Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Y’ap
konnen se mwen menm Granmèt la, lè m’ap fè wè mèvèy mwen sou Faraon".
LEKTI LIV EKZÒD 14, 5-18
Jou sa yo:
Yo pote nouvèl bay wa Ejipsyen yo, yo di l’ pèp la te
sove; kè Faraon chanje ni kè sèvitè l’ yo nan koze pèp la, yo di: "Ki sa
nou te vle fè, pou nou te kite Izrayèl pati, pou l’ pa sèvi nou an?" Li sele kabwèt, li pran tout pèp li a avèk li. Li pran sis san kabwèt ki
solid, ak tout kabwèt ki te nan Lejip la, avèk chèf tout lame yo.
Granmèt la
fèmen kè Faraon wa Lejip la, li rapousuiv pitit Izrayèl yo; pitit Izrayèl yo menm
t’ap kontinye mache avèk men yo byen wo. Lè Ejipsyen yo rapousuiv tras pye sila
yo ki te devan yo, yo dekouvri yo nan kote yo fè poz bò lanmè a; tout kavalye
Faraon yo ak tout kabwèt li yo, ak tout lame a te Pyakiwòt, an fas Baalsefon.
Lè Faraon ap
pwoche, pitit Izrayèl yo leve je yo, yo wè Ejipsyen yo dèyè yo, yo vin pè
anpil; yo pouse rèl kot Granmèt la, yo di Moyiz: "Petèt pa t’ gen kavo nan
Lejip; se pousa ou pran nou, pou nou mouri nan dezè a. Ki sa ou te vle fè la a,
pou ou te fè nou sòti Lejip la? Èske se pa pawòl sa a nou te pale avèk ou nan Lejip
la, lè nou t’ap di: 'Rale kò ou sot sou nou, pou nou sèvi Ejipsyen yo?' Nou te pito
sèvi yo anpil fwa, pase pou nou mouri nan dezè a".
Moyiz di pèp la: "Pa pè; kanpe, n’ap wè mèvèy
Granmèt la ap fè jodi a; Ejipsyen yo nou wè a, nou p’ap wè yo menm ankò. Granmèt la ap batay pou nou, nou menm n’ap ret trankil".
Granmèt la di Moyiz: "Pouki sa w’ap rele kote m’
nan? Pale ak pitit Izrayèl yo pou yo pati. Ou menm leve bagèt ou a, lonje men ou
sou lanmè a, fann li de bò, pou pitit Izrayèl yo mache nan mitan lanmè a kote
ki sèk. Mwen menm m’ap fè kè Ejipsyen yo vin di pou yo rapousuiv nou; m’ap jwenn
mèvèy mwen nan Faraon ak nan tout lame l’ la ak nan machin li yo ak nan kavalye
l’ yo. Ejipsyen yo ap konnen se mwen menm Granmèt la, lè m’ap tire mèvèy mwen
nan Faraon ak nan machin li yo ak nan kavalye l’ yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Egz
15, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: la)
R/ An nou chante pou Granmèt la: paske li fè anpil mèvèy.
An nou chante pou Granmèt la: paske li fè anpil mèvèy:
chwal ak kavalye, li jete yo nan lanmè.
Fòs mwen ak lwanj mwen, se Granmèt la, li vin tounen delivrans
mwen. Li menm se Bondye m’, m’ap fè lwanj li; Bondye papa m’, m’ap fè wè jan l’
gran.R.
Granmèt la tankou yon sòlda, sila a ki gen tout pouvwa a,
se non l’ sa.
Machin Faraon ak lame l’, li jete yo nan lanmè; pi gran
chèf li yo, yo nwaye nan lanmè Wouj la.R.
Bafon an kouvri yo; yo desann nan bafon an tankou wòch.
Men dwat ou, Granmèt, fè mèvèy ak fòs; men dwat ou,
Granmèt, frape lènmi an.R.
LEVANJIL
"Larenn
nan Sid la ap leve nan jijman avèk jenerasyon sa a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 12, 38-
42
Lè sa a:
Gen detwa nan
pwofesè lalwa yo ak nan farizyen yo ki pale ak Jezi, yo di: "Mèt, nou vle wè
yon siy ou fè". Li reponn, li di yo:
"Yon jenerasyon
move, ki adiltè, ap mande siy; yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Reyèlman
vre, menm jan Jonas te nan vant labalèn nan pandan twa jou ak twa nuit, se
konsa Pitit moun nan ap nan kè tè a pandan twa jou ak twa nuit.
Moun Niniv yo ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa a,
y’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis pase
Jonas isit la.
Larenn nan Sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon
sa a l’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis
pase Jonas isit la. Larenn nan Sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa a,
l’ap kondane l’; paske li te vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon:
men gen plis pase Salomon isit la".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nan
Levanjil la, pwofesè Lalwa yo ak farizyen yo mande Jezi yon siy, yon mirak, ki
montre yo ke li sòti kote Bondye (Mt 12,38). Jezi te deja bay prèv, li te bay ase
pou li te montre se nan Bondye li te sòti, men tou pou li te pwouve se Bondye
li te ye. Men malgre sa pwofesè Lalwa ak farizyen yo t’ap ekzije l’ plis
toujou: kèlkeswa sa Jezi te fè, yo t’ap toujou pa kwè.
Avèk yon langaj pwofetik, Jezi fè referans ak yon siy
nan Ansyen Testaman an, pou li anonse lanmò ak rezireksyon li: «Menm jan Jonas te nan vant labalèn nan
pandan twa jou ak twa nuit, se konsa Pitit moun nan ap nan kè tè a pandan twa
jou ak twa nuit» (Mt 12,4).
Granmesi konvèsyon ak penitans yo fè, moun Niniv yo
refè zanmitay ak Bondye. Nou menm tou, gras ak konvèsyon, penitans ak batèm,
nou te plonje nan tonbo avèk Kris la, e nou rete nan Li, pou Li, kounye a e pou
tout tan, antan nou fè yon gwo «pa» paskal: nou sòti nan lanmò pou antre nan
lavi, nou sòti nan peche pou nou antre nan lagras la. Nou kase chenn esklavaj demon an e nou tounen pitit Bondye. Se mirak sa
ki temwaye lafwa ak esperans nou genyen pou nou viv nan renmen tankou Bondye
vle, pou nou ka gen Bondye, ki se Lanmou san mezi a.
Gran mirak
la, kèlkeswa se mirak Pak Jezi a, oubyen mirak batèm nou, pèsonn pa wè li,
paske Jezi sòti byen vivan nan kavo a. E nou menm nou sòti nan peche a, nou
plen ak lagras Bondye. Nou kwè e n’ap viv antan n’ap fè atansyon pou nou pa
tonbe nan doute menm jan ak sila yo ki vle wè avan yo kwè. Pou nou menm
rezireksyon Granmèt la sifi, puiske li fè gwo eko sou tout moun ak sou
kreyasyon an, e li lakòz tèlman anpil mirak lagras!
Lavyèj Mari ki te si tèlman gen konfyans nan pawòl
Bondye a, li pa t’ oblije kouri ale nan kavo a pou li te vide pafen sou kò
Pitit li e pou li te verifye ke kavo a te vid: tou senpleman li te kwè e li te
wè.
LAPRIYÈ: Jezi, mwen
kwè nan ou, mwen adore ou e mwen renmen ou. Mwen mande w’
padon pou moun ki pa kwè nan ou e ki pa adore w’. Ou menm ki vivan jodi a e pou
tout tan.
PWOPOZISYON: Dekouvri siy prezans Bondye nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario