Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Aga anfante yon ti gason, pou Abraam, li rele non l’ Izmayèl”.
NAN LIV LAJENÈZ LA 16,1-12.15-16
Jou sa yo:
Saray, madanm Abram nan, pa t’ fè
pitit; men li te gen yon esklav ejipsyen, yo te rele Aga, li di mari l’: “Men
Granmèt la fèmen m’, pou m’ pa fè pitit; al jwenn sèvant mwen an, petèt omwen
m’ap gen pitit gras a li”. Abram aksepte sa l’ mande a, li pran Aga, fi
ejipsyen an, sèvant li a, aprè dizan depi yo te kòmanse abite nan peyi Kanaan
an, li bay mari l’ li kòm madanm. Abram al kote l’. Men lè fi a wè li vin pote
yon pitit nan vant, li meprize metrès li a.Saray di Abram: “Ou aji avèk
mechanste kont mwen; mwen renmèt sèvant mwen an sou kè ou, li menm lè l’ wè li
vin pote yon pitit nan vant, li koupe m’ kout je. Granmèt la ap jije ant mwen
menm ak ou menm”. Abram reponn li: “Men, sèvant ou nan men ou; fè jan ou vle
avèk li”.Saray maltrete l’; li sove. Lè Mesaje Granmèt la rankontre l’ bò sous
dlo nan savann nan, ki sou wout Sour la nan dezè a, li di l’: “Aga, sèvant
Saray, kote ou sòti, epi kote w’a prale?” Li reponn: “Mwen sove sot devan Saray, metrès mwen an”.
Mesaje Granmèt la di l’: “Tounen kay metrès w’a, rabese
tèt ou anba men li”. Li di ankò: “M’ap fè ras ou vin anpil anpil, yo p’ap kapab
konte l’, tèlman l’ap anpil”.
Aprè sa, li
di: “Men, ou pote yon ti pitit nan vant, w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’
Izmayèl, paske Granmèt la koute tray ou. Li menm l’ap yon gason ki gen fòs: men
l’ kont tout moun, men tout moun kont li, l’ap plante joupa an fas rejyon tout
frè l’ yo”.
Aga anfante yon ti gason pou Abram, li rele non l’
Izmayèl. Abram te gen katrevensizan, lè Aga anfante Izmayèl pou li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
105, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè sansib li
pou tout tan. Kilès k’ap rakonte pouvwa Granmèt la, k’ap fè tande tout lwanj li
yo? R.
Se chans pou moun ki obsève jijman l’, ki fè jistis pou
tout okazyon.Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou genyen pou pèp ou a.R.
Vizite nou nan delivrans ou a, pou nou kapab wè byen
sila yo ou chwazi yo, pou nou kontan nan kontantman nasyon w’ nan, pou nou
jwenn lwanj nou avèk eritaj ou a.R.
LEVANJIL
“Kay ki bati
sou wòch avèk kay ki bati sou sab”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7,
21-29
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se pa tout moun k’ap di m’: “Granmèt, Granmèt”, k’ap
antre nan rè syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li
menm k’ap antre nan rèy syèl la. Anpil moun ap di m’ jou sa a: “Granmèt,
Granmèt, èske se pa onon ou nou te fè travay pwofèt, èske se pa o non ou nou te
fè anpil mèvèy?” Lè sa a, m’ap deklare yo: “Mwen pa janm konnen nou: rale kò
nou sot sou mwen, nou menm k’ap fè peche”.
Sèke tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, epi ki
reyalize yo, li sanble avèk yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli
tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe: sèke
fondasyon l’ te sou wòch.
Tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, men ki pa reyalize
yo, li sanble ak yon moun sot, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè
desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li tonbe, tablati l’ la gran”.
Rive, lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, foul yo te sezi
poutèt lansèyman l’: sèke li t’ap anseye yo tankou moun ki gen pouvwa, men se
pa tankou pwofesè yo ak farizyen yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye moso
Labib la, nou jwenn nan liv Lajenèz, nou wè kòman Saray, madanm Abram pa t’ ka
fè pitit, li te bay Abram sèvant li pou te kapab fè yon pitit. Men aprè sa,
sèvant lan t’ap taye banda sou Sara. Konsa Sara te maltrete l’ e li te sove kite
kay la. Men mesaje Bondye te mande l’ retounen mande Sara eskiz e li te fè sa.
Byen souvan, nou menm tou, lè yon moun fè yon byen pou nou, nou konn sòti pou
nou bay moun nan pwoblèm aprè. Ann gade nan nou menm konbyen fwa nou aji
konsa, pou nou kapab gen kouraj mande padon. Nan sòm 105 yo pwopoze nou pou
jodi a, nou wè se toutan nou dwe fè lwanj pou Bondye, ni lè sa bon, ni lè sa pa
bon, paske kè sansib Granmèt la se pou tout tan.
Jezi ban ou avètisman nan Levanjil Matye a,
nan chapit 7, vèsè 21 : «Se pa tout moun k’ap di Granmèt, Granmèt k’ap
antre nan rèy syèl la, se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la». Pi devan
li di moun ki koute pawòl li e ki mete yo an pratik, se tankou moun ki bati kay
yo sou wòch, lè lapli vini, li rete fèm. E moun ki koute pawòl li ki pa mete yo an
pratik, se tankou moun ki bati kay yo sou sab, lè lapli vini, lavalas pote kay
la ale.
Nou menm, ann gade ki reyalite n’ap
viv : pafwa nou byen fon nan Legliz, nou nan tout gwoup, nou nan tout
selebrasyon k’ap fèt nan Legliz. Pafwa nou sanble moun ki pi sen nan Legliz la.
Anpil fwa, tout se aparans, se kamouflay, paske nou pa mete pawòl Bondye an
pratik, nou fè lekontrè.
Se pou nou fè atansyon nan fason n’ap sèvi Bondye,
pou nou pa travay an ven, konsa n’a rive eritye wayòm syèl la.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, n’ap
mande w’ jodi a, ede nou mete pawòl ou yo an Pratik, ede nou kore lafwa nou sou
pawòl ou yo, konsa n’a eritye wayòm ou pwomèt nou an.
PWOPOZISYON: Kore lafwa nou sou
pawòl Bondye a, pou l’ kapab pote fwi nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario