Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Sakrifis
zansèt nou Abraam”.
NAN LIV LAJENÈZ 22, 1-19
Jou sa yo:
Bondye eseye
Abraam, li di l’: “Abraam, Abraam”. Li reponn: “Men mwen”. Li di l’: “Pran
pitit ou a, sèl pitit ou a, sila a ou renmen an, Izaak, epi al nan tè vizyon
an; lè w’a rive la, w’a ofri l’ kòm sakrifis antye sou youn nan mòn yo, sa m’a montre
w’ la”.
Konsa Abraam
leve nannuit, li sele bourik li, li mennen de jèn jan avèk li, epi Izaak pitit
li a; kon l’ fin fann bwa pou sakrifis antye a, li pati nan direksyon kote a
Bondye te di l’ pou l’ ale a. Sou twazyèm jou a, li leve je l’, li wè kote a
byen lwen, li di ti moun li yo: “Ret tann isit la avèk bourik la: mwen menm
menm ak pitit sa a, n’ap avanse jous lòt bò a, lè nou fin adore, n’ap tounen
kote nou”.
Li pran bwa pou
sakrifis antye a, li mete yo sou do Izaak pitit li a; kanta li menm, li t’ap
pote dife a ak kouto a nan men l’. Pandan yo tou lè de t’ap mache ansanm, Izaak
di papa l’: “Papa m’”. Li reponn: “Sa ou vle, pitit?” Li di: “Men dife a ak bwa
yo; kote bèt la y’ap touye pou sakrifis antye a?” Abraam di l’: “Se Bondye k’ap
okipe kesyon bèt y’ap touye pou sakrifis antye a, pitit mwen”. Epi yo kontinye
mache ansanm.
Yo rive kote
Bondye te montre l’ la, li bati lotèl la kote sa a, li ranje bwa yo sou li. Li
mare Izaak, pitit li a, li mete l’ sou lotèl la, anlè ranje bwa yo, li lonje
men l’, li redi kouto a pou l’ touye pitit li a. Mesaje Granmèt la rele byen
fò, antan l’ nan syèl la, li di: “Abraam, Abraam”. Li reponn: “Men mwen”. Li di
l’: “Pa lonje men ou sou pitit la, pa fè l’ anyen: koulye a mwen konnen ou
respekte Bondye; poutèt mwen ou pa menaje sèl pitit ou a”. Abraam leve je l’,
li wè yon bouk dèyè do l’, ki te gen kòn li pran nan lyann yo. Li pran l’, li
ofri l’ kòm sakrifis antye nan plas pitit li a. Li rele non kote sa a “Granmèt
la wè”. Se pousa jous jodi a yo di: “Sou mòn nan Granmèt la ap wè”.
Mesaje Granmèt
la rele Abraam yon dezyèm fwa, antan l’ nan syèl la, li di: “Mwen fè sèman sou
pwòp tèt mwen, deklarasyon Granmèt la; poutèt ou fè bagay sa a, ou pa menaje
pitit ou a, sèl pitit ou a, poutèt mwen, m’ap beni ou, m’ap fè ras ou vin anpil
tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a; ras ou ap pran pòt lènmi
l’ yo, nan ras ou tout nasyon tè a ap jwenn benediksyon paske ou te obeyi vwa
m’”. Abraam tounen kot ti moun li yo, yo pati Bèsabe ansanm, yo abite la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS :114, 1-2. 3-4. 5-6. 8-9
R/ M’ap mache devan
Granmèt la nan rejyon vivan yo.
Mwen renmen,
paske Granmèt la koute vwa lapriyè m’. Paske li panche zòrèy li sou mwen, lè
mwen t’ap lapriyè nan jou m’ yo.R.
Pyèj lanmò yo te
antoure m’, kè sere lanfè a rive sou mwen, Tray ak doulè, se sa mwen rankontre,
mwen te lapriyè non Granmèt la: “Granmèt, tanpri, delivre nanm mwen”.R.
Granmèt la gen
kè sansib, li kòrèk, Bondye nou an pran pitye. Granmèt la pwoteje ti piti yo;
mwen te rabese, li sove m’.R.
Paske li delivre
nanm mwen sot nan lanmò, je m’ sot nan dlo, pye m’ sot nan fo pa ki t’ap jete
m’. M’ap mache devan Granmèt la nan rejyon vivan yo.R.
LEVANJIL
“Yo fè lwanj Bondye, ki
bay lèzòm yon si gran pouvwa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 1-8
Lè
sa a:
Jezi
monte nan yon batiman, li travèse lanmè, li rive nan lavil li a. Men yo vin
prezante l’ yon moun ki pa kapab fè mouvman, ki kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li
di moun paralezi a: “Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase”.
Detwa nan
pwofesè yo di nan kè yo: “Sila a ap derespekte Bondye”.
Lè Jezi wè panse
yo, li di: “Pouki sa n’ap kalkile sa k’ mal nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil
pou di: “Peche w’ yo padonnen”, oswa di: “Leve, mache”? Ebyen pou nou kapab
konnen Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo”, lè sa a li
di moun paralezi a: “Leve, pran kabann ou, al lakay ou”.
Li leve, li pati
ale lakay li.
Lè foul yo wè
sa, yo sezi, yo fè lwanj Bondye, ki te bay lèzòm yon si gran pouvwa.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
“Leve,
pran kabann ou, al lakay ou”. Se ak pawòl sa yo Jezi te pase nèg paralize a lòd pou
li ale lakay li, aprè kokenn chenn mirak li opere nan lavi li. Tout sa ki parèt
enposib pou lèzòm, se sa ki pi fasil pou Granmèt la! Pitit moun nan gen
pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo. Se sa Jezi te vle montre pwofesè yo
ki te refize kwè nan kalite travay Jezi t’ap fè yo. Yo te pretann Jezi t’ap fè
manti sou Bondye, yo te vle fè li pase pou yon blasfematè, lè li te di nèg paralize
a: “Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase”.
Pawòl sa a, se
yon pawòl liberasyon, se pa sèlman yon liberasyon pou kò a, men se sitou yon
liberasyon pou nanm nan.
Menm jan tou, sa
fè nou konprann gen anpil fwa n’ap soufri, se paske peche a paralyze nou. Se
peche a ki fè nou prizonye maladi n’ap sipòte nan kò nou ak nan lespri nou yo,
bagay ki fè nou pa kapab jwi libète Bondye vle pou tout pitit li yo.
Yon lòt mesaj
Levanjil jodi a pote pou nou, sèke nou pa kapab sove san lòt yo, nou bezwen
konkou yo, nou bezwen lapriyè yo ak entèsesyon yo, paske anpil fwa Bondye
toujou itilize yon entèmedyè, li bezwen yon medyasyon menm si li gen pouvwa tou
pou li aji dirèkteman. Se sa nou wè nan istwa gerizon nonm paralize a. Matye ba
nou presizyon sou kontèks la ak nan fason sa te fèt: “Lè sa a: Jezi monte nan
yon batiman, li travèse lanmè, li rive nan lavil li a. Men yo vin prezante l’
yon moun ki pa kapab fè mouvman, ki kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li
di moun paralezi a: “Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase”.
Jodi
a, gen anpil moun ki gen yon paralizi ki sanble ak paralizi nèg sila. Genyen
tout kalite fòm paralizi ki kokobe nou fizikman oubyen moralman: nou kapab
site, renmen lajan, dwòg, sigarèt, grangou, lamizè sou tout fòm, maryaj gason
ak gason oubyen fanm ak fanm, egoyism, jalouzi, rayisans, elatriye.
Ann mande
Granmèt la pou li libere nou anba jouk paralizi sa yo. Ann mande li pran pitye
pou nou e fè nou gen mizerikòd pou lòt yo, menm jan li menm li gen mizerikòd
pou nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple
vin delivre nou; boule peche nou yo ak dife mizerikòd san limit ou a, e fè nou
tounen yon moun nouvo. Ba nou sante fizik ak mantal pou nou kapab fè lwanj ak
konpliman pou ou san rete.
PWOPOZISYON: Ofri
Granmèt la tout paralizi k’ap kokobe ou e ki fè ou pèdi imaj li nan lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario