Páginas

DIMANCH 19

Koulè Vèt
SÈZYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-B
PREMYE LEKTI
"M’ap rasanble rès bann mouton m’ yo, m’ap met yon gadyen sou yo".
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 23, 1-6
"Madichon pou gadyen yo k’ap gaye bann mouton pak mwen an, k’ap devore yo, deklarasyon Granmèt la.
Se pousa men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la pou gadyen yo k’ap okipe pèp mwen an: "Nou menm nou gaye bann mouton m’ yo, nou chase yo, nou pa vizite yo; men mwen menm m’ap vizite mechanste move kalkil nou yo", deklarasyon Granmèt la.
"Mwen menm menm m’ap rasanble rès bann mouton m’ yo sot nan tout tè a, kote mwen te ekzile yo a; m’ap fè yo tounen nan pak zèb yo, y’ap devlope, y’ap vin anpil. M’ap fè gadyen leve sou yo, ki va okipe yo; yo p’ap pè ankò, yo p’ap tranble, youn menm p’ap manke nan bann nan", deklarasyon Granmèt la.
"Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap fè yon desandans kòrèk leve pou David; l’ap kòmande kòm wa, l’ap gen sajès, l’ap fè jijman ak jistis sou tè a. Nan jou sa yo, Jida ap sove, Izrayèl ap abite avèk konfyans: men ki non y’ap rele l’: Granmèt nou an ki kòrèk la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6 (r.: 1)
R/ Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen: nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nam mwen.R.
Li mennen m’ sou tras wout jistis poutèt non l’.
Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’, an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo; ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap ranvèse.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tou lejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li se lapè nou, li menm ki fè tou le de vin tounen yon sèl".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 13-18
Frè m’ yo:
Koulye a menm, nan Jezikri, nou menm ki te lwen lontan an, nou vin tou pre nan san Jezikri a.
Se li menm ki lapè nou, li menm ki fè toulede vin tounen yon sèl la, li kraze miray lantouraj la ki te separe nou an, rayisans la, nan chè li, li siprime obligasyon lalwa kòmandman yo, pou l’ te kapab rasanble toulede nan li menm nan yon moun nouvo, antan l’ fè lapè, li te vle rekonsilye tou le de nan yon sèl kò avèk Bondye pa lantremiz kwa a, antan l’ touye rayisans la nan li menm.
Li vini, li anonse bon nouvèl lapè a ba nou, nou menm ki te lwen yo, epi lapè tou pou sila yo ki te tou pre yo; paske pa lantremiz li menm, nou kapab pwoche nou tou le de nan yon sèl lespri a kot Papa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Yo te tankou mouton ki pa gen gadyen"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 30-34
Lè sa a:
Apot yo rasanble kot Jezi, yo rakonte l’ tout sa yo te fè, ak sa yo te anseye. Li di yo: "Vini apa, yon kote ki pa gen pèsòn, pran yon ti repo". Sèke te si tèlman gen moun ki t’ap ale vini, yo pa t’ gen tan pou yo manje.
Yo monte nan batiman an, y’al nan yon kote ki dezè, ki apa. Lè yo wè y’a prale, anpil moun konprann: yo sòti a pye nan tout vil yo, yo vin rankontre yo la, yo rive anvan yo.
Lè Jezi sòti, li wè anpil foul, li pran pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki pa gen gadyen, li kòmanse ba yo lansèyman anpil.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la envite nou dekouvri kijan sa enpòtan pou nou pran ti repo nan Granmèt la. Apot yo te tounen sot nan misyon ke Jezi te konfye yo. Yo te chase demon, yo te geri malad e yo te preche Bòn nouvèl la. Yo te fatige e Jezi te di yo: «Vini apa, yon kote ki pa gen pèsòn, pran yon ti repo» (Mk 6,31).
Youn nan pi gwo tantasyon nenpòt kretyen kapab tonbe, se lè li vle fè tout bagay antan li neglije relasyon oubyen rapò li genyen ak Granmèt la. Katechèz la raple nou, nan lè lapriyè a, youn nan pi gwo danje se lè nou panse gen lòt bagay ki pi enpòtan ke nou dwe fè epi finalman nou neglije relasyon nou ak Bondye.
Se poutèt sa Jezi di disip li yo, ki te travay anpil, ki te fatige, e ki kontan ke tout bagay te byen pase, fòk yo repoze. Levanjil la di nou «Yo monte nan batiman an, y’al nan yon kote ki dezè, ki apa» (Mk 6,33). Pou yon moun fè yon bon lapriyè, li bezwen omwen de (2) bagay: premyèman, fòk li avèk Jezi, paske se avèk li li pral pale. Fòk li sèten li prezan. Poutèt sa nan tout moman n’ap priye fòk nou ka pran konsyans ke Bondye prezan. Pran konsyans ke nou avèk Li. Dezyèm bagay ki nesesè, se solitid la, sa vle di, nou dwe yon kote ki apa. Si nou vle pale ak yon moun, si nou vle gen yon konvèsasyon entim avèk li, nou chwazi yon kote ki apa.
Sen Pyè Jilyen Eyma te rekòmande nou pran yon ti repo nan Granmèt la aprè lakominyon, e li di nou fè atansyon ak fason n’ap di Bondye mèsi pou nou pa resite fraz oubyen pawòl ke nou te deja kenbe nan tèt nou.
Li te di aprè nou fin resevwa Kò ak San Kris la, sa ki pi bon se rete yon moman an silans pou nou reprann fòs epi kite Jezi pale ak nou nan silans kè nou. Pafwa, angiz nou plede rakonte Jezi pwojè nou, li pi bon pou nou kite li pale ak nou pou li ka ba nou lansèyman ak ankourajman nou.
LAPRIYE: Jezi Granmèt, ou mèt pale avèk mwen, m’ap koute ou.

PWOPOZISYON: Pandan jounen an, m’ap pran yon ti tan pou mwen pale ak Granmèt la yon kote apa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario