Koulè Blan
MARI-MADLÈN KI SEN
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen jwenn sa a nanm mwen renmen an”.
NAN KANTIK KANTIK YO 3, l-4a
Men pawòl madanm ki fèk marye a: “Sou kabann mwen,
nannuit mwen chèche sa a nanm mwen renmen an; mwen chèche l’, mwen pa jwenn li.
M’ap leve, m’ap fè tout tou vil la, nan lari ak sou plas la, m’ap chèche sa a
nanm mwen renmen an: mwen chèche l’, mwen pa jwenn li. Gad yo rankontre m’, yo menm k’ap veye vil
la: “Èske nou wè sa a nanm mwen renmen an?” Kon m’ fin kite yo, mwen jwenn sa a
nanm mwen renmen an”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 62, 2.3-4. 5-6. 8-9
R/ Nanm mwen swaf ou, Bondye m’.
Bondye, se Bondye m’ ou ye; se kote ou m’ap veye depi
granmaten. Nanm mwen swaf ou, chè mwen anvi ou. Nan dezè a ki sèk la, ki san
dlo a.R.
Se konsa mwen parèt devan ou nan Tanp la, pou m’ wè fòs
ou ak glwa ou. Sèke mizerikòd ou pi bon pase
lavi, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè
konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’. Tankou ak vyann ak bon
manje gra nanm mwen plen, ak pawòl fèt, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Paske ou pote
m’ sekou, anba vwal zèl ou m’ap fete. Nanm mwen kole apre ou, men dwat ou soutni
m’.R.
LEVANJIL
“Madanm, pouki sa w’ap kriye? Ki moun w’ap chèche?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20,
1.11-18
Premye jou
semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten nan kavo a, pandan l’ te fè nwa toujou:
li wè wòch la leve sot nan kavo a. Mari menm kanpe bò kavo a deyò, l’ap kriye.
Pandan l’ap kriye, li panche, li ekzamine nan kavo a: li wè de zanj abiye tout
an blan, ki chita, youn nan tèt la ak lòt la nan pye yo, kote yo te poze kò
Jezi a. Yo di l’: “Madanm, pouki sa w’ap
kriye?” Li di yo: “Se paske yo pran
Granmèt mwen an, epi mwen pa konnen kote yo depoze l’”. Pandan li t’ap di sa,
li vire gade dèyè, li wè Jezi kanpe; li pa t’ konnen se te Jezi.
Jezi di l’:
“Madanm, pouki sa w’ap kriye? Ki moun w’ap chèche?” Li menm, li te konprann se
te jeran an, li di l’: “Granmèt, si se ou menm ki wete l’, di m’ kote ou depoze
l’, m’a pran li”. Jezi di l’:
“Mari”. Li vire, li di l’: “Raboni (sa
vle di mèt)!” Jezi di l’: “Pa touche m’,
mwen pa ko monte kot Papa m’. Men al kot frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa
m’ ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak Bondye nou an”. Mari Madlèn rive, li anonse
disip yo: “Mwen wè Granmèt la, men sa li di m’”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Se pa Apot yo sèlman ki te gen
privilèj wè vizaj Jezi ki te leve byen vivan an. Levanjil jodi a ap raple nou
gen kèk medam ki te wè li tou, e yo te wè li avan Apot yo. Medam yo se premye
temwen rezireksyon an. Jodi a, Legliz la ap sonje youn nan fanm ki te toujou
kanpe ak Jezi nan tout moman nan lavi li: Mari Madlèn. Se te yon fanm ki te fè
anpil peche, men ki te fè yon gwo rankont ak Jezi e depi lè sa li te ouvri kè
li pou sous lagras Bondye a te kapab koule nan lavi li. Li te konsidere Jezi
kòm pi bon zanmi li. Se poutèt sa Levanjil la di nou: premye jou
semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten nan kavo a, pandan l’ te fè nwa toujou;
li te ansanm ak Mari yo t’ap lamante lanmò Jezi, yo te santi anpil chagren ak
tristès nan fon kè yo, yo t’ap plenn, dlo t’ap sot nan je yo san rete paske yo
te pèdi pi bon zanmi yo a.
Nan moman dezolasyon sa a, Mari
Madlèn te fè yon rankont ekstrawòdinè avèk de zanj, epi, dyalòg li pot ko menm
fini ak zanj yo, lè li vire tèt li gade dèyè li wè Jezi kanpe e li pa t’ konnen
si se te li menm, malgre Jezi t’ap dyaloge ak li. Mari Madlèn te panse se te
jeran simityè a ki t’ap pale ak li, lè Jezi te poze li kesyon pou li mande li
pou ki rezon l’ap kriye epi ki moun l’ap chèche.
Anpil fwa tou, sa konn rive nou, nou
konn dekouraje, nou konn ap chèche yon bagay, poutan sa n’ap chèche, sa konn
rive li pa twò lwen nou. Se sa ekzakteman ki te rive pou Mari ak Mari Madlèn ki
t’ap mennen envestigasyon pou yo te konnen ki kote kò Jezi ye pou yo te kapab
anbome li ak pafen. Jezi te kite yo jwenn li e li te refè fòs yo, li te ba yo
kouraj e li te voye yo nan misyon. Medam yo te kontan paske yo te jwenn sa nanm
yo te renmen an!
Sen Ogisten tou te montre nou kòman vrè repo a se nan
Granmèt la nou kapab jwenn li. Li te di: “Nanm mwen p’ap janm jwenn repo
toutotan li pa repoze nan ou, Granmèt”. Sa se pi gwo swaf nan nan genyen, se
rive jwenn ak Granmèt la. Se kalite swaf sa a nou jwenn ki eksprime nan sòm 62
ke n’ap medite jodi a: Nanm mwen swaf ou, Bondye m’. Tout bagay soti nan Bondye, tout bagay se pou Bondye, tout bagay ekziste
nan Bondye. An nou di Granmèt la se li
nou vle, paske se li menm sèl ki Laverite, tout bagay mèt pase, li menm l’ap
toujou kanpe.
LAPRIYÈ: Granmèt, menm jan
ak Mari ak Mari Madlèn, anpil fwa nou konn santi nou dezole. Nou konn pa santi
prezans ou ki pou rekonfòte nou. Men jodi a, ede nou kwè tout bon vre, avan nou
menm n’al chèche ou, se ou menm menm ki vini rankontre pou ou kapab ba nou
asirans ak kouraj. Ede nou dekouvri prezans ou nan tout moman difisil n’ap viv
nan lavi nou. Pa pouvwa Jezikri, Pitit ou. Amèn
PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki swaf prezans Granmèt la, tankou yon
prizonye, yon malad, oubyen yon moun ki gen yon ka lanmò. Pataje yon bagay ak
yon moun ou konnen ki nan nesesite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario