Páginas

MÈKREDI 1

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Pitit sèvant la p’ap eritye avèk Izaak pitit mwen an".
LEKTI LIV LAJENÈZ 21, 5. 8-20
Lè Abraam te vin gen santan, nan laj sa a, li vin papa, Izaak fèt. Pitit la grandi, yo sevre l’; Abraam fè gran resepsyon, jou yo sevre l’ la.
Lè Sara wè pitit Aga fi Lejip la t’ap jwe avèk Izaak pitit li a, li di Abraam: "Chase sèvant sa a avèk pitit li a: pitit sèvant la p’ap eritye avèk pitit mwen Izaak". Abraam aksepte sa avèk kè sere pou pitit li a.
Bondye di l’: "Sa pa dwe parèt rèd pou ou, kesyon pitit ou fè avèk sèvant ou a; tout sa Sara ap di ou, koute vwa l’, paske se nan Izaak yon desandans ap pote non pou ou. Men pitit sèvant la tou, m’ap fè l’ vin tounen yon gran nasyon, paske se desandans ou li ye".
Abraam leve granmaten, li pran pen avèk yon krich dlo, li mete sou zepòl Aga; li renmèt li ti pitit la, li voye l’ ale. Lè l’ pati, li mache san direksyon nan dezè Bèsabe a. Lè dlo a fini nan krich la, li jete pitit la anba youn nan pye bwa yo ki te la a  epi l’ale; li chita pi lwen sot kote sa a, distans yo ta kapab tire yon kout flèch. Li di: "Mwen p’ap wè pitit la k’ap mouri". Li chita an fas li; li menm, li leve vwa l’, li kriye.
Bondye tande vwa ti pitit la; Mesaje Bondye a rele Aga antan l’ nan syèl la, li di: "Ki sa ou genyen, Aga? Pa pè; Bondye tande vwa ti pitit la kote l’ ye a. Leve, pran ti pitit la, kenbe men l’, paske se yon gran nasyon m’ap fè l’ tounen".
Bondye louvri je l’; li wè yon pui dlo, l’ale, li plen krich la, li bay ti pitit la bwè. Li ret la avèk li; pitit la grandi, li rete nan savann, li vin tounen yon jèn jan ki konn tire flèch.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 33, 7-8. 10-11. 12-13 (r.: 7a)
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove l’.
Mesaje Granmèt la ap veye alantou moun ki respekte l’ yo, pou l’ delivre yo.R.
Respekte Granmèt la, sen l’ yo, paske pa gen bezwen pou moun ki respekte l’ yo.
Rich yo vin pòv, yo grangou, men sa k’ap chèche Granmèt la, yo pa manke okenn byen.R.
Vini, pitit mwen yo, koute m’: m’ap aprann nou respè Granmèt la.
Kilès moun sa a ki vle lavi a, ki renmen jou pou l’ wè byen an? R.
LEVANJIL
"Ou vini isit anvan lè a pou ou maltrete demon yo?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 8, 28-34
Lè sa a:
Lè Jezi rive lòt bò lanmè nan rejyon Jerazenyen yo, gen de moun ki gen demon ki vin rankontre l’, yo te sòti nan kavo yo, yo te mechan anpil, si tèlman, pèsòn pa t’ kapab pase nan wout sa a. Yo pran rele, yo di: "Sa k’ genyen ant nou menm ak ou menm, Jezi Pitit Bondye? Ou vini isit anvan tan an pou ou maltrete nou?"
Pa lwen yo, te gen yon bann pakèt kochon ki t’ap manje. Demon yo lapriyè l’, yo di: "Si ou chase nou sot isit la, voye nou nan bann kochon yo". Li di yo: "Ale". Yo pati, y’al nan kochon yo; menm lè a ak yon sèl mouvman, tout bann kochon an pati tèt bese nan lanmè, yo mouri nan dlo yo.
Gadyen yo menm sove, yo vin nan lavil la, yo rakonte tout bagay, ansanm ak sa k’ te rive moun yo ki te gen demon yo. Tout lavil la sòti vin rankontre Jezi; lè yo wè l’, yo lapriyè l’ pou l’ pati sot nan peyi yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a nou kontanple yon tris kontradiksyon. Kontradiksyon, paske nou admire pouvwa ak grandè Jezikri kòm Bondye, pouvwa ki soumèt demon yo (siy ki montre ke Wayòm Bondye a pa lwen rive). Men an menm tan tou, nou pran lapèn lè nou gade kijan lòm nan kapab rejte sila ki pote Bòn Nouvèl la: « Tout lavil la sòti vin rankontre Jezi; lè yo wè l’, yo lapriyè l’ pou l’ pati sot nan peyi yo» (Jn 1, 9.11).
P’ap gen kontradiksyon ak sipriz ankò, si nou konsidere ke lòm nan lib epi libète sa a gen pouvwa pou «opoze» ak pouvwa enfini Bondye. Pou nou di sa yon lòt fason: puisans Bondye ki san limit la, li sèlman rive kote puisans libète nou pèmèt li rive.Sa fèt konsa paske Bondye renmen nou prensipalman kòm Papa e, akoz sa, nou pa kapab twò etone si nou wè li respekte libète nou: Li pa enpoze nou renmen li an, men li pwopoze nou li.
Avèk sajès li, bonte li ki san mezi, Bondye gouvènen linivè a, nan respè libète nou; menm si moun nan kapab vire do bay Bondye epi li refize volonte li. Men sa pa vle di Bondye pèdi kontwòl mond lan: Bondye mete tout bagay nan plas yo, malgre baryè nou kapab prezante. An reyalitè baryè nou yo, se antrav nou mete pou pwòp tèt pa nou.
Malgre tou, nou kapab di ke « devan libète moun nan, Bondye te vle fè li enpuisan». E nou kapab di tou ke Bondye peye pou gwo kado (libète) sa a ke Li te bay yon kreyati li te fè ak pwòp men li selon pòtre ak imaj li» (Jan Pòl II). Bondye peye! Si nou rejte li, Li obeyi epi li ale. Li peye, men se nou ki pèdi. Nou genyen, lè nou bay yon repons tankou Lasent Vyèj Mari: «Mwen se sèvant Granmèt la, se pou sa fèt jan ou di a» (Lik 1,38).
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri vin kase tout chenn lespri move santiman ki kenbe lanmou pwochen an an otaj, pou nou ka viv nan amoni youn ak lòt.

PWOPOZISYON: Bay Bondye posiblite pou li fè kichòy nan lavi mwen. M’ap dispoze mwen pou li ka fè sa li vle ak mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario