Páginas

DIMANCH 5

Koulè Vèt
KATÒZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Se yon kay ki rebèl, fè yo konnen gen yon pwofèt nan mitan yo".
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 2, 2-5
Jou sa yo :
Lespri a antre anndan m’, li mete m’ kanpe sou pye m’, mwen tande l’ap pale avèk mwen, l’ap di :
"Pitit moun, mwen voye ou kot pitit Izrayèl yo, kot nasyon ki revòlte, ki vire do ban mwen ; ni yo menm ni zansèt yo dezobeyi kontra m’ nan jous jodi a. Se pitit ki gen figi yo mare, ki gen kè yo rebèl, se kote yo mwen voye ou la ; w’a di yo : ‘Men pawòl Granmèt Bondye a’. Kit yo koute epi yo ret trankil, kit yo pa fè l’, paske se yon kay k’ap fè m’ fè kòlè, antouka y’a konnen gen yon pwofèt nan mitan yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 122, l-2a. 2bcd. 3-4 (r.: 2cd)
R/ Je nou kot Granmèt la, joustan li pran pitye pou nou.
Kote ou mwen leve je m’, ou menm ki abite nan syèl yo.
Men se tankou je sèvitè yo kot men mèt yo.R.
Tankou je sèvant la kot men metrès li, se konsa je nou kot Granmèt Bondye nou an, joustan li pran pitye pou nou.R.
Pitye pou non, Granmèt, pitye pou nou, paske nou plen ak mepri ;
paske nam nou plen ak rizib moun ki rich yo, ak mepri moun k’ap leve tèt yo a.R.
DEZYÈM LEKTI
"M’ap fè lwanj nan feblès mwen yo, pou fòs Jezikri abite nan mwen".
DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO      12, 7-10
Frè m’ yo:
Pou grandè revelasyon yo pa vire tèt mwen yo ban m’ yon pikan nan chè m’, yon mesaje Satan k’ap souflete m’. Sou kesyon sa a twa fwa mwen mande Granmèt la pou l’ wete l’ lwen m’; li di m’: "Favè m’ kont ou, sèke fòs la se nan feblès la li reyalize".
Konsa se ak tout kè m’ m’ap fè lwanj tèt mwen nan feblès mwen yo, pou fòs Jezikri abite nan mwen. Se pousa mwen jwenn plezi m’ nan feblès mwen yo, nan mank dega, nan tray, nan pèsekisyon, nan kè sere pou Jezikri: lè m’ fèb, se lè sa a mwen fò.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon sòf nan peyi l’.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 1-6
Lè sa a:
Jezi t’al nan peyi l’; disip li yo t’ap suiv li. Lè saba a rive, li kòmanse bay lansèyman nan kay reyinyon an.
Anpil moun ki t’ap koute l’ te sezi nan lansèyman l’ nan, yo t’ap di: "Kote li jwenn tout bagay sa yo? Epi sa sa ye kalite sajès sa a yo ba li a, ak kalite mirak sa yo k’ap reyalize nan men l’ konsa? Èske se pa menuizye a sa, pitit Mari a, frè Jak la, ak Jozèf la, ak Jid la, ak Simon an? Èske ni sè l’ yo tou pa la avèk nou?" Se yon antrav li te ye pou yo.
Jezi menm t’ap di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sòf nan peyi l’ ak nan lakay li ak nan fanmi li". Li pa t’ kapab fè okenn mirak kote sa a, sòf kèk enfim li geri, antan l’ poze men sou yo. Li te sezi poutèt yo pa t’ gen lafwa. L’al nan bouk yo alantou yo antan l’ap bay lansèyman.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Moso Levanjil nou li jodi a pale de “frè ak sè Jezi yo”. Gen de fwa pwotestan yo konn di fraz sa pwouve ke Mari pa t’ rete Vyèj. Katolik yo pa konnen kisa pou yo reponn yo. Men repons la: Mari pa t’ fè lòt pitit.
Nan Bib la, lè yo vle di kouzen, oubyen neve, ou byen yon moun ki leve nan menm lakou avè w’, yo tou di “frè”. Se paske pèp jwif la te pale ebre, e lang ebre a sèvi ak yon menm mo pou tout relasyon sa yo, pa gen yon mo apa pou chak parantay. Menm lè yo ekri Nouvo Kontra a nan lang grèk, yo kenbe fason pale sa a, paske se nan ebre y’ap panse.
Depi ou konprann sa, rès Levanjil la fè plis sans tou. Pa ekzanp, lè Jezi te ti moun, epi li pèdi nan Tanp la, lè yo jwenn li Mari di li: «Mwen menm ansanm ak papa w’ t’ap chèche w’» (Lik 1,48).  Sa montre w’ ke fanmi an se te yo twa, Mari, Jozèf ak Jezi. Bib la pa janm pale de lòt pitit Mari. Lè yo pale de frè ak sè Jezi, li klè, se moun li yo, nan sans kouzen, neve, elatriye.
Lè fini, lè Jezi sou lakwa, epi li pral mouri, li mande disip li, Jan, pou l’ okipe manman li (Jan 19,27).  Si Mari te gen lòt pitit aprè Jezi, Jezi pa ta bezwen mande yon zanmi okipe manman l’, nòmalman se lòt pitit manman l’ yo ki ta sipoze okipe l’.Gen plizyè lòt ekzanp ak prèv ankò, men nou pa gen ase espas la pou nou eksplike yo.
LAPRIYÈ: Mari, nou konnen ou te santre lavi w’ nèt sou sèvis Granmèt la. Aprann nou gen lafwa, aprann nou swiv pitit ou a menm jan ou te swiv li ! Amèn.

PWOPOZISYON: Moun Nazarèt yo te meprize Jezi, paske se nan lakou yo li sòti. Yo te konnen pwodwi lòt bò dlo gen plis valè pase pwodwi lakay. Yo pa t’ janm imajine ke Bondye te ka aji nan yon moun ki te pwòch yo, yon moun ki te sanble avèk yo, yon moun ki te pale lang manman yo. Mantalite sa a te fè yo rate okazyon sove, yo echwe. E mwen menm, ki mantalite mwen? Èske m’ rekonèt bon bagay ak bon moun ki sòti nan lakou lakay mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario