Koulè
Blan
SEN
BENWA, ABE (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye ap vizite nou, l’ap fè nou monte sot nan peyi sa”.
NAN LIV LAJENÈZ 49, 29-32; 50, 15-24
Jou sa yo:
Jakòb pase pitit li yo lòd, li di: “M’ap tounen kot pèp
mwen an; se pou nou antere m’ avèk zansèt mwen yo nan twou wòch doub la, ki nan
jaden Efwon, Itit la, an fas Manbre a, nan peyi Kanaan an, sa Abraam te achte
avèk jaden an nan men Efwon, Itit la, kòm posesyon pou simityè a. Se la yo te
antere l’, ni Sara, madanm li, se la Izaak te antere avèk Rebeka, madanm li, se
la tou Le a kouche, lè yo fin anbome li”.
Lè l’ fin pase lòd, pou l’ enstwi pitit li yo, li
ranmase pye l’ sou kabann nan, li mouri; yo depoze l’ kot pèp li a. Lè l’ fin mouri, frè Jozèf yo te pè, youn di
lòt: “Si l’ sonje move tretman li te sibi a, epi li renmèt nou tout mal nou te
fè l’ la”, yo mande l’ konsa: “Papa nou te pase nou lòd anvan l’ te mouri, pou
nou te di ou pawòl li yo: “Mwen lapriyè ou pou ou bliye krim frè w’ yo ni peche
yo, ni mechanste yo, sa yo te fè kont ou a”. Nou menm tou nou lapriyè ou pou ou
padonnen sèvitè Bondye papa ou yo pou fòt sa a”. Lè l’ tande sa, Jozèf kriye.
Frè l’ yo vin kote l’, yo bese jous atè devan l’, yo
di: “Nou se sèvitè ou”. Li reponn yo: “Pa pè. Èske nou kapab reziste volonte
Bondye? Nou te kalkile mal kont mwen. Men Bondye fè
sa vin tounen byen, pou l’ leve m’ anlè (jan nou wè koulye a), pou l’ sove
anpil pèp. Pa pè: m’ap okipe nou ni pitit nou yo”. Li konsole yo, li pale ak yo
avèk jantiyès, avèk dousè.
Li abite
Lejip avèk tout kay papa l’; li viv sandizan, li wè pitit Efrayim jous nan
twazyèm jenerasyon. Ni pitit Maki tou, pitit Manase yo fèt sou jenou Jozèf.
Aprè sa,
Jozèf di frè l’ yo: “Aprè lanmò m’, Bondye ap vizite nou, l’ap fè nou monte sot
nan peyi sa a al nan peyi li te fè sèman bay Abraam, Izaak ak Jakòb la”. Lè l’
fin ba yo konsiy, lè li fin di: “Bondye ap vizité nou: se pou nou pote zo m’
avèk nou sot isit la”, Jozèf mouri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7
R/ Pòv yo, chèche Bondye, kè nou ap viv.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan
pami nasyon yo. Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo
k’ap chèche Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li
tout tan.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
“Pa pè moun
k’ap touye kò yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 24-33
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Disip la pa anlè mèt la, ni sèvitè a pa anlè mèt li.
Sa kont pou disip la vin tankou mèt li, pou sèvitè a vin tankou mèt li. Si yo
rele pèdfamiy nan Bèlzeboub, y’ap di pi mal pou sèvitè l’ yo.
Pa pè yo. Nan pwen anyen ki kache yo p’ap konnen. Sa m’
di nou nan fènwa a, di l’ nan limyè; sa nou tande nan zòrèy, preche l’ sou tèt
kay.
Pa pè sila yo k’ap touye kò a, men ki pa kapab touye
nanm nan; pito nou pè sila a ki kapab pèdi ni nanm nan ni kò a nan dife a. Èske
yo pa vann de zwazo pou yon goud; youn nan yo pa tonbe atè san Papa nou pa vle.
Cheve nan tèt nou, yo tout yo konte yo. Konsa, pa pè: nou vo plis pase anpil
zwazo.
Nenpòt moun k’ap rekonèt mwen devan lèzòm, mwen menm
tou m’ap rekonèt li devan Papa m’ ki nan syèl la. Men moun k’ap nye m’ devan
lèzòm, m’ap nye l’ tou devan Papa m’ ki nan syèl la”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Si yo pa poze nou kesyon sa a – nou menm k’ap sèvi
Bondye: ki pi gwo bagay ki reprezante difikilte nan sèvis misyonè Jezikri a, li
pwobab pou anpil nan nou ta reponn: kritik ak lanmò. Natirèlman nou menm moun,
menm jan ak lòt zannimo yo, premye reyaksyon nou genyen devan yon sitiyasyon,
se defann nou. E anpil fwa metòd defans nou redwi a de sèlman. Se kritik ak
vyolans, se jeneralman premye fason nou reyaji fas a moun k’ap kritike nou
yo ; sa vle di yon kritik ki jwe wòl anti-kritik ; oubyen nou chanje
diskou, lide oubyen pozisyon lè bagay yo parèt nwa pou nou. Sepandan lè nou youn ap egzote lòt nou souvan
di : pran kouraj frè m’, Bondye se fen an ki konte pou li.
Kisa ki fè diferans ant nou menm ak lòt moun yo ? Èske se sèlman
esperans yon lòt vi tou nèf Granmèt la pwomèt nou an ? Poukisa diferans sa
a manke manifeste ? Nan premye lekti jodi a nou jwenn repons ak kesyon sa
yo nan lavi Jozèf. Malgre frè l’ yo te fin vann li, li pa genyen yo rankin, men
pito li akeyi yo an Egip lè yo te desann al chèche yon lavi miyò. Repons lan pa
lòt bagay ke konpreyansyon. Se sa ki pèmèt nou rann nou kont de inyorans frè
nou ki anpil fwa fè l’ komèt kèk reyakyon ki ka fè nou ditò. Se li menm tou ki
ban n’ posiblite dekouvri dèyè vye aksyon nou yo, sa nou fè youn lòt yo, ki
kalite lanmou k’ap jayi nan mitan n’. Li ede n’ konbat kont vwal ògèy ki anpil
fwa konn vle bouche je nou, kont lanbisyon ki souvan vle fè n’ pran plas mèt
la. Jezi, nan levanjil jodi a, envite n’ kite yon plas nan vi n’ pou
konpreyansyon ka boujonnen, paske lè l’ fin boujonnen li p’ap bay lòt fwi ke
tolerans. Pa pè si yo di nou
ke esperans nou pa baze sou anyen. Pa pè si lanmou nou dwe genyen oubyen nou
genyen pou pwochen nou yo ka koz lanmò nou, paske lavi nou kòm kretyen, se yon
angajman ki p’ap janm fini nou pran pou nou chèche vizaj Bondye nan moun ki
antoure nou yo. E youn nan pi bon mwayen nou ka rive fè sa, se nan konbinezon
pasyans ak konpreyansyon. Se lè n’a rive
konbine de kalite sa yo n’a va konprann ke atravè pawòl sa a: «Sam di nou nan
fè nwa, di l’ nan limyè; sa nou tande nan zòrèy, preche l’ je klè». Jezikri
envite n’ fè lavi n’ tounen espas kote bòn nouvèl la fè eko. Se sèl fason sa a n’ap sispann pran atitid defans lè,
malgre tout eprèv, nou dwe simaye mesaj la.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm
ki toujou ap tann nou vin jwenn ou malgre engratitid nou yo, paske ou se yon
Bondye mizerikòd san limit, montre n’ kijan pou n’ manifeste tolerans nou anvè
pwochen nou yo, konsa n’a aprann renmen tout bon vre. Nou lapriyè w’ konsa nan
non Jezi, pitit ou. Amèn.
PWOPOZISYON : Malgre tout obstak ou kapab rankontre, rekonèt Jezi devan
lèzòm pou li ka rekonèt ou devan Papa Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario