Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt
la desann devan tout pèp la sou mòn Sinayi a".
LEKTI LIV EGZÒD 19, 1-2. 9-11. 16-20b
Sou twazyèm mwa lè Izrayèl te fin sòti nan peyi Lejip
la, jou sa a yo rive nan dezè Sinayi a. Sèke yo te pati sot Rafidim, yo te rive
jous nan dezè Sinayi a, yo te poze joupa yo nan kote sa a, Izrayèl te fikse
joupa l’ anfas rejyon mòn nan.
Granmèt la di Moyiz: "Koulye a m’ap vini kote ou
nan vwal nyaj la, pou pèp la tande m’ap pale avèk ou, pou l’ kwè nan ou tout
tan".
Moyiz anonse pawòl pèp la bay Granmèt la, ki di l’:
"Al kot pèp la, fè yo vin sen jodi a ak demen; se pou yo lave rad yo, pou
yo pare nan twazyèm jou a; sèke nan twazyèm jou a Granmèt la ap desann devan
tout pèp la sou mòn Sinayi a".
Lè twazyèm jou a rive, granmaten t’ap klere; yo kòmanse
tande bwi loraj, yo wè zèklè k’ap flanbe, ak nyaj epè ki vlope mòn nan, son twonpèt
la t’ap kònen pi fò tout tan; pèp la ki te nan kote yo te poze joupa yo, li vin
pè. Lè Moyiz fè yo sòti al rankontre Bondye sot nan kote joupa yo te ye a, yo
kanpe nan pye mòn nan.
Tout mòn Sinayi a t’ap fè lafimen, paske Granmèt la te
desann sou li nan dife a, epi lafimen an t’ap monte sot sou li tankou sot nan
founèz; tout mòn nan te terib. Son twonpèt
la t’ap gonfle pi plis ofi-amezi, epi li ret dire anpil. Moyiz t’ap pale. Bondye
t’ap reponn li.
Granmèt la desann
sou mòn Sinayi a sou tèt mòn nan menm, li rele Moyiz nan pwent tèt mòn nan.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 52. 53. 54. 55. 56
R/ Ou merite lwanj, ou merite bèlte, ou depase tout wotè pou tout tan.
Konpliman pou
non bèlte ou ki sen an,
R/ Ou merite lwanj,
ou merite bèlte, ou depase tout wotè pout tout tan.
Konpliman pou
ou, Granmèt, Bondye zansèt nou yo,
Konpliman pou
ou nan kay sakre bèlte ou la ki sen an,
R/Ou merite lwanj
depase, ou anlè tout bèlte pou tout tan.
Konpliman pou
ou nan fotèy rèy ou an,
R/ Ou merite lwanj depase, ou anlè tout bèlte pou tout tan.
Konpliman pou
ou, ki ekzamine bafon yo, ki chita anlè Cheriben yo,
R/ Ou merite lwanj, ou anlè tout bèlte pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite lwanj,
ou merite bèlte pou tout tan.
LEVANJIL
"Yo fè
nou favè pou nou konnen mèvèy syèl la, men sila yo menm yo pa ba yo favè
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 13,10-17
Lè sa a: disip yo pwoche, yo di Jezi:
"Pouki sa se an parabòl w’ap pale avèk yo a?"
Li reponn, li di yo: "Paske nou menm yo fè nou
favè pou nou konnen mèvèy rèy syèl yo, men sila yo menm yo pa fè yo favè sa a.
Moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; men moun ki pa genyen, menm sa l’ genyen
an, y’ap wete l’ nan men l’. Se pousa se an parabòl m’ap pale avèk yo, paske yo
gade san yo pa wè, yo koute san yo pa tande, ni yo pa konprann. Deklarasyon
Izayi te fè kòm pwofèt la reyalize, lè l’ di:
'Nou mèt koute byen koute, nou p’ap konprann; nou mèt
gade byen gade, nou p’ap wè. Kè pèp sa a lou: zòrèy yo tande di, je yo fèmen;
pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande ak zòrèy yo, pou yo pa konprann ak kè
yo, pou yo pa chanje konduit, epi pou m’ pa geri yo".
Kanta nou menm menm, se chans pou je nou, paske yo wè; epi
zòrèy nou, paske yo tande. An verite mwen di nou, anpil pwofèt ak moun kòrèk te
anvi wè sa nou wè yo, men yo pa t’ wè yo; yo te anvi tande sa n’ap tande yo, men
yo pa t’ tande yo".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye pa janm bouke pale avèk pèp li a, li itilize plizyè mwayen pou li
kominike ak li nan plizyè moman. An nou gade kòman Bondye kominike ak pèp li a
jodi a: Nan premye lekti a Bondye pale avèk Moyiz pandan pèp la kanpe nan pye mòn
Sinayi ap tande. Depi lè Izrayèl kite Legip se Moyiz k’ap gide l’, men chak
difikilte ki prezante li plenyen kont li, gen moman menm yo konn mande fini ak
lavi l’.
Granmèt la
dyaloge ak Moyiz pou fè Izrayèl konnen volonte li. Se Bondye
k’ap aji, Moyiz se yon senp entèmedyè. Se Bondye k’ap akonpaye ak gide pèp li
a, Moyiz se yon senp gid.
Nan levanjil la, Jezi ap pale ak foul moun yo an parabòl.
Disip yo mande Jezi poukisa li pale ak foul la an parabòl pandan setan avèk yo
li pale klè. Granmèt la reponn: «Paske
nou menm yo fè nou favè pou nou konnen mèvèy rèy syèl yo, men sila yo menm yo
pa fè yo favè sa a. Moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; men moun ki pa
genyen, menm sa l’ genyen an, y’ap wete l’ nan men l’».
Jezi preche ak otorite, li anplwaye yon bon metòd
pedagojik avèk foul sa ki te abitye avèk tande predikasyon nan kay reyinyon an,
avèk refleksyon liv nan Ansyen Testaman, avèk istwa yo.
LAPRIYE:
Tanpri Bondye, pèmèt zòrèy mwen, kè mwen ak tout sans mwen yo ouvri pou pawòl
ou a. Pèmèt mwen obeyi w’, dekwa pou m’ ka viv nan lagras ou.
Amèn.
PWOPOZISYON: Lekti Labib
se youn nan mwayen pou n’ antre an kontak ak pawol la. Mwen bezwen li l pou m
toujou gen mesaj lavi an aksyon nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario