Páginas

VANDREDI 19

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“San konte bagay sou pa anndan, traka m’ tèt chaje pou tout legliz yo”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 11,18. 21b-30
Frè m’ yo:
Kòm anpil moun ap fè lwanj pwòp tèt yo daprè chè a, mwen menm tou m’ap fè pwòp lwanj mwen. Si yon moun gen lodas nan sa (m’ap pale tankou moun fou), mwen menm tou mwen gen lodas.
Yo se ebre, mwen menm tou; yo se pitit Izrayèl, mwen menm tou; se ras Abraam yo ye, mwen menm tou; yo se sèvitè Jezikri (m’ap pale tankou moun ki pa gen yon ti kras sajès), mwen sa plis toujou: nan anpil fatig pi plis, nan prizon pi plis toujou, nan kou pi plis ankò, nan lanmò anpil fwa. Mwen te resevwa karant kout fwèt mwens youn nan men Juif yo; twa fwa yo bat mwen, yon fwa yo kalonnen m’, mwen fè nofraj twa fwa, mwen ret yon nuit ak yon jou nan fon lanmè. Anpil fwa mwen nan vwayaj, nan danje larivyè, nan danje asasen, nan tout kalite danje, danje sou bò nasyon yo, danje nan lavil, danje nan savann, danje nan lanmè, danje nan frè ki pa frè tout bon vre; mwen nan fatig ak tray, nan anpil vèy, nan grangou ak swaf, nan anpil jèn, nan fredi ak manke rad.
An plis tout sa, ki make kò m’, gen sa k’ap trakase kè m’ chak jou, tèt chaje m’ pou tout Legliz yo. Kilès ki malad pou m’ pa malad? kilès ki tonbe, pou m’ pa santi dife nan kò m’? Si gen pou fè lwanj tèt mwen, se pou feblès mwen m’ap fè lwanj.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Anba tout tray yo Bondye delivre moun ki kòrèk yo.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, an nou fè konpliman pou non l’ ansanm. Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li deliver m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la reponn li, anba tout tray li li sove l’.R.
LEVANJIL
“Kote trezò w’ la ye a, se la kè ou ye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 19-23
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa ranmase trezò nou sou tè a, kote lawouy ak mit ap devore, kote vòlè ap kase kay pou yo vòlè. Ranmase trezò nou nan syèl la, kote lawouy ni mit pa devore, kote vòlè pa kase kay pou yo vòlè. Sèke kote trezò w’ la ye a, se la kè w’ap ye tou.
Lanp kò ou se je ou: si je ou an sante, tout kò ou ap klere. Men si je ou malad, tout kò ou ap nan fènwa. Konsa si limyè ki nan ou a, se fènwa li ye, fènwa yo yo menm, ala anpil y’ap anpil!”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Levanjil jodi a Jezi di nou li : «Kote trezὸ w’ ye, se la kѐ w’ ye». Konsa, li enpòtan pou nou gade kisa ki trezò noue pi ki kote nou mete li. Pou kèk moun, se yon lidѐ politik ki idὸl yo ; gen lὸt madanm oubyen mari oubyen pitit yo ; gen dὸt pὸsyon moun, se yon atis ; gen dὸt se lajan ki prensipal rezon ki fè y’ap viv ; anpil lὸt, se bѐl kay ak bѐl machin. Jodi a Jezi di nou kote trezὸ nou ye se la kѐ nou ye, li vle fѐ nou konnen ke mond lan ofri nou anpil bѐl bagay, se nou menm ki konnen si nou wѐ yo avѐk je lemond oubyen avѐk je syѐl la. Èske byen souvan nou pa abandone Bondye ki ban nou tout opὸtinite sa a yo. Nou prefere ap kouri dѐyѐ bagay ki ka itil nou sѐlman sou tѐ a, pafwa avan menm nou mouri nou gen tan pèdi tout bagay, tout byen nou te genyen.
An nou chѐche Jezi tankou sѐl trezὸ sèl vrè trezò nou, li menm ki p’ap abandone nou nan chemen, li menm k’ap akonpanye nou jis nan dѐnye bout.
LAPRIYЀ : Bondye Papa, ede nou debarase nou ak tout zidὸl ki anpeche nou fѐ w’ tounen sѐl trezὸ kote nou dwe mete kѐ nou. Amѐn.

PWOPOZISYON: Idantifye zidὸl mwen genyen nan lavi m’ pou m’ ka rive debarase m’ ak yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario