Koulè
Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Yo bay lalwa
a pa lantremiz Moyiz”.
NAN LIV EGZÒD 20, 1-17
Jou sa yo: Granmèt la pale tout pawòl sa yo:
“Mwen se Granmèt Bondye w’ la, ki te fè ou soti nan
peyi Lejip la, nan kay esklavaj la.
Ou p’ap gen dye etranje devan m’. Ou p’ap fè pòtre
zidòl, ni okenn pòtre bagay ki nan syèl la anwo a osinon ki sou tè a anba a, ni
bagay ki nan dlo yo anba tè a. Ou p’ap adore yo, ou p’ap fè sèvis pou yo. Se
mwen menm Granmèt Bondye w’ la, ki fò, ki jalou, ki vin ekzaminen fot papa yo
nan pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon nan moun yo ki rayi m’ yo, epi
ki fè kè m sansib pou mil jenerasyon pou moun ki renmen m’ yo, ki kenbe lòd
mwen yo.
Ou p’ap sèvi ak non Granmèt Bondye w’ la pou granmesi;
sèke Granmèt pa kite moun sa a san pinisyon, sa k’ sèvi ak non Granmèt Bondye
l’ la pou granmesi a.
Sonje pou ou fè wè jan jou saba a sen. Pandan sis jou
w’ap travay, w’ap fè tout travay ou; setyèm jou a menm se saba Granmèt Bondye
w’ la; ou p’ap fè okenn travay nan li, ni ou menm ni pitit gason ou, ni pitit
fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèt chaj ou, ni etranje ki anndan lavil
ou yo. Pandan sis jou Granmèt la te fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’
nan yo, epi li repoze nan setyèm jou a: se pousa Granmèt la beni jou sa a, li
fè l’ sen.
Respekte papa ou ak manman ou, pou ou viv lontan sou tè a, sa Granmèt
Bondye w’ la ap ba ou a.
Ou p’ap touye.
Ou p’ap fè adiltè.
Ou p’ap vòlè.
Ou p’ap pale kont pwochen ou pou fè depozisyon ki pa laverite.
Ou p’ap anvi kay pwochen ou; ou p’ap met lide ou sou madanm li, ni
sèvitè l’, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou li”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11
R/ Granmèt, ou gen pawòl lavi tout tan an.
Lalwa Granmèt
la san tach, li refè nanm, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis
Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
jijman Granmèt la vrè, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi
dous pase siwo myèl ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Moun ki
koute pawòl la, ki konprann li, li donnen fwi”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 18-23
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Nou menm,
koute parabòl moun k’ap simen an. Tout moun ki koute pawòl rèy nan, epi ki pa
mete l’ nan kè l’ pou l’ konprann li, move a rive, li pran sa yo te simen nan
kè l’ la. Sila a se sa k’ simen sou bò chemen an.
Sa k’ simen
sou teren wòch la menm, se sa k’ tande pawòl la, menm lè a li resevwa l’ avèk
kè kontan; sèlman li pa gen rasin, se pou yon tan li sou sa: lè vin gen tray ak
pèsekisyon poutèt pawòl la, menm lè a li bite.
Sila a menm ki simen nan pikan yo, se sa k’ tande pawòl
la, sèlman tèt chaje syèk tan sa a avèk atirans richès yo toufe pawòl la, li
rete san fwi.
Sila a ki simen nan bon tè a, se sa k’ tande pawòl la,
ki mete l’ nan kè l’ pou l’ chèche konprann li: li donnen fwi, li fè yon pòsyon
san fwa plis, yon lòt swasant, yon lòt menm trant”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Meditasyon n’ pou
jodi a ap ede nou pou n’ renmen Bondye ak tout sa nou ye. Paske pa gen lòt
Bondye pou n’ renmen ak tout kè nou, Bondye nou genyen an se Bondye ki fidèl e
ki gade pwomès li, malgre dezobeyisans nou, malgre nou chire kè li, nou vire do
ba li, li menm li toujou sonje pwomès li te pase avèk pèp li a se kontra renmen
an: nou menm, si Bondye renmen nou konsa, kisa pou nou fè? Se pou nou renmen li
tou, li fin kreye nou, epi li sove nou; tout sa se pou montre nou prèv jan l’
renmen nou, li pa ta renmen nou youn pèdi, se menm jan
ak yon fiyanse ki pase yon kontra nan maryaj: se moun sa a li chwazi, li pa ta
renmen okenn lòt moun pran l’ nan men l’. Se poutèt sa youn toujou ap fè jalou
pou lòt, se konsa Bondye li menm konsidere nou.
Zanmi mwen, an nou rete fidèl nan remen sa a. Jodi a nou menm ki te vire do
bay Granmèt la, kase tèt tounen vin jwenn li. Anpil fwa Jezi pale avèk nou an
parabòl kote li konpare pawòl la avèk yon seri de bagay vizib pou n’ kab
konprann pi byen, tankou li pran tè a, li pran grenn paske li konnen nou konn
fè jaden, nou konn plante, mayi, pwa, pitimi; nou simen tout bagay sa yo; fòk
nou deplwaye entèlijans nou pou n’ konprann: se vre tout sa Jezi eksplike nan
Levanjil Matye a rive vre.
Anpil fwa nou tande pawòl la, men nou pa konprann li; malveyan an menm vini
li wete l’ nan kè nou, epi nou bliye nèt: sa a se grenn ki te tonbe bò chemen
an; sa ki te tonbe sou wòch la menm, se moun ki tande pawòl la, men sa pa di l’
anyen, li kontan resevwa l’, pita mande l’ sa l’ te tande nan pawòl la, anyen
pa rete. Se yon grenn ki pa pouse rasin, konsa lè tout pwoblèm lavi a,
pèsekisyon, tribilasyon, kòmanse, li tonbe paske li pa t’ byen kore, rasin nan
sèch; grenn ki tonbe nan pikan an, se lè nou tande pawòl la, men nou pè
pwoblèm, kou nou nan traka, nou toufe pawòl la, lè sa a li pa pakab pote fwi.
Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki koute pawòl la, epi ki chèche konprann
li, epi mete l’ an pratik, jistan li donnen anpil. Se menm jan an Bondye
respekte libète tout moun avèk pasyans: nou menm tou pran ekzanp sou li, se pa
nou ki pou deside sa ki bon ak sa ki mal, kite Bondye li menm dirije lavi nou
pou nou kab donnen anpil.
LAPRIYÈ: Bonye Granmèt, tanpri fè mwen tounen yon bon tè pou semanas
pawòl ou a chak jou nan lavi mwen, pou mwen kapab pote fwi renmen, jistis, kè
kontan ak lapè pou tout moun k’ap viv bò kote mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: Simen pawòl Bondye a tout kote, menm si ou pa konnen
nan ki kalite teren l’ap tonbe. Se Granmèt ki konnen ki randman sa ka pote.
No hay comentarios:
Publicar un comentario