Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 9, 6-11
Frè m’ yo:
Moun ki simen tikras, li rekòlte
tikras tou; men moun ki simen nan benediksyon, li rekòlte nan benediksyon. Chak
moun, daprè sa l’ te deside nan kè l’, san se pa nan chagren ni nan fòse, sèke
Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye gen pouvwa pou l’ fè nou vin gen
anpil favè, pou nou gen tout sa nou bezwen tout tan, pou nou plen ap ranvèse
nan tout kalite bon aksyon, daprè sa k’ ekri a: “Li separe, li bay pòv yo,
jistis li dire pou tout tan gen tan”.
Sila a k’ap bay semans pou moun
k’ap simen an, k’ap bay pen pou moun k’ap manje a, se li menm k’ap fè semans
nou an vin anpil, k’ap fè plant jistis nou yo grandi, pou nou kapab vin rich
nan tout bagay, pou nou kapab plen nan tout senplisite, sa n’ap fè vin tounen
remèsiman pou Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 9
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la.
Se chans pou moun ki respekte
Granmèt la, ki met anvi l’ anpil nan kòmandman l’ yo. Ras li ap gen pouvwa sou
tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Bèlte ak richès nan kay li, jistis
li dire pou tout tan k’ap gen tan.
Limyè a leve nan fènwa pou moun ki
dwat yo, li gen kè sansib, li pran pitye, li kòrèk.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis
li dire pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan bèlte.R.
LEVANJIL
“Papa ou ki wè nan kote ki kache l’ap renmèt ou sa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Fè atansyon pou nou pa reyalize jistis nou devan lèzòm
pou yo wè nou, otreman nou p’ap gen rekonpans kot Papa nou ki nan syèl la.
Lè w’ap fè lacharite, pa sonnen klewon devan ou, tankou
ipokrit yo fè nan kay reyinyon yo ak nan lari yo, pou moun kapab fè lwanj yo.
An verite mwen di ou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè
lacharite, pa kite men gòch ou konnen sa dwat ou ap fè, pou lacharite w’ la fèt
an kachèt; Papa ou, ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè w’ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen
kanpe pou lapriyè nan kay reyinyon ak nan kwen kalfou yo, pou moun kapab wè yo.
An verite mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap lapriyè,
antre nan chanm ou, fèmen pòt la, lapriyè Papa ou an kachèt; Papa ou ki wè nan
kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa fè tankou ipokrit yo, pou nou tris;
reyèlman vre yo pran min dekonpoze, pou moun kapab wè y’ap fè jèn. An verite
mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè jèn, met losyon
sou tèt ou, lave figi ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, min pou se Papa ou ki
wè, li menm ki nan kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a
renmèt ou sa”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Lavi Jezi ak misyon li
temwaye kalite li genyen kòm yon gwo pwofesè. Jous jounen jodi a, ansèyman
li te bay disip li yo rete pou nou kòm eritaj, pi gwo sous sajès. Plis toujou,
chak fwa nou tande Levanjil la, se pwòp vwa Jezi nou tande. Lansèyman Jezi ba
nou jodi a, se sou lapriyè, lacharite ak jèn. Kidonk, twa bagay ki fondamantal nan pratik relijyon jwif
yo, se charite oubyen lanmou, lapriyè ak jèn. Men pou Jezi sa ki te pi
enpòtan se fason nou pratike bagay sa yo
anndedan Legliz la. Paske Bondye pran plezi l’ nan bagay sa yo lè se avèk
tout kè nou nou pratike yo.
Nan Levanjil la, Jezi ankouraje nou priye san nou
pa monte yon komedi, Jezi envite nou priye nan silans, nan diskresyon, li
montre nou priye a de, (mwen ak Papa Bondye). Li bay ezanp la, chak fwa li te
gen pou l’ reyalize yon bagay ki enpòtan, li te toujou pati sou montay l’al
kominike nan tèt-a-tèt ak Papa li. Se yon relasyon zanmitay, se yon relasyon
filyal ant Papa ak pitit, pa gen plas pou aparans, bwi, dezòd. Sa pa vle di
priye an kominote pa bon, men fè atasyon pou n’ pa tonbe nan tantasyon aparans
pou fè moun wè. Bondye vle nou adore li nan lespri ak nan verite.
Nan «Papa nou…», Jezi mete pawòl nan bouch nou,
Li montre n’ kisa pou nou di lè n’ap priye, men jodi a li montre nou ki atitid
ou dispozisyon nou dwe genyen lè n’ap pale ak Bondye.
Nan dezyèm Lèt li ekri Legliz Korent la, apot Pòl
ki sen an relasyone pataj ak lapriyè e li di nou : «Bondye gen pouvwa pou l’ fè nou vin gen anpil favè, pou nou plen ap ranvèse nan tout kalite bon
aksyon, daprè sa ki akri a : li separe, li bay pòv yo, jistis li dire pou
tout tan gen tan ».
Lapriyè a nesesè nan lavi tout moun, men li pa
sifizan li menm sèlman, li dwe akonpanye ak bon aksyon. Non sèlman nou dwe
priye men tou se pou n’ travay pou jistis Bondye a tabli sou tout fas tè a. Lapriyè
a dwe kite manifeste renmen ak lacharite nan lavi nou. Plis nou priye, plis
aksyon nou yo ap pozitif, puiske, Bondye simen bon semans nan kè nou.
LAPRIYE : Bondye Granmèt mwen, tanpri aprann mwen kominike ak ou ak
yon kè ki sensè, san fent. Nan dyalòg sa a, aprann mwen koute vwa ou. Aprann
mwen obeyi w’. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap pran yon moman silans pou m’ kominike ak
Papa a. M’ap eseye koute sa l’ap di mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario