Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Nou merite
sa n’ap soufri a, paske nou te fè peche kont frè nou yo”.
NAN LIV LAJENÈZ 41, 55-57; 42, 5-7a. 17-24a.
Jou sa yo:
Te gen grangou nan peyi Lejip la, pèp la rele kot
Farawon, li mande manje. Farawon reponn: “Al jwenn Jozèf; nenpòt sa l’ di nou,
n’a fè li”. Chak jou, grangou a t’ap vin pi rèd nan peyi a; Jozèf louvri tout
depo yo, li vann Ejipsyen yo; sèke grangou a t’ap kraze yo. Tout pwovens yo
t’ap vin nan Lejip pou yo achte manje, pou yo kalme malè grangou a.
Pitit Jakòb yo antre nan peyi Lejip la avèk lòt moun yo
ki te vwayaje pou yo achte a. Sèke te gen grangou nan peyi Kanaan an. Jozèf
menm te chèf nan peyi Lejip la, se sou lòd li yo te konn vann ble bay pèp yo.
Lè frè l’ yo salye l’, li rekonèt yo, li pale rèd avèk yo tankou ak etranje, li
mande yo: “Kote nou soti?” Yo reponn: “Nan peyi Kanaan, pou nou achte manje nou
bezwen”. “Li mete yo nan prizon pandan twa jou.
Sou twazyèm jou a, lè yo soti nan prizon an, li di: “Fè
sa m’ di a, n’a viv, paske mwen respekte Bondye. Si se lapè nou pote, y’ap mare
youn nan frè nou yo nan prizon; men nou menm, ale, pote ble a nou achte a,
lakay nou; mennen dènye frè nou an ban mwen, pou m’ kapab wè si pawòl nou yo se
laverite; konsa nou p’ap mouri”.
Yo fè jan l’ te di a; youn di lòt: “Nou merite sibi
bagay sa yo vre, paske nou te fè peche kont frè nou an, nou te wè tray nanm li,
pandan li t’ap lapriyè nou, men nou pa t’ koute; se pousa tray sa a rive sou
nou an”. Youn nan yo, Wouben, di: “Èske m’ pa t’ di nou: “Pa fè peche kont
pitit la”? men nou pa t’ koute m’. Koulye a y’ap mande regleman pou san li”.
Yo pa t’ konnen Jozèf te konprann, paske gras a yon
moun ki te konn lang yo, li t’ap pale ak yo. Li rale kò l’ yon ti kras, li
kriye; epi li tounen vin jwenn yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 2-3. 10-11. 18-19
R/ Se pou kè sansib ou sou nou, Granmèt, menm jan nou espere nan ou a.
Fè lwanj pou Granmèt la, sou gita, sou enstriman dis
kòd la, chante pou li. Chante yon kantik nouvo pou li, jwe mizik byen pou li
avèk gran bravo.R.
Granmèt la gaye plan nasyon yo, li bloke kalkil pèp yo.
Men plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak
jenerasyon.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun
ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo
manje nan grangou.R.
LEVANJIL
“Ale kot
mouton kay Izrayèl la k’ap peri yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 1-7
Lè sa a:
Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri
papròp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès.
Non douz apot yo se te: Premye a Simon, sa yo rele Pyè
a, epi Andre, frè l’ la, Jak pitit Zebede a, ak Jan, frè l’ la, Filip ak
Batelemi, Toma ak Matye, pibliken an, Jak pitit Alfe a, ak Tade, Simon
Kananeyen an ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi l’ la.
Douz sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di:
“Pa ale nan wout payen yo, pa antre nan vil Samariten yo; men pito nou ale kot
mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: “Rèy syèl
la rive”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi
a, prensipalman Levanjil la ap pèmèt nou fikse atansyon nou sou de mo kle: apèl ak misyon. Jezi wè nesesite ki genyen pou kontinye anseye rèy Bondye
a, aprè li fin bay tout li menm nan travay Papa a, li fòme yon kwoup misyonè
pou vin asosye avèk li nan travay liberasyon tè a, liberasyon tout moun ki
antrave anba pouvwa dyab la. Li rele douz gason, douz disip, douz apot; li
rele yo, li ba yo pouvwa sou lespri ki pa pwòp yo. Se gwoup sa a ki pral
kontinye transmèt leson l’ yo, ki pral kontinye fè mirak, geri malad elatriye.
