Koulè Wouj
TOMA KI
SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Nou
bati sou fondasyon Apot yo”.
NAN LÈT
APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 19-22
Frè
m’ yo:
Nou
pa etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen menm peyi ak sen yo, nou se
moun kay Bondye; nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè
nèt la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap grandi vin yon tanp ki
sen nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou pou nou vin tounen kay
Bondye nan Lespri a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1.2
R/ Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la.
Fè
lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske
li vin asire kè sansib li sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Granmèt
mwen ak Bondye mwen!”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 24 29
Toma, youn nan
douz yo, sa yo rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo di
l’: “Nou wè Granmèt la”.
Li menm li di
yo: “Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa mete dwèt mwen nan plas klou
yo, si m’ pa mete men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè”.
Aprè uit jou,
disip li yo te anndan ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te fèmen, li
kanpe nan mitan, li di: “Lapè pou nou”.
Aprè sa, li di
Toma: “Met dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen:
sispann manke lafwa, se pou ou kwè”.
Toma reponn, li
di l’: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
Jezi di l’:
“Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la
ap fete Sen Toma, youn nan douz Apot Jezikri te chwazi yo. Non Sen Toma site
nan lis apot Jezikri yo nan Levanjil Sinoptik yo (Matye, Mak ak Lik). Non li
site tou nan Liv Travay Apot yo. Sen Jan, nan Levanjil li ekri a, li bay Toma
yon plas trè patikilye. Toma se sèl Apot ki te doute sou rezireksyon Jezi a.
Malgre li te viv ak Granmèt la, li te mache toupatou ansanm ak li, li te temwen
tout mirak li t’ap fè yo, li gen yon bagay li pa t’ ko konprann. Li pa t’ kwè
Pitit Moun nan te gen pou li te leve byen vivan sòti nan lanmò, aprè yo te fin
arete li, yo te kondane li pou li te mouri sou kwa a. Li sanble te bliye pawòl
Jezi yo: “Pitit Moun nan gen pou soufri, pou mouri anba men mechan yo, men sou twa
jou l’ap resisite”.
Nou sonje kòman
Jezi te fè plizyè moun wè li aprè li te fin resite. Ebyen lè li te parèt devan
Apot yo byen vivan, Toma li menm li pa t’ la e lè lòt Apot yo te rapòte li sa,
li te refize kwè. Li te di si li pa wè Mèt la ak mak klou yo nan men li, li
p’ap janm kwè! Kisa ki te pase? Ebyen sou ui jou (sa vle di sou yon semèn),
Jezi te parèt yon dezyèm fwa devan Apot yo. Li salye yo antan li di yo: “Lapè
pou nou”.
Fwa sa a, Toma
te la, li te wè, li te kwè se te Jezi tout bon vre; e nan yon gwo sezisman li
te eksprime lafwa li antan li di: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”. Jezi te pran
tan pou li te montre li men li ak kòt li yo; li te di Toma: “Met dwèt ou isit,
gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen: sispann manke lafwa, se pou ou
kwè”.
Nan yon moman
gwo enkyetid, yon moman pèsekisyon kote Apot yo te oblije kache pou yo pa touye
yo, se nan moman sa Jezi parèt e li pote lapè pou zanmi li yo. Nou menm tou,
gen anpil fwa nou konn pè sòti deyò pou nou al pote Bòn Nouvèl la, nou konn pè
fè tande vwa nou, e nou rete byen trankil.
N’ap
viv nan yon mond de jou an jou k’ap vin pi sekilarize e pi globalize. Jodi a
y’ap pale nou de mondyalizasyon, globalizasyon. Gen yon nouvo kilti, yon nouvo
abitid, yon nouvo konpòtman, yon nouvo mantalite, yon nouvo fason pou nou
konprann reyalite moun ak reyalite mond lan.
Anpil
van chanjman ap souvle. Atravè radyo, televizyon, entènèt, elatriye, gen yon
seri valè, men tou yon seri anti-valè k’ap sikile. Lè nou pa deside antre nan
nouvo kouran yo, anpil fwa nou rete pasif oubyen nou netralize tèt nou, nou fè
silans pou yo pa di nou pa alamòd, n’ap viv nan Lantikite, oubyen nou pa sou
moun.
Nan
silans sa a, Jezi vini ankouraje nou, e l’ap di nou: “Lapè pou nou”. Mezanmi,
an nou pa kontinye fè doutans menm jan ak Toma, paske Jezi di nou “ala
kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè”. Lafwa nou bati sou temwayaj ak
ansèyman Apot yo e misyon nou pa diferan ak misyon Apot yo te genyen an; misyon
sa nou jwenn li presize nan sòm n’ap medite pou jodi a: “Ale sou tout tè a,
preche Bòn Nouvèl la”. Se
te misyon Sen Toma ak tout lòt Apot yo. Jodi a se misyon Legliz la, se misyon
chak moun ki batize.
LAPRIYÈ: Granmèt, menm si anpil
fwa nou doute ke ou la tout bon vre avèk nou, pa kite nou mouri nan fè doutans.
Aprann nou di menm jan ak sen Toma: “Granmèt mwen ak
Bondye mwen!” Pa kite fènwa move lavi ak move tandans nou yo bouche je nou; men
tanpri souple ede nou dekouvri klète prezans ou ki byen vivan an e ki pote lapè
pou nou an.
PWOPOZISYON: Chèche
dekouvri nan ki fason Bondye manifeste prezans li nan lavi ou epitou di:
“Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
No hay comentarios:
Publicar un comentario