Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Ak tout kè m’ m’ap jwenn fyète m’ nan feblès mwen yo”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 12, 1-10
Frè m’ yo:
Si gen okazyon tire lwanj (pa gen
nesesite), m’ap rive nan vizyon ak revelasyon Granmèt la. Mwen konnen yon moun
nan Jezikri depi plis pase katòzan (swa nan kò a, mwen pa konnen; swa andeyò kò
a, mwen pa konnen, Bondye konnen), moun sa a yo sezi l’ jous nan twazyèm syèl
la. Mwen konnen moun sa a (swa nan kò a, swa andeyò kò a mwen pa konnen, Bondye
konnen), yo sezi l’ jous nan paradi, li tande pawòl kache, bagay yo pa pèmèt
moun pale.
Pou moun sa a m’ap fè lwanj tèt
mwen; pou mwen menm, mwen p’ap fè lwanj pwòp tèt mwen ditou, sof nan feblès
mwen yo. Sèke, menm si m’ ta vle fè lwanj mwen, mwen pa ta fou: se laverite
mwen ta di; mwen pe bouch mwen kan menm, pou moun pa konprann mwen plis pase sa
l’ wè nan mwen an, oubyen sa l’ tande nan mwen an.
Epi tou, pou grandè revelasyon yo
pa vire tèt mwen, yo ban m’ yon pikan nan chè m’, yon mesaje Satan k’ap souflete
m’. Sou kesyon sa a twa fwa mwen mande Granmèt la pou l’ wete l’ lwen m’; li di
m’: “Favè m’ kont ou, sèke se nan feblès la fòs la bay randman”.
Konsa se ak tout kè m’ m’ap fè
lwanj tèt mwen nan feblès mwen yo, pou fòs Jezikri a abite nan mwen. Se pousa
mwen jwenn plezi m’ nan feblès mwen yo, nan mank dega, nan tray, nan
pèsekisyon, nan kè sere pou Jezikri: lè m’ fèb, se lè sa a mwen fò.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
33, 8-9. 10-11. 12-13
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
Mesaje Granmèt la monte lagad alantou moun ki respekte
l’ yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon; se chans pou moun
ki met espwa sou li.R.
Respekte Granmèt la, sen l’ yo, paske pa gen bezwen pou
moun ki respekte l’ yo. Rich yo vin pòv, yo grangou, men sa k’ap chèche Granmèt
la, yo pa manke okenn byen.R.
Vini, pitit mwen yo, koute m’: m’ap aprann nou respè
Granmèt la. Kilès moun sa a ki vle lavi a,
ki renmen jou pou l’ wè byen an? R.
LEVANJIL
“Pa pran tèt
chaje pou demen”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 24-34
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pèsòn pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn,
l’ap renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la. Nou
pa kapab sèvi Bondye avèk lajan.
Se pousa mwen di nou: Pa pran tèt chaje pou lavi nou,
pou nou mande ki sa n’ap manje, ni pou kò nou ak kisa n’ap abiye l’: èske lavi
a pa plis pase manje a, epi kò a plis pase rad la? Gade zwazo syèl yo, yo pa
simen, yo pa rekòlte, yo pa ranmase nan depo; epoutan Papa nou ki nan syèl la
nouri yo. Èske nou pa plis pase yo?
Kilès nan nou, afòs l’ap kalkile, ki kapab mete yon
mezi an plis sou wotè l’?
Pou rad la, poukisa nou pran tèt chaje? Konsidere lis
yo nan jaden yo, kijan yo grandi; yo pa travay, yo pa fè twal. Men mwen di nou
ata Salomon nan tout bèlte l’ li pa t’ abiye tankou youn nan yo. Konsa si zèb
jaden an ki la jodi a, epi demen y’ap jete l’ nan dife, Bondye abiye l’ konsa,
èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti lafwa?
Konsa, pa pran tèt chaje, ap di: “Kisa n’ap manje?”
oubyen “Kisa n’ap bwè?”, oubyen “Ak ki sa n’ap abiye?” Tout bagay sa yo, payen
yo ap chèche yo; Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa kòmanse chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap
vin an plis pou nou.
Pa pran tèt
chaje pou demen; jou demen an ap pran tèt chaje pou kont pa l’: mizè chak jou
kont pou jou a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frѐ ak sѐ m’ yo, yon fwa ankὸ n’ap kontinye
ak ti reflekyon nou sou pawὸl lavi a, ladan l’ nou jwenn limyѐ pou gide nou.
Levanjil jodi a fὸ anpil pou yon
moun k’ap swiv Jezi. Li kòmanse pale an premye avѐk disip li yo, li di yo ke
yon moun pa kapab sѐvi de mѐt a la fwa, sa vle di, yon sѐvitѐ pa kapab genyen
kѐ l’ divize, Li kontinye pou l’ di yo, yon moun ki kite sousi lavi a pote l’
ale, k’ap bay tѐt li pwoblѐm, pou sa l’ pral manje, pou ki rad l’ap mete sou li,
se yon moun ki manke lafwa.
Jezi revele bay disip yo kilѐs
Papa l’ ye, lѐ l’ pran ekzanp kreyasyon an, kὸman Papa l’ abiye flѐ yo san yo pa achte twal, san
yo pa bay koud rad, li fѐ yo sonje tou kòman zwazo yo pa plante ni yo pa rekòlte
men Papa l’ fѐ yo jwenn manje an kantite. Li raple nou lavi nou pi enpòtan pase
manje, e se pou sa nou pa dwe bay tèt nou pwoblèm pou sa nou bezwen.
Bondye fѐ nou kado yon kὸ ki se yon mѐvѐy;
alò poukisa n’ap trakase tѐt nou pou sa nou bezwen pou met sou kὸ a? Èske kὸ a pa pi enpòtan
pase rad la? Anpil nan nou tѐlman prewokipe pou nesesite sou tѐ sa a pou
sa nap manje, ak sa n’ap peye lekὸl, sa n’ap met sou nou, nou prèske bliye ekzistans
Bondye, nou bliye si li kapab konble tout dezi nou yo.
Yon moun k’ap swiv Jezi pa dwe
gen kѐ l’ divize nan sѐvi Bondye ak lajan an menm tan; sa pa vle di pou nou pa
travay pou viv diyman, kòmkwa Bondye pral voye sa nou bezwen sot tonbe nan syѐl
la, men se yon fason pou Jezi fѐ nou sonje si n’ap sѐvi l’, si n’ap swiv li,
nou pa ka bay byen latѐ a premye plas oubyen menm plas avѐ l’. Li envite nou mete li nan sant tout sa n’ap
fѐ, ba li premye plas nan tout sa n’ap antreprann, konsa nou p’ap janm manke
anyen.
LAPRIYЀ : Bondye
Granmѐt, ban nou anpil limyѐ pou nou kapab mete jefὸ nou nan sa ou vle pou nou.
Ban nou fὸs pou nou kapab mete tout konfyans nou nan Bondye pou n’ kapab pa
janm manke ni byen espirityѐl ni byen materyѐl. Amѐn.
PWOPOZISYON :
Fè Jezi konfyans nèt ale, menm si ou pa wè klè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario