Koulè
Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Se pou
delivrans nou Bondye voye m’ Lejip la”.
NAN LIV LAJENÈZ 44, 18-21. 23b-29; 45, 1-5
Jou sa yo:
Jida pwoche pi pre, li di Jozèf avèk asirans: “Tanpri,
Granmèt mwen, kite sèvite w’ di yon pawòl nan zòrèy ou, pa fache kont sèvitè
ou; sèke ou menm, apre Farawon, se Granmèt mwen. Ou te poze sèvitè w’ yo kesyon
anvan: “Èske nou gen yon frè?” Nou te reponn ou, mèt mwen: “Nou gen yon papa ki
vye, ak yon frè ki tou piti, ki fèt pandan papa nou vye granmoun nan; frè ki
menm manman avèk li a mouri; se li menm sèl manman l’ genyen, papa l’ menm
renmen l’ anpil”.
Ou te di sèvitè w’ yo: “Mennen l’ ban mwen, m’ap poze
je m’ sou li. Si ti frè nou an pa vini avèk nou, nou p’ap wè fas mwen ankò”.
Men lè nou te monte kot sèvitè ou papa nou, nou te
rakonte l’ tout sa mèt nou te di. Papa nou te di: “Tounen, achte yon ti ble pou
nou”. Nou te di l’: “Nou pa kapab ale; si ti frè nou an desann avèk nou, n’ap
pati ansanm. Otreman, si l’ pa la, nou p’ap gen lodas wè fas mesye a”. Li te
reponn atò: “Nou konnen se de pitit madanm mwen te fè ban mwen. Youn pati, nou
te di: “Se yon bèt nan bwa ki devore l’, jouskoulye a li pa parèt. Si nou pran
sila a tou, epi kichòy rive l’ sou wout, n’ap fè cheve blan m’ yo desann avèk
chagren anba tè a”.
Jozèf pa t’ kapab kenbe ankò devan tout moun ki te
kanpe bò kote l’ yo. Li pase lòd pou tout moun soti deyò; lè pa t’ gen okenn
etranje ankò ki te la, youn rekonèt lòt. Jozèf leve vwa l’ avèk dlo nan je l’,
e Ejipsyen yo tande l’, ni tout kay Farawon an.
Li di frè l’ yo: “Se mwen menm Jozèf. Èske papa m’ ap viv toujou?” Frè l’ yo pa t’ kapab reponn anyen,
sezisman te twouble yo. Li menm li pale ak yo avèk dousè, li di: “Pwoche kote
mwen”. Lè yo pwoche tou pre, Jozèf di: “Se mwen menm, frè nou an, sa nou te
vann Lejip la. Pa pè, sa pa dwe parèt rèd pou nou, poutèt nou te vann mwen nan
peyi sa yo; sèke se pou delivrans nou Bondye te voye m’ devan nou nan Lejip”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 16-17. 18-19. 20-21
R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.
Li rele grangou sou tè a, li kase tout baton pen.Li
voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo fikse pye l’ nan chenn, yo pase kou l’ nan fè,
joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’. Wa a voye lage l’, chèf
pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’
posede.R.
LEVANJIL
“Nou resevwa
gratis, se pou nou bay gratis”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 7-15
Lè sa a: Jezi di Disip li yo:
“Ale, preche, se pou nou di: Rèy syèl yo tou pre”. Geri
malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon yo. Nou
te resevwa gratis, se pou nou bay gratis. Pa pòte lò, ni lajan, ni monnen nan
senti nou, ni sak pou wout la, ni de chemiz, ni sapat, ni baton: travayè a
merite pri travay li.
Nan nenpòt ki vil oswa bouk nou antre, mande si gen yon
moun ki onèt ladan l’, rete la joustan nou pati. Lè nou antre nan lakay la,
salye l’, antan nou di: “Lapè pou kay sa a”. Si kay sa a merite, lapè nou an ap
rive sou li; si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote nou.
Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa koute pawòl nou yo,
soti deyò kay yo a oubyen lavil yo a, souke pousyè sot nan pye nou. An verite mwen di nou, y’ap gen plis tolerans pou peyi Sodòm ak Gomò nan
jou jijman an pase pou lavil sa a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan moso Levanjil sa, nou
wè Jezi ki voye disip yo nan misyon e li di yo ki konpòtman yo dwe genyen.Nan
lavi tout kretyen, gen twa etap : premyèman, tande pawòl la epi kite li
touche kè ou ; dezyèm etap la, se konvèsyon pawòl lan pote nan lavi
nou ; kidonk li chanje n’, li fè nou diferan avèk moun nou te ye avan
an ; epi etap final la, se anonse Bòn Nouvèl la, pawòl ki bay lapè a.Se ak sa Jezi envite Disip li yo, gaye Bòn Nouvèl lan.
Kòm moun ki kwè nan pawòl lavi a, nou pa kapab
rete kwaze ponyèt nou, se pou nou sòti pou nou fè lòt disip pou Jezi. Se pou
lavi nou tounen temwayaj pou lòt yo. Jezi fè nou kado renmen an, se pou nou
aprann pataje l’. Se Bòn Nouvèl sa Jezi mande disip li yo pou anonse, se menm
misyon sa li remèt nou jodi a tankou disip li.
Jezi voye disip yo nan misyon, men li ba yo kèk
kondisyon, kèk enstriksyon avan yo pati. Kisa nou dwe anonse, nan ki lide n’ap
anonse: “rèy syèl yo tou pre”. Geri malad
yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon yo”.Sa nou dwe
anonse se wayòm Bondye a, se bòn nouvèl renmen an.
Misyon Jezi konfye nou an, se sèvis, sèvi lòt yo sitou sa ki nan plis
bezwen yo. Se pa yon tan pou nou reyalize pwojè pèsonèl nou. Vrèman vre, anpil
fwa nou bliye reyèlman ki misyon Granmèt la ba nou, nou fè pwòp pwojè nou pase
nan plas pwojè Bondye. Chak fwa nou aji konsa, nou
detounen nou de misyon Jezi a, se pwòp misyon pa nou n’ap reyalize. Dezyèm endikasyon an, nou te jwenn gratis, se
pou nou remèt gratis. Kado renmen an nou resevwa nan men Bondye a, nou pa dwe
kenbe li pou kont nou, se pou nou pataje l’ak lòt yo, pou yo kapab goute tou
kijan Bondye bon, nou dwe pote li bay moun ki nan nesesite yo, moun ki pi
frajil yo, sila yo ki pi fèb nan sosyete a. Lavi yon kretyen dwe yon don pou sa
ki pa genyen yo, pou tout sa ki nan bezwen yo. Byen souvan, nou refize pataje
sa nou resevwa gratis, nou bliye si lavi nou se yon don e nou refize pataje
l’ak sa k’ap soufri yo, ak sa ki nan lapenn yo.
Misyon an
ekzijan anpil : li mande nou pou nou bay tèt nou pou lòt yo totalman, nou
pa dwe pè sakrifye lavi nou pou lòt yo, sa vle di pou Jezikri. Lòt endikasyon an, se konfyans nan Bondye,
abandone nou totalman nan bra li. Konsa nou p’ap bay tèt nou pwoblèm pou yon
ekip bagay nou manke o nou paka posede : Pa pòte lò, ni lajan, ni monnen
nan senti nou, ni sak pou wout la, ni de chemiz, ni sapat, ni baton, travayè a
merite pri travay li. Se pou nou gen konfyans nan sila ki gen tout pouvwa a. Se
pou nou konnen li toujou akonpanye nou nan tout sa n’ap fè. Sèl sila yo ki gen
lafwa nan li kapab abandone yo tout bon vre nan bra li. Nan moso Labib sa, Jezi
livre nou kondisyon yon kretyen dwe mete an pratik nan sèvis wayòm li an. Pou
nou anonse bòn nouvèl la, pou nou gaye pawòl lapè a, gen de bagay ki enpòtan,
premye a, se bay tèt nou. Dezyèm nan, se konfyans nan Bondye k’ap pèmèt nou aji
menm lè nou pa konn kote nou prale, ki moun nou pral rankontre, kisa nou pa
genyen. Se konfyans k’ap pèmèt nou sòti nan ti kachèt nou yo pou nou al
rankontre lòt yo kote yo twouve yo.
LAPRIYÈ : Granmèt aprann nou mete tout konfyans nou nan ou, aprann nou mete lavi nou tout
bon vre nan sèvis wayòm ou an. Konsa nou konnen w’ap toujou la pou soutni nou,
pou ban nou sa ki nesesè pou nouri lavi nou.
PWOPOZISYON : Granmèt la pa janm
lage moun ki kwè nan li tout bon vre. Pou montre ou kwè, poze yon aksyon jodi a
ki pou benefisye yon moun ki nan bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario