’, li di: “Mwen vle, se pou ou geri”. Menm lè a
lalèp li a geri.
Jezi di l’: “Gade, pa di pèsòn sa; men ale, montre w’
devan prèt la, ofri kado a Moyiz te kòmande a kòm temwayaj pou yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Malgre Abraam
te yon moun ki te gen lafwa, ki te gen yon relasyon pesonèl ak Granmèt la, te
gen yon seri de bagay Abraam pa t’ janm kwè Granmèt la te ka fè pou li.
Pa ekzanp Abraam te gen tan reziye l’ lontan nan zafè
fè pitit. Ni li menm ni madam li, yo toulède te gen tan granmoun. Abraam te gen
katrevendiznèf an, epi Madanm li te gen katrevendiz an, yo pa t’ gen pitit
ansanm. Epoutan, Bondye fè l’ pwomès l’ap fè yon pitit ak madanm li, ki te pral
bay li anpil desandans. Tèlman Abraam twouve sa enposib, se ri li tonbe ri lè
l’ tande sa.
Abraam te gen lafwa, men lafwa li te piti. Abraam pa t’
janm konnen si anyen pa enposib pou Granmèt la. Men Bondye si tèlman gran, li
ka fè plis pou nou, plis pase sa nou kwè li ka fè. Abraam ak Sara te fè yon
pitit tout bon, ki rele Izaak. Se nan pitit Abraam nan, Izaak, tout pèp Izrael
la ki se pèp jwif la, pèp Wa David la, sòti. Ata Jezi, ansanm ak Mari, Jozèf ak tout douz
apot yo, se nan pèp sa yo sòti tou, sa vle di yo se desandan Abraam ak pitit
Abraam, ki te Izaak. Pafwa nou menm tou, nou sanble ak Abraam. Gen yon seri de
sityasyon nan lavi nou, ak nan peyi nou ki konn anvi fè nou pèdi lespwa. Nou
panse sa pa janm regle. Nou reziye nou.
Nou bliye si Bondye kapab. Lafwa nou twò piti.
Epoutan, si n’ louvri kè nou, si n’ louvri lespri nou,
temwayaj Abraam nan, ansanm ak temwayaj moun maladi lalèp la ki te geri nan
lekti Levanjil jodi a tou, yo ka ede nou kwè.
Jezi vle geri nou, menm jan li te vle geri moun maladi
lalèp la. Li vle, epi li kapab.
PRIYE: Granmèt, mwen kwè nan ou, men lafwa mwen
twò piti. Ogmante li, souple! Amèn.
PWOPOZISYON: Gade nan ki
fason nou kapab travay pou chanje kominote n’ap viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario