Koulè
Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“An nou fè Izrayèl pase mati, pou l’ pa riske vin twòp”.
NAN LIV EGZÒD 1, 8-14. 22
Jou sa yo:
Yon nouvo wa leve Lejip, li pa t’ rekonèt Jozèf; li di
pèp li a: “Gade, pèp pitit Izrayèl yo vin anpil, li vin pi fò pase nou: an nou
wè, n’ap kraze l’ ak ladrès, pou l’ pa vin pi plis, pou si gen lagè kont nou,
li pa gonfle kan lènmi nou yo, pou l’ pa batay kont nou, pou l’ pa sòti nan
peyi a”. Li mete chèf travay sou yo, pou
yo fè yo pase mati anba gwo travay; yo bati vil abitasyon Farawon yo, Pitom ak
Ranmsès. Plis yo t’ap fè yo pase mati, se plis yo t’ap vin anpil, yo t’ap
devlope. Ejipsyen yo te rayi pitit Izrayèl yo, yo t’ap fè yo pase mati, yo t’ap
pase yo nan rizib; yo t’ap fè lavi yo vin anmè ak travay ki rèd pou prepare tè
pou fè brik, ak tout kalite travay yo fè peze sou yo nan travay tè a. Farawon pase tout pèp li a lòd, li di: “Tout
gason ki fèt, jete l’ nan larivyè a; si se fi, kite li”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
123, 1-3. 4-6. 7-8
R/ Sekou nou o non Granmèt la.
Si Granmèt la pa t’ nan nou, se pou Izrayèl di sa
koulye a, si Granmèt la pa t’ nan nou, lè moun yo leve kont nou an, pètèt se
tou vivan yo t’ap vale nou, lè raj yo t’ap boule kont nou an. R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou, larivyè a t’ap pase anlè
tèt nou, petèt
yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap bouyi yo. Konpliman pou Granmèt la, ki
pa renmèt nou kòm manje anba dan yo.R.
Nanm nou tankou zwazo ki chape sot nan pyèj chasè yo:
pyèj la kraze, nou menm menm nou chape. Sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl
la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin
pote lapè, men epe”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 10, 34-11, 1
Lè sa a, Jezi di Apot li yo:
“Pa konprann se lapè mwen vin mete sou tè a; mwen pa
vin mete lapè, men epe. Sèke mwen vini pou m’ separe moun nan kont papa l’,
pitit fi a kont manman l’, bèl fi a kont bèl mè l’; moun nan ap gen moun lakay
li kòm lènmi l’.
Moun ki renmen papa l’ oubyen manman l’ plis pase m’,
li pa merite pou l’ disip mwen, moun ki renmen pitit gason l’ oubyen pitit fi
l’ plis pase m’, li pa merite pou l’ disip mwen. Moun ki pa pran kwa l’, ki pa
suiv mwen, li pa merite pou l’ disip mwen. Moun ki jwenn lavi l’, l’ap pèdi l’;
moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li.
Moun ki resevwa nou, li resevwa m’; moun ki resevwa m’,
li resevwa sila a ki voye m’ nan. Moun ki resevwa yon pwofèt kòm pwofèt, l’ap
resevwa rekonpans pwofèt; moun ki resevwa yon moun kòrèk kòm moun kòrèk, l’ap
resevwa rekonpans moun kòrèk.
Nenpòt ki moun ki bay youn nan pi piti sa yo yon vè dlo
fre sèlman kòm disip, an verite mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li”.
Rive, lè Jezi fin pase tout lòd sa yo bay douz disip li
yo, li pati sot la, pou l’al bay lansèyman, pou l’al preche nan lòt vil yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Tout gason ki fèt, jete l’ nan
larivyè a; si se fi, kite li”. Se kalite lòd sa a Farawon te pase bay tout
pèp li a, yon fason pou te anpeche pèp Izrayèl la kontinye ap grandi nan peyi
Lejip, paske selon konsta pèp Ejipsyen an te fè, li te panse yon jou pèp
Izrayèl te ka rive domine li si li vin pi gran pase li. Se pou rezon sa ki fè
li te deside redui pèp sa nan esklavaj;
santiman ak atitid Ejipsyen yo te genyen kont Izrayèl, nou jwenn li
eksprime nan finisman premye lekti a ak pawòl sa yo: “Ejipsyen yo te rayi pitit Izrayèl yo, yo t’ap fè yo pase mati, yo t’ap
pase yo nan rizib; yo t’ap fè lavi yo vin anmè ak travay ki rèd pou prepare tè
pou fè brik, ak tout kalite travay yo fè peze sou yo nan travay tè a.”
Men, Bondye pa kite pitit li tankou pitimi san gadò.
Nan menm kontèks maspinay sa a ke pèp Izrayèl la t’ap viv la, gen yon ti gason
ke Bondye te prezève; ti gason sa te rele Moyiz e se li menm Bondye pral bay
misyon pou delivre pèp li a, se atravè li Bondye pral montre puisans li ak
renmen li an ki depase tout konpreyansyon lèzòm. Lè Moyiz grandi, li vin yon
gwo gason, antan li t’ap fè gadinay pou bòpè li Jetwo, Bondye rele li, li
dyaloge ak li e li voye li kote Farawon pou mande li fè pèp la jistis. Moyiz
t’ap tranble, li te tou pè, paske li pa t’ konnen sa li t’a pral di gwo nèg sa
a yo rele Farawon an. Bondye te ba li pawòl pou li di, li te
ba li rasirans. Se yon bèl istwa ke nou dwe li, se youn nan pi bèl pasaj ki nan
Labib la ki montre nou pouvwa Bondye Izrayèl la. Li Ekzòd la, se sèl liv nan
Labib la ki rakonte nou istwa travèse pèp Izrayèl. Nan liv sa a nou jwenn tout detay sou liberasyon pèp
la. Men nan tout sa, gen twa bagay pou nou kenbe: 1) Bondye pa dakò ak kèlke
swa fòm esklavaj: li delivre pèp li a anba maspinay nan Peyi Lejip; 2) Bondye
rele moun pou li libere moun: li itilize entèmedyè, li rele Moyiz pou libere
pèp li a; 3) Bondye refè diyite moun nan: li kondi pèp la nan peyi kanaan, peyi
kote lèt ak myèl ap koule. Se pou sa menm Izrayèl t’ap chante bèl sòm 123 sa a,
antan li di: “Si Granmèt la pa t’ nan nou, se
pou Izrayèl di sa koulye a, si Granmèt la pa t’ nan nou, lè moun yo leve kont
nou an, pètèt se tou vivan yo t’ap vale nou, lè raj yo t’ap boule kont nou an.”
Jounen jodi a, genyen anpil
moun ki bezwen liberasyon Granmèt la, genyen anpil moun ki bezwen sòti nan
esklavaj peche a, anpil moun bezwen fè yon Pak, yon travèse, yon ekzòd. Jodi a
se pa travay di anba solèy ak lapli, lannwit kou lajounen pou fabrike brik pou
konswi gwo chato pou Farawon, se pa sa ki esklavaj limanite ap viv la non!
Nouvo esklavaj la se renmen lajan, komès dwòg, vyolans nan fanmi ak nan sosyete
a, se rayisans, se jalouzi, se pran sa ki pa pou ou, se fè adiltè, se meli melo
fanm marye ak fanm, epi gason ap chèche marye ak gason, se dezi pou fè lagè,
menase lòt nasyon ak gwo misil, gwo zam nikleyè, se chèche plezi pasi pala… Se
chèn esklavaj sa yo ki merite kase jodi a. Kilès k’ap kase yo? Bondye k’ap kase yo? Kòman l’ap kase yo? L’ap kase yo
ak men moun ke li chwazi. Ki moun l’ap chwazi? Mwen menm ak ou menm? Kilè? Jodi
a. Se pa nan yon rèv Bondye pral rele ou, men se depi jodi a li rele mwen menm
ak ou pou liberasyon pèp li a, sa vle di tout moun k’ap viv yon fòm esklavaj.
Jezi mande nou pou nou fè yon chwa radikal pou nou kapab reyalize misyon sa: li
di nou fòk nou pran kwa nou, fòk nou pa pè bay sa nou pou li. Moun ki bay san
li pou Jezi deja gen lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri vin
pote nou sekou, vin kase tout vye chèn ki mare nou nan esklavaj peche a, ki
rann nou egoyis e ki fè nou pa vle wè lòt la pwogrese ni nou pa vle ede li
pwogrese. Aprann nou renmen e fè nou fè volonte ou chak jou nan lavi nou, konsa
tout chèn esklavaj nou yo va kase. Amèn
PWOPOZISYON: Kite Granmèt la itilize bouch ou pou li pale, kite li
itilize men ou pou li aji, zorèy ou pou li koute, pye ou pou li vizite epi kè
ou pou li konprann moun ki bezwen sa jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario