Koulè Vèt
DOUZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Isit la w’ap kraze lanm ou yo k’ap gonfle a".
LEKTI LIV JÒB 38, 1. 8-11
Granmèt la reponn Jòb antan l’ nan loraj la, li di:
"Kilès ki te fèmen pòt lanmè a, lè l’ t’ap vòltije,
tankou se nan vant l’ap sòti a, lè m’ te abiye l’ ak nyaj, lè m’ te vlope l’ ak
nyaj nwa yo pou yo sèvi l’ twal kouchèt? Mwen te fikse l’ limit mwen yo, mwen
poze travès ak pòt, epi mwen di: «Se jous isit la w’a rive, ou p’ap avanse pi lwen,
se isit la w’ap kraze lanm ou yo k’ap gonfle yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 106,
23-24. 25-26. 28-29. 30-31 (r.: 1)
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Sila yo ki desann sou lanmè a nan batiman yo k’ap fè
komès sou gran dlo yo.
Yo menm yo wè travay Granmèt la, ak mèvèy li yo nan
bafon an.R.
Li pale, li leve yon van tanpèt, lanm li yo gonfle, yo
monte jous nan syèl la, epi yo desann jous nan bafon yo; nam yo t’ap fonn nan
malè yo.R.
Yo rele kot Granmèt la pandan y’ap pase tray la, nan
mizè yo li fè yo sòti.
Li fè tanpèt la vin tounen yon ti van lejè, lanm li yo
fè silans.R.
Yo kontan, poutèt yo te vin fè kalmi, li kondui yo nan
pò a kote yo te vle ale a.
Se pou yo fè lwanj pou Granmèt la poutèt kè sansib li a,
avèk mèvèy li yo pou pitit moun yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Men tout bagay fèt sou nèf.
LEKTI DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 5, 14- 17
Frè m’ yo:
Renmen Jezikri
a ap boule nou; nou konsidere si yon sèl mouri pou tout moun, sèke tout moun
mouri; Jezikri mouri pou tout moun, dekwa moun k’ap viv yo, se pa pou yo menm
ankò y’ap viv, men pou sila a ki mouri pou yo a epi ki tounen vin vivan pou yo a.
Se pousa nou
menm apati koulye a nou pa konnen pèsònn ankò daprè chè a; si nou te konnen Jezikri
daprè chè a, koulye a nou pa konnen l’ konsa ankò. Si sa k’ nan
Jezikri a, se kreye yo kreye li yon lòt fwa, sa k’ te la anvan yo, yo disparèt:
epi, men tout bagay vin fèt tou nèf.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Kilès
sila a, paske van ak lanmè obeyi l’?"
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 35-40
Jou sa a, kòm aswè te fin rive, Jezi di disip li yo:
"An nou travèse an fas la". Yo ranvwaye foul la, yo pran Jezi jan l’
te ye nan batiman an, te gen dòt batiman yo avèk li.
Vin gen yon gran tanpèt van; lanm lanmè a t’ap vòltije
nan batimán an, atèl pwen batiman an te plen. Li menm menm li te nan plas
gouvènay la, sou kousen an, li t’ap dòmi; yo reveye l’, yo di l’: «Mèt, sa pa
fè ou anyen n’ap peri?» Li reveye, li
menase van an, li di lanmè a: «Silans, pe bouch ou». Van an
sispann, vin gen yon gran kalmi.
Li di yo: «Pouki sa nou manke lodas konsa a? nou pa ko
gen lafwa?" Yo sezi yon gran sezisman, youn t’ap di lòt: «Kilès ou kwè li
ye, sila a, paske ni van ni lanmè obeyi l’?»
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye Papa
a fè nou kado sèl grenn Pitit li a pou nou tout kapab sove, sòti anba pouvwa
lanmò, pou n’ ka rive pote laviktwa sou tout fòs mal yo. Jezi toujou la nan
tout sikonstans pou l’ ede nou kèlkeswa Jan sa ye; men pou sa rive fèt nou
bezwen lafwa. Van te mèt ap souffle, tanpèt menase depi nou kwè nan Bondye anyen
pa ka rive nou.
Mak, sekretè apot Pyè a pran tan pou
l’ eksplike nou anpil mèvèy ki montre nou grandè ak mizerikid Bondye pou nou
menn lè nou manke lafwa, nou pa toujou fidèl ak kòmandman li yo men l’ap toujou
pran defans nou depi nou fè apèl avè l’, paske pouvwa l’ ak pwisans li rive sou
tout bagay menm van ak lanmè obeyi l’.
Aksyon sa Jezi poze a nan kòmande
van ak lanmè a te fè anpil moun t’ap poze kesyon sou pouvwa l’ genyen sou tout
bagay epi anyen pa enposib pou li.
An nou kontinye met konfyans nou nan
li, konsa l’a sove nou anba tout antrav ak difikilte lavi a.
LAPRIYÈ: Jezi,
tanpri, kouri vin pote nou sekou, kalme van ak tanpèt pwoblèm nou yo. Bato lavi
nou ap chavire.
PWOPOZISYON:
Jezi la, m’ap fè li konfyans, paske
li kapab. Li gen pouvwa sou tout bagay.
No hay comentarios:
Publicar un comentario