Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Abram
pati, jan Granmèt la te pase l’ lòd la".
LEKTI LIV LAJENÈZ 12, 1-9
Jou sa yo:
Granmèt la di Abram: «Pati sot nan peyi ou, ak nan
fanmi ou, ak nan kay papa ou, vini nan peyi a m’a montre ou la. M’ap fè ou vin
tounen yon gran nasyon, m’ap beni ou, m’ap fè non ou vin gran, w’ap beni. M’ap
beni moun ki beni ou yo, m’ap madichonnen moun ki madichonnen ou yo, tout fanmi
sou tè a ap beni nan ou».
Abram pati, jan Granmèt la te pase l’ lòd la, Lòt te
pati avèk li tou. Abram te gen swasant-kenz-an,
lè l’ kite Aran. Li pran Saray, madanm li, avèk Lòt, pitit frè l’ la, ak tout
sa l’ te posede, ak tout mouton li te gen nan Aran; yo pati, y’ale nan peyi
Kanaan an.
Lè yo rive la, Abram travèse peyi a jous nan kote yo rele
Sikèm nan, jous nan tè fon ki gen renome a. Kananeyen an te nan peyi a lè sa a.
Granmèt la parèt devan Abram, li di l’: «Se ras ou m’ap
bay peyi sa a». Li bati yon lotèl pou Granmèt la kote sa a, Granmèt la ki te
parèt devan l’ nan. Li sot la, li travèse nan mòn nan, ki te anfas Betèl la, li
drese joupa l’ la, li te gen Betèl nan direksyon solèy leve, avèk Ayi nan direksyon
solèy kouche; li bati yon lotèl pou Granmèt la, la a tou; li lapriyè non l’. Abram
mache, li vanse depase limit direksyon nan Sid.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32,
12-13. 18-19. 20-e 22 (r.: 12b)
R/ Se chans pou pèp sa a Granmèt la chwazi kòm eritaj li a.
Se chans pou nasyon ki gen Granmèt la pou Bondye l’,
pèp sa a li chwazi kòm eritaj li a.
Nan syèl la Granmèt la gade, li wè tout pitit moun yo.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun
ki espere sou kè sansib li,
Pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje
nan grangou.R.
Nam nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak
pwoteksyon nou li ye.
Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te
espere nan ou.R.
LEVANJIL
«Kòmanse wete bout bwa a sot nan je ou».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 7, 1-5
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa jije, pou yo pa jije nou; sèke avèk jijman n’ap jije
a, se avèk li y’ap jije nou; mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap renmèt nou.
Konsa, pouki sa w’ap gade ti pay la ki nan je frè w’
la, epi gwo bout bwa a ki nan je w’ la, ou pa wè l’? Oubyen kòman fè ou di frè
w’ la: «Kite m’ wete ti pay la sot nan je ou», epi men yon gwo bout bwa nan je
pa ou? Ipokrit, kòmanse wete gwo bout bwa a sot nan je ou, epi lè sa a w’a wè
klè pou ou wete ti pay la sot nan je frè w’ la».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Levanjil la raple nou pawòl
Marechal la nan woman «Le Chevalier à la
Rose» ke Hugo Von Hofmansthal te ekri a: «Se fason an ki fè gwo diferans
la». Fason nou aji ap chanje rezilta nan plizyè aspè nan lavi nou, sitou nan
kontèks espirityèl.
Jezi
di nou: «Pa jije, pou yo pa jije nou» (Mt 7,1). Men Jezi di nou tou pou nou
korije sila a ki nan peche a, e sa si poze nou te gen tan fè yon jijman
kèlkonk. Menm Sen Paul jije nan tèks li yo kominote Korent la e Sen Pyè kondane
Ananyas ak madanm li pou mansonj yo. Se pou sa Sen Jan Krizostòm jistifye sa lè
li di: « Jezi pa di ke nou pa dwe evite yon pechè sispann peche, sètènman nou
dwe korije li, men pa tankou yon ènmi k’ap chache vanjans, men pito tankou
medsen an ki bay malad la yon remèd». Kidonk nou dwe jije ak entansyon pou nou
korije, men pa ak entansyon pou nou vanje.
Men,
sa Sen Ogisten di nou an pi enteresan toujou: « Granmèt la ba nou avèstisman
pou nou pa kouri jije ak mechanste (…).
An nou reflechi dabò pou wè si nou pa t’ komèt menm peche a tou, an nou
sonje frajilite pa nou, e an nou jije toutan ak entansyon pou sèvi Bondye, men
pa pwòp tèt nou». Si nou wè pwòp peche nou atravè peche frè ak sè nou yo, sa
Levanjil la di nou an p’ap rive, nou p’ap vle «retire ti pay nan je frè nou
alòske nou gen yon gwo bout bwa nan je pa nou» (cf. Mt 7,3).
Si
nou gen yon bòn fòmasyon, n’ap rive wè, prèske yon fason enkonsyan, sa ki bon
ak sa ki pa bon nan lavi lòt yo: e n’ap rann yon jijman. Men lefèt ke nou wè
fot lòt yo avèk yon vizyon ki pi laj tankou jan nou mansyone sa pi wo a, sa ap
ede no unan «fason» nou jije: sa a ede nou pa jije jis pou nou jije oubyen jis
pou nou fè yon kòmantè oubyen pou kache defo pa nou, oubyen tou senpleman paske
tout moun fè sa. Pou fini, nou dwe sitou kenbe pawòl Jezi yo: « mezi n’ap
mezire a, se avèk li y’ap renmèt nou» (Mt 7,2).
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ede nou konbat ipokrizi ki nan kè nou pou nou kapab chèche
amelyore pwòp tèt nou avan nou kritike ak jije lòt yo.
PWOPOZISYON:
Jodi a m’ap pran yon ti tan pou
reflechi sou pwòp tèt mwen. M’ap dekouvri limit mwen, feblès mwen, defo mwen.
Konsa m’a fè efò pou mwen vin pi bon epi m’a ede lòt yo grandi tou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario