Koulè
Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Pa dwe gen kont ant mwen menm avèk ou menm: se frè nou ye”.
NAN LIV LAJENÈZ 13, 2. 5-18
Abram te rich anpil nan genyen lò
ak lajan. Men Lòt tou, ki te avèk Abram, li te gen bann mouton avèk bèf avèk
joupa. Yo pa t’
kapab okipe tè a, pou yo te abite ansanm: richès yo te anpil, yo pa t’ kapab
abite ansanm. Se pousa vin gen kont ant gadyen bann mouton Abram yo ak pa Lòt
yo. Nan epòk sa a, Kananeyen an avèk Perizit la te abite nan peyi sa a.
Konsa Abram di Lòt: “Tanpri, pa dwe gen kont ant mwen
menm avèk ou menm, ni ant gadyen m’ yo avèk gadyen w’ yo: se frè nou ye. Men
tout peyi a devan ou. Tanpri, pati sot kote m’: si w’ ale agòch, m’a pral
adwat; si w’ chwazi adwat, mwen menm m’ap pati agòch”.
Lòt leve je l’, li wè tout rejyon Jouden an
toutalantou, ki te wouze nèt, se te anvan Granmèt la te detwi Sodòm avèk Gomò
a, se te tankou paradi Granmèt la, tankou Lejip lè yon moun rive Segò. Lòt
chwazi rejyon alantou Jouden an, li rekile sot nan direksyon solèy leve a; de
frè yo youn separe ak lòt. Abram abite nan peyi Kanaan an; Lòt menm abite nan
vil ki byen pwoteje yo, ki te alantou Jouden an, li abite Sodòm. Men moun Sodòm
yo te mal anpil, yo te fè peche anpil devan Granmèt la.
Granmèt la di Abram, lè li fin separe sot kot Lòt la:
“Leve je ou, gade kote ou ye koulye a, nan nò ak nan sid, nan direksyon solèy
leve ak nan direksyon solèy kouche. Tout tè a
w’ap gade a, m’ap ba ou l’ pou ou ak pou desandans ou pou tout tan. M’ap fè
desandans ou vin tankou pousyè tè a: si yon moun kapab konte pousyè tè a, l’ap
kapab konte ras ou tou. Leve, travèse peyi a nan longè l’ ak nan lajè l’; paske
se ou menm m’ap bay li”.
Abram leve joupa l’, li pati, l’al abite nan tè fon
Manbre a, se Ebwon; li bati yon lotèl kote sa a pou Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5
R/ Granmèt, kilès k’ap abite nan joupa w’ la?
Moun k’ap mache san fot, k’ap fè jistis; k’ap pale
verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa fè pwochen l’ afron. Li
konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sila yo ki
respekte Granmèt la. Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou
do inosan. Moun ki aji konsa, li p’ap souke ditou.R.
R.
LEVANJIL
“Tout sa nou
vle pou moun yo fè nou, se pou nou fè yo tou”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 6. 12-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa bay chyen bagay ki sen yo, pa voye bijou nou devan
kochon, pou yo pa foule yo anba pye yo, pou yo pa vire fonse sou nou.
Tout sa nou vle pou lèzòm fè pou nou, se pou nou fè l’
pou yo tou; sa a se lalwa a ak pwofèt yo.
Antre nan pòt ki sere a, paske pòt la laj, wout la
gran, sa k’ kondui nan lanmò a, epi se anpil moun ki antre ladan l’. Se pa ti
kras sere pòt la sere, se pa ti kras jennen wout la jennen, sa k’ kondui nan
lavi a, men se yon ti kras moun ki jwenn li!”
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan pawòl jodi a
Granmèt la envite nou mete konfyans nan li. Kilès ki ka abite lakay Granmèt la?
Moun ki pa fè rizèz ak lang li, moun ki pa pale moun mal, moun ki kite
tripotay, moun ki pa ki piye pi piti yo, pran lajan sou tèt lòt yo, moun ki pa
fè lòt afon. Moun ki viv ak pratike lajistis, ki pale laverite, ki viv
byen ak pwochen li. Moun sa a Bondye ap beni don l’ yo, byen l’ yo, l’ap ba l’
yon kote pou l’abite, l’ap ba li desandans ki konprann li, l’ap leve l’atè,
menm jan ak Abraam.
Frè ak sè m’ yo, Jezi mande nou pou nou trete lòt
yo menm jan nou ta renmen yo trete nou, menm jan nou ta renmen pou yo renmen
nou. Konsa n’ap ka abite nan joupa Bondye a. Pa fè lòt sa nou pa ta renmen yon
moun fè n’. Nan yon mo : respekte lòt la, renmen li. Tout sa nou ta vle yo
fè pou nou, fè yo tou pou lòt yo. Si pa sa li difisil pou nou abite lakay
Granmèt la. Paske pòt kay la piti anpil e anpil moun ta renmen
antre ladan l’. Kay lavi tout tan se pou moun ki renmen ak tout kè yo, moun ki
renmen lòt la menm jan li renmen pwòp tèt pa l’, moun ki pa renmen fè lòt moun
sa li pa ta renmen yo fè l’. Se pou Bondye beni nou byen beni, se pou l’ ede n’
abite nan kay sakre l’ la.
LAPRIYÈ: Granmèt, men pòv pitit yo
vle abite nan joupa w’ la, men yo fèb, lamizè ap fini ak yo, ede yo kontwole
lang yo pou yo pa di sa yo pa ta dwe di sou frè ak sè yo, ni fè yo sa yo pa ta
renmen lòt moun fè yo, kale je yo pou yo pa kite lòt moun piye yo ni fè richès
sou yo, ba yo bonprann ou a pou yo ka rive pi pre Pitit ou a ki vivan e ki wa
depi tout tan e pou tout tan. Amèn.
PWOPOZISYON: Fè pou lòt la sa ou ta renmen l’ fè pou ou. Fè jefò pou pratike lajistis ak
laverite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario