Páginas

DIMANCH 12

Koulè Vèt
KENZYÈM SEMÈN ÒDINÈ ANE-B
PREMYE LEKTI
"Ale, fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen an".
LEKTI LIV PWOFÈT AMÒS 7, 12 -15
Jou sa yo : Amazyas, prèt Betèl la, di Amòs :
"Ou menm ki gen vizyon an, al fè wout ou ; sove kò ou nan peyi Jida, w’a manje pen ou laba a, w’a fè deklarasyon pwofèt laba a. Men nan Betèl, ou pa bezwen kontinye ap fè deklarasyon pwofèt ankò, paske se kay sakre wa a ak kay rèn nan".
Amòs reponn, li di Amazyas : "Mwen pa pwofèt, mwen pa pitit pwofèt ; men se bèf mwen konn gade, avèk pye fig frans mwen konn taye. Granmèt la pran m’, pandan mwen t’ap suiv bann bèt yo, Granmèt la di m’ : Ale, fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen Izrayèl".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9ab-10. 11-12. 13-14 (r.: 8)
R/ Fè nou wè kè sansib ou a, Granmèt, delivrans ou a, ba nou li.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman vre li tou pre moun ki respekte l’ yo, delivrans li a, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li chwazi nou nan li anvan tè a te fèt".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1, 3-14
Konpliman pou Bondye Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou ak tout kalite benediksyon Lespri a nan syèl la nan Jezikri. Jan li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt la, pou nou sen, san repwòch devan l’ nan renmen an. Li te destine nou davans pou nou vin tounen pitit adoptif pou li gras a Jezikri, daprè desizyon volonte l’, pou lwanj bèlte favè l’. Se nan favè sa a li ba nou avantaj nan Pitit li a li renmen an.
Nan li nou gen delivrans gras a san l’, padon peche yo daprè richès favè l’, ki ranvèse sou nou nan tout kalite sajès ak syans. Se te dekwa pou l’ te kapab fè nou konnen mèvèy sakre volonte l’, daprè bon plezi l’, sa l’ te ranje davans nan li pou fè tan yo rive nan dènye bout kous yo, fè tout bagay kanpe nan Jezikri, sa k’ nan syèl la ak sa k’ sou tè a, nan li.
Se nan li menm tou yo chwazi nou, yo rele nou, nou menm tou, pitit Izrayèl yo, yo destine nou davans daprè plan sila a ki fè tout bagay gras a desizyon volonte l’ la, pou nou vin sèvi lwanj bèlte li, nou menm ki te espere davans nan Jezikri a. Nan li menm nou menm tou, lè nou te tande pawòl verite a, levanjil delivrans nou an, nou te kwè, nou te make ak mak Lespri Sen yo te pwomèt nou an, li menm ki garanti eritaj nou an, pou delivrans n’ap jwenn nan, pou lwanj bèlte li.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li kòmanse voye yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 7- 13
Lè sa a:
Jezi rele douz yo, li kòmanse voye yo de pa de; li ba yo pouvwa sou lespri papwòp yo.
Li pase yo lòd pou yo pa pran anyen pou wout la, sof yon baton sèlman: ni sak, ni pen, ni lajan; men pou yo gen sandal nan pye yo; pou yo pa gen de chemiz.
Li t’ap di yo: "Nenpòt kay kote nou antre, ret la joustan nou pati. Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa koute nou, antan n’ap sòti, souke pousyè pye nou kòm temwayaj pou yo".
Yo pati, y’al preche pou moun yo chanje konduit, yo chase anpil demon, yo pase luil sou anpil malad, malad yo geri.
REFLEKSYON: Jezi bay apot li yo yon bèl misyon, preche levanjil la, wete tout sa k’ fè moun mal, montre yo jan Bondye renmen yo. Se douz apot yo Jezi chwazi pou chèf nan kominote li a. Se yon gwo responsablite. An nou gade ki konsèy li te bay yo.
Premyèman, Jezi te voye yo de pa de. Sa ka sanble yon gaspiyaj. Gen douz apot, li te ka voye yo al preche nan douz kote. Men li fè yo ale de pa de, sa vle di, se sis kote sèlman k’ap jwenn bòn nouvèl la. Men mache ansanm nan te pi enpòtan pou Jezi pase rive pi lwen.  Depi moun yo wè de nèg yo rive epi y’ap travay an ekip, yo gen tan bay katrevendi pousan nan mesaj la deja. Depi yo montre gen linyon nan mitan yo, y’ap konvenk moun yo pi fasil.
Aprè sa, li mande yo mache tankou moun senp. Se chèf yo ye, men se yon sèl chemiz yo bezwen, se pa pou yo gen de chemiz. Se pa pou yo kouri dèyè lajan, paske se pa pou sa li ba yo misyon an. Epi se pa pou yo vante tèt yo, paske se Granmèt la ki chwazi yo, se pa yo k’ merite. Misyon y’ap fè a se onon Granmèt la, se yon sèvis pou pèp li a.
Lè fini, li di yo si gen moun ki pa aksepte yo, yo pa bezwen goumen. Pito yo pa okipe moun sa yo, al yon lòt kote, kote y’ap ka travay pi byen.
Vrèman vre, nan moman n’ap viv nan peyi nou an, se mesaj sa a nou bezwen tande. Peyi a bezwen moun ki konn travay an ekip. Peyi a bezwen chèf ki pa vòlè. Nou bezwen politisyen ki dakò pou yo sispann goumen, pou yo fokis sou sa yo kapab fè pou peyi a vanse.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou te chwazi Amòs pou l’ te sèvi ou kòm pwofèt, lè Amòs te yon gadò bèf. Si w’ te chwazi li, ou ka chwazi mwen tou. Di m’ ki sa ou vle m’ fè pou ou Granmèt, mwen disponib ! Amèn.

PWOPOZISYON: Se pa sèlman politisyen yo ki bezwen chanjman nan peyi a. Mwen menm menm, èske m’ konn travay an ekip?  Èske m’ konn rann moun sèvis gratis?  Èske m’ kontinye travay malgre tripotay yo pale sou mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario