Páginas

DIMANCH 26

Koulè Vèt
DISETYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-B
PREMYE LEKTI
"Y’ap manje, ap gen rès".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 4, 42-44
Jou sa yo:
Gen yon mesye ki vin sot Baal-Salisa, li pote kado bay moun Bondye a, Elize, pen ki fèt ak premye ble yo, ven pen lòj, ak ble nouvo nan sak li. Li menm li di: "Bay pèp la, pou l’ manje". Sèvitè l’ la reponn li: "Konbyen sa a ye, pou m’ sèvi san moun?"
Li di yon lòt fwa ankò: "Bay pèp la, pou l’ manje; sèke men sa Granmèt la di: 'Y’ap manje, ap gen rès' ". Konsa li sèvi yo; yo manje, epi gen rès daprè pawòl Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 15-16. 17-18 (r.: cf. 16)
R/ Ou louvri men ou, Granmèt, ou ba nou manje vant plen.
Tout sa ou fè yo, Granmèt, y’ap fè lwanj ou; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Je yo tout ap espere sou ou, ou menm ou ba yo manje lè tan an rive.
Ou louvri men ou, ou plen tout vivan ak byen.R.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo, li sin nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
DEZYÈM LEKTI
"Yon sèl kò, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 1-6
Frè m’ yo:
Mwen lapriyè nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou nou mache daprè direksyon yo rele nou an; antan nou tou piti, tou dou, nan kè n’, se pou nou pran pasyans pou nou youn sipòte lòt nan renmen an; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la nan chenn lapè a:
Tankou yo refè nou nan yon sèl espwa, se yon sèl kò ak yon sèl Lespri ki genyen; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay epi ki nan nou tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li separe bay moun ki te sou tab yo, toutotan yo te vle".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 1-15
Lè sa a:
Jezi al lòt bò lanmè Lagalile a, se lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn nan, li chita la avèk disip li yo. Pak la, jou fèt Juif yo, te tou pre.
Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul ki t’ap vin jwenn li, li di Filip: "Ki kote n’ap achte pen, pou moun sa yo manje?" Li te di sa pou l’ eseye l’; li menm menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè.
Filip reponn li: "Desan goud pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon ti moso".
Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: "Gen yon ti gason isit la, ki gen senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye pou tout pakèt moun sa yo?"
Jezi di: "Fè moun yo kouche". Te gen anpil zèb kote sa a. Mesye yo kouche, yo te senk mil.
Jezi pran pen yo, li di Bondye mèsi, li separe bay moun ki te kouche yo, li fè menm jan pou pwason yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje vant plen, li di disip li yo: "Ranmase moso ki ret an plis yo, pou yo pa pèdi". Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak moso senk pen lòj yo, ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a.
Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te fè, yo t’ap di: "Sila a se pwofèt la tout bon vre, ki te gen pou l’ vin sou tè a".
Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan, li menm pou kont li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou kapab kontanple kòman kè nou kapab aprann renmen Bondye ak lòt yo an menm tan.
Jeneralman, lanmou an manifeste nan kè nou ofi-e-a mezi ke lòt yo atire nou, nan jan yo senpatik ak nou ak nan jan yo manifeste bonte yo anvè nou. Se ekzanp sa nou genyen avèk «nèg ki gen senk pen lòj ak de pwason an» (Jn 6,9). Li bay Jezi tout sa li genyen, pen yo ak pwason yo, paske li kite Jezi atire li. Èske mwen menm mwen kite Granmèt la atire mwen?
Answit, lè yon moun santi yo renmen li, li menm tou li tonbe damou. Levanjil la di «Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo» (Jn 6,2). Jezi t’ap koute yo, li te prete yo anpil atansyon, paske Li te konnen bezwen yo.
Jezi gen yon gwo atirans pou mwen e Li vle mwen reyalize mwen kòm moun e kòm pitit Bondye. Li renmen mwen jan mwen ye a, avèk mizè mwen, paske mwen mande li gen pitye pou mwen e, avèk konkou li, m’ap kontinye fè sa mwen kapab.
«Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan, li menm pou kont li» (Jn 6, 15).
Yon moun kapab reyalize lanmou an tout bon vre lè li pran plezi nan bay tèt li pou sèvis lòt yo, lè li chèche byen lòt yo, san li pa espere okenn rekonpans, menm si sa mande li anpil sakrifis.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki fè nou patisipe nan kokenn mirak Lekaristi a, tanpri fè nou santi prezans ou, vin viv ak nou, rete nan nou, pou nou kapab wè ou, pou nou kapab touche ou, santi ou, pou nou toujou gen anvi rete bò kote ou, pou ou kapab dirije lavi nou ak travay nou.

PWOPOZISYON: Aprann renmen lòt yo nan fason m’ap pataje sa m’ genyen avèk yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario