Koulè Blan
NESANS SEN JAN BATIS
(Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo”.
NAN LIV
PWOFÈT IZAYI 49, 1-6
Koute, zile
yo, fè atansyon, pèp yo, antan nou lwen an:
Granmèt la
rele m’ depi nan vant, depi nan vant manman m’, li sonje non m’; li mete bouch
mwen tankou yon nepe pwenti, li pwoteje m’ anba lonbraj men l’, li mete m’
tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan dyakout li, li di m’: “Se
sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa m’”.
Mwen di: “Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon,
se pou vid mwen te gaspiye fòs mwen; epoutan jijman m’ te avèk Granmèt la, rekonpans
mwen te avèk Bondye m’”.
Koulye a, Granmèt la ki fòme m’ depi nan vant pou m’
sèvitè l’ la, li di pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li; epi Izrayèl p’ap
rasanble. Mwen jwenn glwa nan je Granmèt la, Granmèt la vin tounen fòs mwen.
Li di: “Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou leve ras
Jakòb yo, pou ou fè ekzile Izrayèl yo tounen; mwen mete ou kòm limyè nasyon yo,
pou sove m’ nan rive jous nan bout tè a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
138, 1-3.-14.15
R/ M’ap fè lwanj, paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’, ou konnen chita m’
ak leve m’.
Ou konprann panse m’ depi byen lwen, santye m’ ak
kouche m’, ou ekzamine yo. Tout wout
mwen yo ou wè yo byen klè.R.
Paske se ou menm ki te fòme ren m’, ou te trese m’ nan
vant manman m’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou fòme m’ yon fason
ekstrawòdinè; aksyon ou yo ekstrawòdinè, nan fon kè m’ mwen konn sa byen.R.
Zo m’ pa t’ kache lwen ou, lè mwen te fèt nan sekrè, lè
ladrès ou t’ap fè m’ pran fòm anba tè a.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Jan t’ap
preche devan fas Jezikri ki t’ap vini an”.
NAN TRAVAT APOT YO 13,22-26
Jou sa yo: Pòl t’ap di:
“Bondye te leve wa David pou zansèt yo, li sèvi l’
temwen, li di: “Mwen jwenn David, pitit Jese a, yon moun daprè kè m’, l’ap fè
tout volonte m’ yo”. Nan ras li, daprè pwomès la, Bondye fè Jezi parèt kòm sovè
pou Izrayèl. Devan fas li ki t’ap vini an, Jan t’ap preche yon batèm penitans
pou tout pèp Izrayèl la.
Lè Jan t’ap fini kous li, li t’ap di: “Sa a nou
konprann mwen ye a, se pa sa mwen ye; men l’ap vini aprè m’, li menm mwen pa
merite defèt sapat pye l’ la”.
Frè m’ yo, pitit ras Abraam yo, epi moun yo nan pami
nou ki krenn Bondye a, se pou nou yo te voye pawòl sove a”.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Jan se non
l’ sa”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1,
57-66. 80
Lè pou
Elizabèt anfante a rive, li fè yon ti gason. Vwazen yo ak fanmi yo tande kijan
Granmèt la te fè mèvèy mizerikòd li a parèt pou li; yo fè kè kontan avèk li. Rive, sou
uityèm jou a, yo vini pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo t’ap rele l’ non
papa l’: Zakari.
Manman l’
pran lapawòl, li di: “Non, men y’ap rele l’ Jan”.
Yo di l’: “Men pa gen pèsòn nan fanmi ou yo rele non sa
a”. Yo fè papa l’ siy kjjan l’ te vle pou l’ rele. Li mande yon adwaz, li ekri, li di: “Jan, se non l’ sa”. Tout moun sezi.
Menm lè a bouch li louvri, lang li lage li pran pale, li fè konpliman pou
Bondye. Sezisman tonbe sou tout vwazen l’ yo; nan tout mòn Jide yo pawòl sa yo
t’ap mache bouch an bouch. Tout moun ki tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap
di: “Kisa ti pitit sa a ap ye?”. Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
Pitit la menm t’ap devlope, li t’ap gen plis fòs nan
Lespri a; li te nan dezè yo jous jou pou l’ te parèt devan Izrayèl.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete nesans Jan Batis ki sen. Se youn nan gran sen Legliz la
fete, ki ede n’ dekouvri grandè ak mèvèy Bondye nan lavi moun, sa ede n’
konprann kalite pouvwa ak puisans Bondye, sa montre n’ se Bondye ki toujou pran
inisyativ la, se li menm ki ka fasone n’ jan li vle paske se li ki fome n’, se
li ki bati lavi nou e lavi nou jwenn sans li lè n’ kite l’ fè sa l’ vle ak nou.
Fèt nesans Jan Batis envite n’ reflechi tou sou pwòp nesans pa nou, sans nesans
pa nou kòm kretyen, men avan tou kòm moun Bondye bay lavi. Èske pwòp lavi nou
gen sans li? Èske n’ rive konprann nou menm pouki Bondye mete n’ sou fas tè a?
Nan premye lekti a pwofèt Izayi fè n’ sonje yon gran verite nan lavi l’, men ki
dwe di n’ kichòy tou, paske nou pa kwè lèzòm se pitimi san gadò. Sètènman lekti
a fè n’ dekouvri Bondye chwazi pwofèt la depi nan vant manman l’, pou l’ jwenn
gwa li nan li. Èske nan lavi m’ Bondye jwenn glwa li? Èske lavi m’ se lwaj pou
li?
Anpil fwa nan
lavi nou, tankou pwofèt la nou gen tandans kwè lavi n’ pa gen valè, nou livre
pou kont nou, epoutan pwofèt la di n’ nou se moun ki chwazi. Si nou la,
sètènman nou gen yon misyon espesyal pou n’ fè glwa Bondye gaye sou fas tè a.
Zakari, papa Jan Batis pa t’ kwè vrèman nan laj li rive si l’ te kapab fè
pitit, men Bondye pa janm bliye lapriyè nou fè yo, menm lè n’ gen tandans
dekouraje: Bondye n’ nan se Bondye lavi a, Bondye kè sansib la, Bondye bagay ki
parèt enposib nan je nou yo.
Jan Batis te gen misyon pou l’ prepare plas pou Granmèt
la, pou Sila a ki te gen pou l’ vini an, Jezi. Li t’ap viv nan dezè a epi l’
t’ap preche konvèsyon. Chanje kè nou epi kwè nan Bòn Nouvèl la! Sa se pawòl kle
nan misyon li nan deze a. Li te kite Lespri a makonnen l’ tèlman ke l’ te
pwisan anpil, nan pawol li yo, nan fason l’ t’ap viv; li te chèche sa ki piti
a. Li te reyèlman yon limyè pou nasyon yo, paske moun te sòti toupatou vin
koute l’ epi resevwa batèm nan men li. Li te di, se pa li menm ki Mesi a, men
sila k’ap prepare chemen pou Mesi a. Pi devan l’ pral gen kouraj pou l’
prezante Jezikri kòm mouton Bondye a ki wete peche sou fas tè a. Li te pi gran
pwofèt ki pa t’ janm ekziste, daprè Jezi nan lwanj li te fè pou li aprè yo te
fin koupe tèt li. Yo te touye l’ paske l’ t’ap defann laverite a, li t’ap
denonse sitiyasyon adiltè youn nan gran chèf Wòm nan, lè l’ t’ap viv ak madanm
frè l’ pandan frè l’ la te ankò vivan. Pwòp sitiyasyon lavi yon pwofèt se pou
tout pwofèt. Anpil fwa n’ pa kontre pèsekisyon paske n’ pa vrèman ranpli devwa
n’ kòm pwofèt. Anpil fwa n’ gen tandans aksepte sitiyasyon yo, enjistis sosyete
a, anpil fwa n’ gen tandans fè n’ tounen konplis malfèktè yo. Fèt Jan ki Sen jodi a a dwe di n’ kichòy kòm legliz.
Jan Batis te gen anpil imilite pou l’ rekonèt li pa
Kris la pandan l’ te gen anpil renome. Anpil fwa nou menm nou vle parèt gran nan
je lòt yo pandan nou bliye vrè chemen grandè a, se chemen imilite a, petitès
la. Sa fè n’ sonje sa Jezi te di disip li yo lè l’ envite sa k’ vle vin premye
yo se pou yo tounen sèvitè tout moun, sa k’ vle vin gran yo se pou yo vin
esklav tout moun. Jan Batis te vrèman viv pawòl sa a, li menm ki te rive bay
lavi l’ pou pawòl verite a, pawòl renmen an, pawòl jistis la. Konbyen fwa n’
prèt pou n’ defann lavi lòt yo? Nou vle panse, nan gran jou nesans Jan Batis,
avèk tout timoun sa yo y’ap sakrifye nan zantray manman yo nan fè avòtman, n’ap
panse ak tout paran ki pa pran reskonsablite yo, ak tout moun ki bliye si lavi
yo makonnen ak Bondye, si lavi yo gen yon sans.
N’ap lapriyè pou tout moun k’ap viv sou tè a rive
dekouvri pwòp misyon yo; men pou sa rive fèt, se pou Jan Batis ede n’ viv nan
imilite sa a, nan disponibilite sa a nan men Bondye pou n’ vin tounen sèvitè ak
esklav tout moun.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple vide lagras ou sou
nou ki deja fè rankont pèsonèl ak ou epi sou chak grenn moun ki poko rankontre
w’ dekwa pou n’ nou tout ansanm nou rive dekouvri epi viv daprè vrè sans lavi a
epi pou n’ akeyi misyon ou konfye n’ sou fas tè a. Amèn.
PWOPOZISYON:Nan ekzamine
konsyans ou pèsonèlman, aprann dekouvri epi renouvle misyon Bondye konfye
w’.Pran dispozisyon pou w’ ede lòt ki twouble dekouvri epi akeyi pwòp misyon pa
yo nan mitan difikilte y’ap viv la!
No hay comentarios:
Publicar un comentario