Levanjil la di ke chak grenn disip yo te resevwa apèl Jezi a nan pwòp non
yo (Simon, Andre Batèlmi…). Mesye sa yo se poto mitan Legliz Jezikri a. Nou
sonje sa ki te pase ak yo jou Lapannkòt la, lè Papa ak Pitit la te reyalize
pwomès Lespri Sen an, kote Apot yo te blennde, yo te ranpli ak fòs Lespri a ki
te pouse yo ale nan tout kwen sou fas tè a pou yo te kapab reyalize misyon yo
kòmsadwa. Gwo jou sa a, se jou inogirasyon Legliz la ke Jezi te fonte sou lafwa
Apot Pyè a. Lesprisen an ki te anime Legliz la kontinye ap travay nan mitan pèp
Bondye a e pou pèp Bondye a. Li se fòs Legliz la. Li kontinye ap rele moun nan
pwòp non yo pou vin met men nan travay la… Apèl Bondye a se yon gras ke li fè a
moun li vle. Jezi te gen anpil patizan, li te gen anpil fanatik men se sèlman
douz li te fè Apot, li te ba yo bon jan lansèyman pou yo te kapab genyen tout
sa ki pou pèmèt kontinye travay Mèt la kòmsadwa.
Douz mesye sa yo reprezante 12 tribi Izrayèl la, sa vle di tout pèp ki sou
latè. Atravè yo menm ki te gen misyon pou gaye bòn nouvèl la, se nou tout
Bondye rele pou tounen non sèlman disip, men tou apot. Aprè apèl, tankou nou wè
sa nan Levanjil la, se misyon. Jezi, ak respè e fidelite l’ pou misyon ke Papa
l’ te konfye l’ la, prepare yon gwoup pou ale kontinye bay nouvèl la, men
misyon l’ se te rasanble tout pèp Izrayèl la; se sa tou li konfye disip li yo.
Anpil fwa nou panse pou nou ale nan misyon fòk nou deplase ale nan yon lòt
peyi oubyen yon lòt pwovens pandan ke anndan pwòp fanmi nou nesesite pawòl la;
nan anviwònman kote n’ap viv osinon nan vwazinay nou gen moun ki, yo menm tou,
swaf konnen nonm sa ki rele Jezi a. Bon konpòtman ak kè sansib yon moun kòmanse
depi nan pwòp fanmi ou. Yo paka tout lajounen ap fè lwanj kijan ou bon nan lari
pandan ke moun anndan lakay fè fèt lè w’ sòti, ou menm k’ap viv nan yon
kominote relijyez, kòman ou santi w’ lè nan gwoup ou fè pastoral la yo pa vle
lage w’ pou jan ou bon; poutan anndan kouvan an, anndan kominote a se rèl pou
prezans ou? Nou wè nan premye lekti a kòman
pwòp frè Jozèf yo, aprè yo te fin vann li ak machann izrayelit yo, kijan yo te
eksperimante jijman Bondye, yo pa t’ epaye gwo epidemi grangou ki te frape peyi
yo a, yo te oblije sòti al chache achte nan peyi Lejip yon fason pou yo te ka
fè fas ak jijman Bondye, se la yo te kontre frè yo te vann nan, Jozèf, menm si
yo pa t’ konn si se li menm; yo te mòtifye ke yo te komèt zak la. Frè m’ ak sè m’ yo, nou pa dwe janm bliye ke
nou pa dwe rann mal pou mal; se sa kontinyasyon liv Lajenèz la ap montre nou de
Jozèf anvè frè li yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, vide
Lespri Sen w’ nan nan kè nou pou nou ka viv pou epi pou nou ka viv nan lapè
youn ak lòt. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Raple w’ misyon Bondye konfye w’ epi pran li
oserye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario