Páginas

JEDI 18

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen anonse nou levanjil Bondye a gratis”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 11, 1-11
Frè m’ yo:
Mwen ta renmen nou sipòte ti pòz moun fou mwen pran an! Men mwen! Sipòte m’! Mwen jalou nou avèk jalouzi Bondye; sèke mwen fiyanse nou avèk yon sèl mesye, tankou yon vyèj ki rezève kò l’, pou m’ prezante nou bay Jezikri. Sèlman mwen pè pou, menm jan koulèv la twonpe Èv avèk riz li a, santiman nou pa vin gate, vin kite sèl chemen pou suiv Kris la.
Sèke, si nenpòt moun ki parèt ap preche yon lòt Kris ki pa menm ak sa nou te preche a; oubyen si nou aksepte yon lòt lespri ki pa menm ak sa nou te resevwa a, oubyen yon lòt levanjil ki pa menm ak sa nou te resevwa a, nou vale sa ak tout kè nou. Pou mwen menm, mwen kwè mwen pa fè anyen ki pi piti pase gran apot sa yo. Reyèlman vre, si m’ pa gen ladrès nan pawòl, se pa nan konesans: nan tout okazyon mwen te fè nou wè sa.
Oubyen èske mwen fè peche, antan mwen rabese pwòp tèt mwen, pou m’ leve nou, paske mwen te anonse nou levanjil Bondye a gratis! Mwen pran lajan lòt legliz yo, antan mwen resevwa l’ pou sèvis pa nou. Lè m’ te lakay nou, lè mwen te nan nesesite, mwen pa t’ fè okenn chaj peze sou nou; sèke sa m’ te manke, se frè yo ki te vin sot Lamasedwán nan ki te fè m’ jwenn li; nan tout okazyon mwen te pran prekosyon pou m’ pa t’ tounen yon chaj pou nou, e m’ap toujou pran prekosyon sa a.
Se laverite Jezikri a ki nan mwen; konviksyon sa a ki fè m’ santi valè m’, yo p’ap wete l’ nan mwen nan rejyon Lagrès la. Poukisa? Èske se paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 1-2. 3-4. 7-8
R/ Travay men ou, Granmèt, se verite ak jijman.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak Legliz la. Travay Granmèt yo gran, yo merite pou tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè jistis li dire pou tout tan gen tan. Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Travay men l’ se verite ak jijman. Tout kòmandman l’ yo fidèl, yo asire pou tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
LEVANJIL
“Se konsa pou nou lapriyè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Lè n’ap lapriyè, pa pale anpil tankou payen yo; yo konprann vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa fè tankou yo; sèke Papa nou konnen sa nou bezwen, anvan nou mande l’ li. Men kijan pou nou lapriyè:
Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a, padonnen nou sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou anba sa ki mal. Amèn.
Konsa si nou padonnen lèzòm peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou tou; men si nou pa padonnen moun yo, Papa nou ki nan syèl la p’ap padonnen nou peche nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan pawòl Bondye nou sot tande a, apòt Pòl ankouraje nou kenbe fèm nan pawòl Bondye a, pou nou viv relasyon nou ak Bondye kòm moun ki granmoun nan lafwa. Se pa nenpòt ti van, ti lapli ki pou lage nou atè, pou nou febli, kouri chanje relijyon. Èske nou kwè se Bondye k’ap sove nou oubyen yon relijyon k’ap sove nou ?
Nou dwe pran tèt nou pou nou pa kouri dèyè lòt moun ki vin di nou Bondye isi a ou li laba a, vini bò isit, se mwen ki gen Levanjil la ! Nou dwe fè atansyon ak moun ki vle defòme pawòl nou resevra depi piti a, moun ki vle gate lespri nou te resevwa nan batèm nou an. Nou batize, anpil nan nou konfime, nou pa gen pou n’ kouri dèyè okenn vye lespri ak moun ki vle fè nou pèdi wout Jezi trase pou nou an: Wout lafwa, renmen ak fratènite a.
Se poutèt sa a Jezi montre nou lapriyè pou nou pa fè tankou lòt moun k’ap chèche bèl diskou pou twonpe moun, pou fè wè yo konnnen plis, yo pi gwo save. Jezi montre n’ kijan pou n’ pale ak Pa a.
N’a di lè n’ap lapriyè : «Papa nou ki nan syèl la…».  Lapriyè sa a gen 7 entansyon e li gen 2 pati: 3 entansyon sou Papa, 4 entansyon pou nou menm moun. Men yo: 1) Se pou yo respekte nou ou; 2) se pou yo rekonèt se ou ki wa; 3) se pou volonte w’ fèt sou tè a tankou nan syèl la; 4) Pen nou bezwen chak jou a ba nou li jodi a; 5) Padone sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichòy; 6) pa kite nou pran nan pyèj; 7) Delivre nou ak tout sa ki mal. Se yon lapriyè konplè. Li envite nou rekonèt grandè ak pouvwa Bondye, li envite nou viv nan amoni, nan fratènite ak frè ak sè nou yo, li envite nou pratike padon, yon sekrè gerizon kè a. Se pou Bondye konble nou ak lagras li, se pou li beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Papa a, fè nou rete kole ak ou, fè nou pi asire n’ sou ou. Pa kite feblès, pa kite Malen an fini  avèk nou. Ede nou pou nou viv pawòl la jan ou vle a, ede nou padone nou youn lòt, pou nou pa janm sispann pi asire nou sou ou, e pou n’ ka viv fratènite a pi byen menm jan fratènite w’ la  ansanm ak Pitit la, ansanm ak Lespri Sen an. Nou mande w’ sa a pa pouvwa Jezikri, li memm ki vivan e  ki wa pou tou tan ki gen tan.

PWOPOZISYON: Pa kite pèsòn boulvèse nou nan pratik dotrin nou te resevwa nan men Jezikri a. Rete fò epi kenbe fèm nan Levanjil nou te resevwa a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario