Koulè
Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Li wè yon
nechèl ki kanpe, mesaje Bondye yo ki t’ap monte-desann, avèk Bondye ki t’ap
pale”.
NAN LIV LAJENÈZ 28, 10-22a
Jou sa yo:
Jakòb soti Bèsabe, li pati Aran. Li rive yon kote, li
te vle poze la, lè solèy la fin kouche. Li pran nan wòch yo ki te atè a, li
mete anba tèt li, li dòmi la menm.
Pandan l’ nan dòmi an, li wè yon nechèl ki kanpe atè a,
ak tèt nechèl la ki touche syèl la, mesaje Bondye yo ki t’ap monte-desann sou
li, ak Granmèt la ki te apiye sou nechèl la, ki t’ap di l’: “Se mwen menm
Granmèt Bondye Abraam, zansèt ou a, ak Bondye Izaak. Tè a kote w’ap dòmi an, se ou menm m’ap bay li, ansanm ak ras ou. Ras ou
ap tankou pousyè tè a, w’ap devlope jous nan direksyon solèy kouche ak nan
direksyon solèy leve ak nan Nò ak nan Sid, tout fanmi sou tè a ap beni nan ou
ak nan ras ou. M’ap sèvi ou pwoteksyon tout kote w’ap pase, m’ap fè ou tounen
nan peyi sa a; mwen p’ap lage ou, toutotan mwen pa fin reyalize tout sa m’ di
a”.
Lè Jakòb
reveye sot nan dòmi an, li di: “Reyèlman vre, Granmèt la nan kote sa a, epi
mwen pa t’ konn sa”. Li vin pè, li di: “Ala kote ki terib, se kote sa a!
Isit la pa dòt bagay pase kay Bondye ak pòt syèl la”. Jakòb leve granmaten, li
pran wòch la li te poze anba tèt li a, li drese l’ kòm yon siyal, li vide luil
sou li. Li rele non vil la Betèl; anvan, yo te rele l’ Louza.
Li fè yon ve tou, li di: “Si Bondye avèk mwen, si l’
pwoteje m’ sou wout la kote m’a prale a, si l’ ban m’ pen pou m’ manje ak rad
pou m’ abiye, si m’ tounen ak siksè lakay papa m’, Granmèt la ap Bondye m’,
wòch sa a mwen drese kòm siyal la, y’ap rele l’ kay Bondye; nan tout sa w’ap
ban mwen, m’ap ofri ou dizyèm pòsyon”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 90, 1-2. 3-4. 14-15ab
R/ Bondye mwen, m’ap espere nan ou.
Moun ki abite
nan pwoteksyon Sila a ki anwo nèt la, li rete anba lonbraj Sila a ki gen tout
pouvwa a.
Li di Granmèt
la: “Kachèt mwen
ak fòs mwen,
Bondye mwen, mwen espere nan ou”.
Sèke li menm
l’ap deliver ou sot nan pyèj chasè yo ak nan pawòl mechan.
Ak zèl li yo
l’ap kouvri ou, anba plim zèl li w’ap kache.R.
Paske li kole
kò l’ sou mwen, m’ap delivre l’; m’ap resevwa l’, paske li konnen non m’.
L’ap rele m’,
m’ap koute l’; m’ap avèk li nan tray li.R.
LEVANJIL
“Pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, l’a viv”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 18- 26
Lè sa a:
Pandan Jezi
t’ap pale, gen yon chèf prèt ki pwoche; li adore l’, li di: “Granmèt, pitit fi
m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, poze men sou li, pou l’ viv”. Jezi leve, li
suiv li, avèk disip li yo tou.
Gen yon
madanm ki t’ap pèdi san depi douzan, li pwoche dèyè, li touche fil rad li. Li
t’ap di nan kè l’: “Si m’ touche rad li sèlman, m’ap sove”.
Jezi vire, li
wè l’, li di: “Konfyans mafi, lafwa ou sove ou”. Madanm nan sove menm lè a.
Lè Jezi antre
nan kay chèf la, li wè mizisyen yo ak foul k’ap fè bwi, li di: “Rale kò nou, ti
fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi”. Men yo t’ap pase l’ nan rizib. Lè l’ fin
chase foul la, li antre, li kenbe men l’, ti fi a leve. Nouvèl sa a gaye nan
tout peyi sa a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Konfyans mafi, lafwa w’ sove w!”,
nan levanjil sa a, gen de mirak ki fèt youn apre lòt. Premye mirak
la se yon mirak ke yo abitye rele “mirak yo vòlè nan men Jezi a”. Poukisa yo ba
l’ non sa a.
Mirak gerizon madanm ki te pase 12 ane ap pèdi san an,
se yon mirak vòlè paske, madanm sa a te gen yon lafwa tèlman fò nan pouvwa
Jezi, li sèlman panse ke si l’ ta sèlman touche pwent rad li, li t’ap jwenn
gerizon, li p’ap menm bezwen pale avè l’. Efektivman, madanm nan fè sa e
levanjil la di ke Jezi santi yon fòs ki sòti sou li.
Dezyèm mirak la, se Jezi ki leve Talita, pitit fi yon
chèf prèt. Tifi a te byen mouri, yo te kòmanse kriye pou li, Jezi rive nan kay
la li antre kote mò a, li leve l’ bay paran l’ pandan l’ di, “Talita leve”. Ti
pitit la te gen douz an. Madanm ki te pran mirak la sou Jezi te gen douz an
depi li t’ap soufri ak maladi a.
Chif douz la pa yon chif kèlkonk nan Labib la. Pa
ekzanp kantite tribi ki te fòme pèp Izrayèl la, se te 12; lè Jezi te timoun
douz an, Mari ak Jozèf te monte nan tanp Jerizalèm nan avèk li e li te rete pou
kont li. Kantite apot Jezi te chwazi yo, se te 12; 12 panye pen yo te ranmase
aprè Jezi te fin bay foul la manje.
Anfen siy 12 la se yon nimewo pafè, se senbòl pèp
Bondye a, se senbòl rèy Bondye ki rive nan mitan nou; se siy benediksyon Bondye
bay pèp li a k’ap soufri anba maladi, grangou, eksplwatasyon e tout lòt kalite
mal k’ap tonbe sou do l’.
Men pou sa fèt, gen de kondisyon ki dwe akonpli. Nou
jwenn kondisyon sa yo klè nan sòm 90: “Ak zèl li yo l’ap kouvri ou, anba plim
zèl li w’ap kache. Paske li kole kò l’ sou mwen, m’ap delivre l’; m’ap resevwa
l’, paske li konnen non m’, l’ap rele m’, m’ap koute l’; m’ap avèk li nan tray
li”. Jan vèsè nan sòm nan di a, delivrans Granmèt la pa mize pou moun ki kore
l’ sou li, pou moun ki kache anba zèl li, pou sila ki mete tout konfyans li nan
li.
LAPRIYÈ:
Granmèt, lafwa moun sa yo te pèmèt ou fè
gwo mirak pou yo; se vre, se pa menm lafwa sa a mwen genyen, men se menm Jezi a
ki prezan jodi a ak pou tout tan, tanpri ogmante lafwa m’, delivre m’ anba tray
mwen yo.
PWOPOZISYON: Nan jounen sa a m’ap mete konfyans
mwen nan Granmèt la, m’ap lage tout pwoblèm ak soufrans nan men l’, dekwa pou
m’ k’ab wè delivrans li a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario