Koulè Wouj
JAK KI SEN, Apot (Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Wa Ewòd fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe”.
NAN TRAVAY APOT YO 4,33; 5,12.27-33; 12,2
Se avèk anpil
pouvwa apòt yo t'ap bay prèv kijan Bondye te leve Jezi fè l’ soti vivan nan
lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l’ an kantite sou yo tout. Apòt yo t’ap
fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm
anba Galeri Salomon an. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran
Konsèy la. Epi gran prèt la pran poze yo keksyon. Li di yo: Èske nou pa t’
defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n’ fè. Nou gaye pawòl nou
yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak
lòt apòt yo reponn li: Se pou n’ obeyi Bondye pase pou n’ obeyi moun. Bondye
zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n’
te kloure l’ sou kwa a. Bondye fè l’ monte chita sou bò dwat li, li mete l’
Chèf sou nou, li fè l’ delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl
chans pou l’ tounen vin jwenn Bondye, pou l’ resevwa padon pou peche l’ yo. Nou se temwen
tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l’
yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran
Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te an kòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Nan
menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan Legliz la. Li fè touye Jak,
frè Jan an, ak nepe.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3.
5. 7-8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè
lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou ;
se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, sove
ou sove a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije
pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni
nou, Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a
respekte l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Tout tan n’ap
pote lanmò Jezi nan kò nou”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 4, 7-15
Frè m’ yo:
Nou gen trezò a nan veso pòslèn, pou glwa a soti nan
pouvwa Bondye, men pa nan nou. Nan tout okazyon se tray n’ap pase, men nou pa
kraze; nou pa konn kote pou nou vire kò nou, men nou pa dezespere; n’ap sibi
pèsekisyon men nou pa abandone pou kont nou; yo jete nou atè, men nou pa peri;
tout tan se soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan
kò nou. Tout tan reyèlman, nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa t’ lanmò
poutèt Jezi, pou lavi Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a. Konsa lanmò a ap
travay nan nou bò isit epi lavi a nan nou menm lòt bò.Men nou gen espri lafwa
a, jan sa ekri a: “Mwen kwè, se pousa mwen pale”; nou menm tou nou kwè se
poutèt sa n’ap pale, antan nou konnen sa a ki leve Jezi a, l’ap leve nou avèk
Jezi, l’ap mete n’ avèk nou. Tout sa poutèt nou menm lòt bò a, pou gras la vin
an kantite pou anpil moun, pou l’ fè yo fè anpil konpliman pou glwa Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“N’ap bwè
kalis mwen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 20-28
Lè sa a:
Manman pitit Zebede yo pwoche ak pitit li yo kot Jezi,
li adore l’, li mande l’ kichòy. Jezi di l’: “Kisa ou vle?”
Li menm li di: “Di pou de pitit mwen sa yo chita, youn
adwat ou, lòt la agòch ou, nan rèy ou an”.
Jezi reponn, li di: “Nou pa konnen sa n’ap mande a.
Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè a?”
Yo di: “Nou kapab”.
Li di yo: “Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men chita adwat
mwen oubyen agòch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun
yo Papa m’ pare l’ la”.
Lè dis lòt yo tande sa, yo fè kòlè kont de frè yo. Jezi
menm rele yo kote l’, li di: “Nou konnen chèf nasyon yo kòmande sou yo, gran yo
fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou, men nenpòt ki moun ki
vle vin pi gran nan pami nou, se pou l’ vin sèvitè nou; epi moun ki vle vin
premye nan pami nou, se pou l’ esklav nou. Konsa Pitit moun nan pa t’ vini pou
l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi epi pou l’ renmèt lavi l’ kòm redanmsyon pou
tout pakèt moun yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kèk jou aprè Rezireksyon Jezi, swa senkant jou aprè,
Apot yo te ranpli ak pouvwa Lespri Sen an. Se te Lapannkòt. Lespri
a te vin kraze tout move fòs laperèz ki te anvayi yo, e ki te fè yo fèmen pòt
kay yo byen di pou sa ki te pase Jezi sou kwa a pa t’ rive yo tou. Men lè yo te
plen ak fòs Lespri Sen an, yo pa t’ gen laperèz ankò e yo te kapab ale nan
misyon tout kote, pou yo temwaye gwo mèvèy laviktwa lavi te ranpòte sou lanmò
a. Yo pa t’ kapab rete bouch be pou yo pa pale sa yo te wè ak sa yo te tande.
Yo te vin tankou moun nou abitye rele alèlè yo! Nou konnen nan langaj lakay
nou, langaj Pèp Ayisyen, lè yo di yon moun alèlè kisa sa vle di: ebyen se yon
moun ki pa kapab fin wè oubyen tande yon bagay epi pou li rete san li pa pale
sa li wè a oubyen sa li tande a. Lespri Sen te fè mesye yo alèlè, e li fè yo
pale ak gwo vwa ak otorite menm devan lènmi yo a ki te mete entèdiksyon pou yo
pa t’ nonmen non nèg ki te rele Jezi a. Kontèks Apot yo t’ap viv nan premye
syèk la, se pa t’ yon kontèks ki te fasil ditou, paske tout kretyen te riske
pèdi lavi yo. Puiske Apot yo t’ap pale de wayòm, de gouvènman Bondye ki pa
lwen, wa Ewòd ki te jalou anpil pou pouvwa li t’ap menase yo, li te vle fè yo
pe bouch yo. Li te fè yo parèt devan gwo konsèy jij yo pou yo te kapab kondane
yo; men mesye yo te santi yo te gen plis fòs ak detèminasyon toujou e yo te
kontinye gaye bòn nouvèl ak yon ton ki wo, yon ton ki brav. Devan menas prizon
ak lanmò, mesye yo te chwazi fè yon chwa e yo te chwazi obeyi Bondye olye ke yo
te obeyi Ewòd. Mesaj yo t’ap livre a te byen defini: “Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te
fè touye lè n’ te kloure l’ sou kwa a. Bondye fè l’ monte chita sou bò dwat li,
li mete l’ Chèf sou nou, li fè l’ delivre nou”. Pawòl sa yo te mal tonbe
nan zòrèy wa Ewòd, paske li te santi se te yon menas pou pouvwa li a. Men mesye
yo pa t’ dekouraje paske yo te kwè nan pawòl sa yo: “…tout tan se
soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan kò nou...nou
menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa t’ lanmò poutèt Jezi, pou lavi Jezi a
parèt nan chè nou k’ap mouri a… “Mwen kwè, se pousa mwen pale”;… sa a ki leve
Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi”. Se nan kontèks sa Ewòd te fè matirize
Apot Jak, frè Jan, ke Legliz la ap fete jodi a. Se premye Apot ki te mouri mati
anba kout kouto. Li te touye Jak paske se li menm ki te pi cho nan predikasyon
Levanjil la, nan anons wayòm Bondye a ki gen pou tabli definitivman nan dezyèm
vini Jezi gen pou li fè a. Legliz la ap
rann Jak yon gwo omaj jodi a, pou semans Levanjil la ki kontinye ap pote fwi.
Jak se yon bèl ekzanp lafwa ak fidelide nan sèvis Bondye ke nou dwe suiv. Kòm
batize nou dwe travay menm jan ak li, san gade dèyè; konsa yon jou n’a fete nan
syèl la, ansanm ak li, ansanm ak tout zanj yo ki pa janm sispann chante lwanj
ak konpliman pou Bondye. Amèn
LAPRIYÈ:
Granmèt, anpil fwa mwen konn pe bouch mwen lè mwen dwe denonse sa ki mal k’ap pase
nan fanmi mwen, nan antouraj mwen osinon nan sosyete a. Se yon atitid ki fè
mwen bliye misyon mwen genyen kòm pwofèt ak wa ke mwen te resevwa depi jou
batèm mwen. Tanpri jodi a, ban mwen fòs Lespri ou a pou mwen kapab temwaye mèvèy
ou yo.
PWOPOZISYON: Sèvi Jezi temwen menm si yo pa
koute ou, menm si yo menase ou. Rekonpans ou ap gran nan syèl la. Pa pè pale,
pa pè aji chak fwa ou dwe fè sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario