Koulè Vèt ou
Blan
ELIZABÈT DE PÒTIGAL
PREMYE MOSO LABIB
“Jakòb pran pye sou frè
l’ la, li pran benediksyon l’ nan daso”.
NAN LIV
LAJENÈZ 27, 1-5. 15-29
Izaak te vye, je
l’ te vwale, li pa t’ kapab wè. Li rele Ezayi, pi gran pitit li a, li di l’:
“Pitit mwen”. Li reponn: “Men mwen”. Papa a di l’: “Ou wè mwen fin vye, mwen pa
konnen jou lanmò m’. Pran zam ou, sak pou met flèch yo avèk bwa pou ou tire
flèch la, epi pati deyò. Lè w’a pran yon jibye, fè yon plat pou mwen, jan w’
konnen mwen renmen, pote l’ pou m’ manje, pou nanm mwen beni ou, anvan m’
mouri”.
Rebeka te tande
sa. Ezayi pati l’al nan bwa pou l’ reyalize kòmandman papa a. Rebeka menm pran
pi bon rad Ezayi yo, sa l’ te gen bò kote pa l’, li abiye Jakòb; li vlope men
l’ avèk po kabrit, li vlope kou l’ kote po a te lis la. Li ba l’ plat la ak pen
yo, sa l’ te kuit yo.
Jakòb pote yo,
li di: “Papa mwen”. Li reponn: “Mwen tande. Kilès ou ye, pitit mwen?” Jakòb di:
“Mwen se premye pitit ou Ezayi. Mwen fè jan ou te kòmande m’ nan; leve, chita,
manje nan jibye m’ nan, pou nanm ou beni m’. Izaak di pitit li a ankò: “Kòman
ou fè kapab jwenn vit konsa a, pitit mwen?” Li reponn: “Volonte Bondye te fè
mwen rankontre tou suit sa m’ te vle a”.
Izaak di:
“Pwoche isit, pou m’ touche ou, pitit mwen; pou m’ konstate si ou se pitit mwen
Ezayi, oubyen si se pa sa”. Li pwoche kot papa a, papa a touche l’ byen touche,
Izaak di: “Vwa a an tou ka, se vwa Jakòb li ye; sèlman men yo, se men Ezayi yo
ye”. Li pa t’ rekonèt li, paske men yo te gen plim tankou men pi gran frè a.
Konsa, li beni l’, li di: “Ou se pitit mwen Ezayi?” Li reponn: “Se mwen menm”.
Li menm li di:
“Pote manje nan jibye w’ la pou mwen, pitit mwen, pou nanm mwen beni ou”. Lè l’
fin manje sa l’ te pote yo, li prezante l’ diven tou; li bwè, li di l’: “Pwoche
kote m’, anbrase m’, pitit mwen”. Li pwoche, li anbrase l’. Menm lè a, kon l’
santi lodè rad li yo, li beni l’, li di: “Men lodè pitit mwen an tankou lodè
yon jaden ki plen, sa Granmèt la beni.
Se pou Bondye ba
ou nan lawouze syèl la ak nan grès tè a, anpil ble ak diven.
Se pou pèp yo
sèvi ou, se pou ras yo bese devan ou; se pou ou mèt frè w’ yo, se pou pitit
manman w’ yo plwaye kò yo devan ou.
Moun ki
madichonnen ou, se li menm ki jwenn madichon, moun ki beni ou, l’ap plen ak
benediksyon”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 134, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Fè lwanj Granmèt la,
poutèt li bon.
Fè lwanj pou non
Granmèt la, fè lwanj, sèvitè Granmèt la, nou menm ki kanpe nan kay Granmèt la,
nan lakou kay Bondye nou an.R.
Fè lwanj Granmèt
la, paske Granmèt la bon; chante kantik pou non l’, poutèt li bon. Paske
Granmèt la chwazi Jakòb, Izrayèl kòm pòsyon espesyal li.R.
Sèke mwen konnen
Granmèt la gran, Bondye nou an anlè tout dye yo.Tout sa Granmèt la vle, li fè
l’ nan syèl la ak sou tè a, nan lanmè a ak nan tout bafon yo.R.
LEVANJIL
“Èske
pitit mesye marye a kapab an dèy, pandan mesye marye a avèk yo?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-17
Lè sa a:
Disip Jan yo
pwoche kot Jezi, yo di: “Pouki sa nou menm ak farizyen yo n’ap fè jèn byen
souvan, men disip ou yo menm yo pa fè jèn?” Jezi di yo: “Èske moun yo envite
nan nòs la kapab nan lapenn toutotan mesye marye a avèk yo? Ap gen jou k’ap
vini, lè y’a wete mesye marye a sot nan men yo, lè sa a y’a fè jèn.
Pèsòn pa mete
yon moso twal nèf pou l’ koud avèk yon vye rad; li tire sou fil rad la, l’ap
chire pi plis. Yo pa mete diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt; otreman
veso yo ap eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi; men diven nouvo se nan
veso nèf yo mete li, pou yo toulede konsève”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Pawòl
sa a nou jwenn nan Levanjil Sen Matye a, li parèt difisil pou nou konprann men
se yon pawòl ki rich, ki ofri nou tout zouti nou konnen ki nesesè pou nou viv
tankou bon kretyen, jan Bondye vle nou viv tout bon vre. Jezi livre nou de
leson nan moso levanjil sa :
Premye
leson an sòti nan repons li bay disip Jan yo. Kesyon disip Jan yo poze Jezi a
ak repons Jezi li menm pra l’ ba yo louvri je nou sou yon pati ki enpòtan nan
lavi you kretyen: “Pouki sa nou menm ak farizyen yo n’ap fè jèn byen souvan,
men disip ou yo minm yo pa fè jèn ?” Jèn se yon pratik ki
ede nou raproche n’ de renmen Bondye a, pou volonte pan ou kapab marye ak
volonte pa li. Nan sans sa Jan ak tout disip li yo te konn fè jèn, yon mwayen
pou yo rankontre Bondye, pou yo dyaloge ak li. Se te yon pratik enpòtan nan
lavi Jwif yo. Rezon sa eksplike kòman yo te eskandalize lè yo wè kondwit disip
Jezi yo ki te byen diferan de kondwit pa yo. Men pou Jezi fè yo konprann
diferans sa, li te pran youn nan imaj ki pi enpòtan nan tradisyon jwif la, ki
se imaj nòs lan. Se pa san rezon premye mirak Jezi fè, se nan nòs Kana.Kisa
Jezi vle anseye nou menm kretyen ak kalite pawòl sa?
Envite nòs la
paka nan lapenn pandan mesye marye a la. Jezi idantifye tèt pa li ak mesye
marye a. Kidonk prezans li se kominyon, se renmen, se kè kontan. Kominyon ak
li ki se sous lavi a, kominyon ak tout frè nou yo, nan yon renmen san mezire,
san limit, se veritab chemen kè kontan, chemen ki pi kout pou n’ rankontre
Bondye. Se kalite jèn sa Jezi resisite a envite nou pratike jodi a, paske li la
nan lavi nou chak, nan fon kè nou, nan Lekaristi a, kote li montre nou tout bon
vre li renmen nou lè li aksepte ofri kò li ak san li ban nou tankou manje ki
pou rann lavi nou pi solid, ki pou pèmèt nou grandi nan lavi Bondye a. Deja nan
Izayi 58,1-9, nou jwenn ki kalite jèn Jezi mande nou. Dezyèm leson an, Jezi
envite nou antre nan yon lavi tou nèf. Nou pa ka mete yon moso twal nèf nan yon
vye rad, menm jan bon diven an nan yon vye veso. Kisa sa vle di ? Lavi
nan Jezi, se yon lavi tou nèf, se kite moun nou te ye lontan an pou nou kapab
tounen yon moun nouvo. Si nou di nou se kretyen, nou pa kapab kontinye nan
mennen menm vye aksyon lontan yo, nan menm vye pratik ansyen an. Chak fwa nou
ta poze aksyon sa yo, se menm jan an tou nou ta pran moso twal nèf lan, nou
koud li nan vye rad lan, kisa sa t’ap chanje si nou ta aji konsa. Èske rad sa
ta kapab vin pi bèl ? Non, okontrè, nan je moun k’ap gade li, pa t’ap gen okenn
chanjman ekstrawòdinè. Kretyen tout bon vre vle di, yon konvèsyon total,
renonse ak tout vye zèv lontan yo pou nou kapab fè Bondye plezi, se chanje kè
n’ pou n’ renmen lòt yo tankou Jezi renmen nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou
menm ki se sous renmen an, aprann nou renmen moun ki antoure nou yo chak jou pi
plis menn jan ou renmen nou. Aprann nou konprann jèn ou mande nou jodi a, pou
nou kapab aplike l’, konsa n’a va sanble tout bon vre ak ou.
PWOPOZISYON: Granmèt la se Verite,
kè kontan, konsolasyon, lanmou. Remèt kle lavi ou nan men l’ pou li kapab fè w’ tounen
yon moun nouvo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario