Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Y’ap rele
non ou Izrayèl, paske ou fò kont Bondye”.
LEKTI LIV LAJENÈZ 32, 22-32
Jou sa yo:
Lè Jakòb leve granmaten, li pran de madanm li yo ak
tout sèvant li yo ansanm avèk onz pitit li yo, li travèse pas Jabòk la. Lè l’
fin fè tout sa l’ te genyen travèse, li rete pou kont li.
Yon moun
batay avèk li jous nan maten. Lè moun nan wè li pa t’ kapab ranpòte laviktwa
sou li, li touche nè kuis li, menm lè a, li pèdi fòs li. Moun nan di
Jakòb: “Kite m’ al fè wout mwen, devan jou deja ap parèt”. Jakòb reponn: “Mwen p’ap lage ou, toutotan ou pa beni m’”. Li di: “Ki
non ou?” Li reponn: “Jakòb”. Li di: “Non, yo p’ap rele non ou Jakòb ankò, y’ap
rele ou Izrayèl: paske si ou fò kont Bondye, se pa ti kras viktwa w’ap ranpòte
sou lèzòm”. Jakòb mande l’: “Di m’, kijan yo rele non ou?” Li reponn: “Pouki sa ou
mande m’ non m’?” Li beni l’ la menm.
Jakòb rele kote sa a Fenwèl, li di: “Mwen wè Bondye fas
a fas, malgre sa nanm mwen sove”. Menm lè a solèy la te kòmanse ap leve sou li,
lè l’ te fin travèse Fenwèl; li menm menm li t’ap bwate nan pye. Se pousa pitit
Izrayèl yo, jous jodi a, pa manje nè ki te pèdi fòs li nan kuis Jakòb la,
poutèt li te touche nè kuis Jakòb la, epi li te vin angoudi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
16, 1. 2-3. 6-7. 8b e 15
R/ M’ap wè fas ou nan jistis, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou lapriyè m’. Pare
zòrèy ou nan lapriyè m’, se pa ak bouch manti.R.
Se pou jijman m’ nan soti nan fas ou; se pou je ou wè
sa ki dwat yo.
Sonde kè m’, vizite m’ nan nuit; eseye m’ avèk dife, ou
p’ap jwenn mechanste nan mwen.R.
Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’,
Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.
Fè mèvèy kè sansib ou yo parèt, ou menm ki sove moun ki
espere nan ou yo anba sa k’ap atake yo, nan men dwat ou.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou pwoteje
m’.Kanta mwen menm nan jistis m’ap wè fas ou, m’ap satisfè, lè m’ap reveye, ak
fas ou.R.
LEVANJIL
“Rekòlt la
anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 32-38
Lè sa a:
Yo te mennen yon moun ki baba bay Jezi, moun nan te gen
yon demon. Kon l’ fin chase demon an, baba a pale, foul yo sezi, yo di: “Yo pa
janm wè bagay konsa nan Izrayèl”.
Farizyen yo menm t’ap di: “Se pa pouvwa chèf demon yo l’ap chase demon yo”.
Jezi menm t’ap mache nan tout vil yo ak bouk yo, li
t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, li t’ap preche levanjil rèy nan, li
t’ap geri tout maladi ak tout feblès. Lè l’ wè foul yo, li pran lapenn pou yo,
paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa gen gadyen.
Lè sa a li di disip li yo: “Rekòlt la anpil, men
travayè yo se yon ti kras yo ye; lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè
nan rekòlt li a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lekti nou li nan liv Lajenèz la, se swivi istwa Jakòb, jodi a nou ap
kòmanse rele l’ Izrayèl, non Bondye ba li a. Nan Labib la, lè Bondye bay yon
moun yon misyon, anpil fwa li chanje non l’, li ba li yon non ki defini misyon
l’ pra l’ mete nan men l’.
Pa ekzanp,
nan Ansyen Testaman an, non Sarai madanm Abraham te chanje pou Sara, ki vle di
manman anpil pèp; nan nouvo testaman an, non Simon te chanje pou Pyè, ki vle di
wòch fondasyon Legliz Jezikri a. Konsa nou ka site anpil lòt ka toujou. Non
Jakòb la chanje pou Izrayèl, ki vle di: sila ki lite ak Bondye, pou non Izrayèl
sa y’a rele pitit li yo pèp Izrayèl, se 11 pitit sa yo, plis Benjamen ki pra l’
pran nesans aprè k’ap fòme 12 tribi Izrayèl yo. Y’a va desann Lejip, y’a rete
tankou esklav pandan anpil ane, lè Granmèt la va fè yo sòti avèk Moyiz, se yon
gwo kokenn pèp ka va sòti kite Lejip; yo te goumen ak anpil pèp pou yo te jwenn
yon peyi kote pou yo rete, se yon pèp ki viv anpil lagè, ki wè anpil
destriksyon.
Nan levanjil la, yo mennen yon bèbè jwenn Jezi, Jezi
chase demon ki t’ap anpeche l’ pale a, menm kote a lang li lage e li pale.
Misyon Jezi te vin fè a, li pa t’ kite baryè mepri ak medizans pèsonn anpeche
l’ fè l’, paske pandan farizyen yo ap pale l’ mal, Jezi menm ap geri malad,
l’ap chase move lespri, l’ap simaye pawòl renmen an bay pòv yo, malere san sekou
yo.
Se yon ekzanp pou nou, kretyen. Byen souvan moun k’ap
kritike a, li p’ap fè anyen, men non plis li p’ap kite w’ fè, paske li pretann
tout sa ou fè pa bon, oubyen kèlkeswa sa ou fè pa gen valè pou li. Lè y’ap
kritike nou, nou menm se pou n’ travay ak plis devouman pou rèy Bondye kapab
tabli nan mitan nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt, ou menm ki te chase demon ki te
anpeche baba a pale a, konsa tou m’ vle di w’ gen anpil demon ki anpeche m’
pale pawòl ou a, demon lawont, demon pale mal, demon move lavi a. Tanpri,
delivre m’, m’a fè konnen grandè w’ tout kote m’ pase.
PWOPOZISYON: Jezi se Bon Gadyen an, nou menm
nou se mouton yo. Ann mache avèk li ak konfyans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario