Koulè
Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Granmèt la
t’ap pale ak Moyiz fas a fas”
NAN LIV EGZÒD 33, 7-11; 34, 5b-9. 28
Jou sa yo:
Moyiz pran joupa a, li drese l’ an deyò kote joupa yo
te poze a, byen lwen; li rele non l’ “joupa contra a”. Tout pèp la, ki te gen
kichòy pou regle, yo te konn soti al nan joupa contra a an deyò kote joupa yo
te poze yo.
Lè Moyiz te konn sòti pou l’al nan joupa a, tout pèp la
te konn leve, chak moun te konn kanpe nan papòt joupa l’, yo te konn fikse je
dèyè Moyiz, joustan li antre nan joupa a. Lè l’ antre nan joupa contra a, kolòn
nyaj la te konn desann, li te konn kanpe nan papòt la; Granmèt la te konn pale
avèk Moyiz, pandan tout moun ap gade kijan kolòn nyaj la te konn kanpe nan
papòt joupa a. Tout moun te konn ret kanpe, yo te konn adore devan joupa yo.
Granmèt la menm te konn ap pale avèk Moyiz fas a fas, tankou yon moun konn pale
avèk zanmi l’. Lè li menm li te konn tounen nan kote joupa yo te poze a, Jozye
sèvitè l’ la, pitit Noun nan, yon ti gason, pa t’ konn sòti nan joupa a.
Moyiz rele non Granmèt la. Lè l’ pase devan l’, li di:
“Mèt Granmèt Bondye, ki sansib, ki bon, ki gen pasyans, ki gen anpil kè sansib,
ki fidèl, ki kenbe kè sansib li pou mil ak mil jenerasyon, ki wete mechanste ak
fot ak peche, pèsonn pa inosan devan ou, ou menm ki renmèt mechanste papa yo
sou pitit ak pitit pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon”. Moyiz fè vit,
li ajenou, li met kò l’ plat atè, li adore, li di: “Si m’ jwenn favè devan fas
ou, Granmèt, tanpri mache avèk nou (sèke pèp la gen kou rèd), wete fot nou yo
ak peche nou yo, pran posesyon sou nou”.
Li rete la avèk Granmèt la pandan karant jou ak karant
nuit; li pa manje pen, li pa bwè dlo, li ekri dis pawòl kontra yo sou galèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
102, 6-7. 8-9. 10-11. 12-13
R/ Granmèt la sansib, li pran pitye.
Granmèt la fè jistis ak jijman pou tout moun k’ap sibi
jouman. Li fè Moyiz konnen chemen l’ yo, li fè pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li
yo.R.
Granmèt la sansib, li pran pitye, li pran pasyans, kè
l’ sansib anpil. Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li
fache.R.
Se pa daprè peche nou yo li aji avèk nou, se pa daprè
fot nou yo li rekonpanse nou. Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li
vide sou moun ki respekte l’ yo.R.
Otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li voye peche nou
yo lwen nou.Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki
respekte l’ yo.R.
LEVANJIL
“Menm jan yo
ranmase chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman
syèk tan yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN13, 36- 43
Lè sa a:
Lè Jezi fin ranvwaye foul yo, li rive nan kay la; disip
li yo pwoche kote l’, yo di: “Eksplike nou parabòl chendan yo nan jaden an”. Li
reponn, li di yo:
“Moun k’ap simen bon semans la, se Pitit moun nan.
Jaden an, se tè a; bon semans la menm, se pitit rèy nan; chendan an, se pitit
dyab yo; lènmi an menm ki simen yo a, se dyab la; rekòlt la, se finisman syèk
tan yo; moun k’ap rekòlte yo menm, se Mesaje yo.
Men jan yo ranmase chendan, yo boule l’ nan dife a, se
konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Pitit moun nan ap voye Mesaje l’ yo,
y’ap ranmase tout moun k’ap fè lòt yo tonbe yo, y’ap wete yo sot nan rèy nan,
ni sila yo k’ap fè peche, y’ap voye yo nan boukan dife a: se la k’ap gen dlo
nan je ak manje dan. Lè sa a atò moun ki kòrèk yo ap klere tankou solèy nan rèy
Papa yo a. Moun ki gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Litiji pawòl
Bondye pou jodi a ap envite nou fè yon rankont pèsonèl ak Bondye nou an.Nan
premye lekti a, nou wè kòman Moyiz te pale fas a fas avèk Granmèt. E se te
tankou de zanmi. Se menm jan, lè nou ap mache dwat devan Granmèt la, nou
respekte non li, nou kapab pale avèk li tankou zanmi nou. Nou wè depi lontan
gen moun ki te respekte Bondye, gen moun ki te konn adore li, moun ki te rekonèt devan grandè li yo pa anyen. Nou menm jounen jodi a, se menm jan, nou dwe pran
tan pou nou adore Granmèt nou an, pou nou viv nan kominyon avèk li, puiske li
merite sa.
Zanj nan syèl yo pa janm sispann adore li, nou menm
ki sou tè a, nou dwe fè menm bagay la tou antan n’ap rekonèt prezans Granmèt la
nan mitan nou, antan n’ap louvri zorèy pou nou koute li epi dispoze nou pou nou
fè sa li mande nou fè. Li menm sèl ki merite lwanj ak konpliman. Nou dwe
rekonèt, tankou Moyiz, nou se pechè, se lagras ak renmen Bondye a ki fè n’ap
viv, se pa paske nou merite sa. Men si nous al, nou lèd ak peche a, Granmèt la
renmen nou ak yon lanmou sa parèy, yon renmen san limit, li gen ke sansib, li
pran pitye pou tout moun ki rekonèt fot yo e ki mande l’ padon.
Nan moso Levanjil jodi a, Jezi ap fè nou konnen, si
nou pa mache daprè volonte li, nou fè sa nou vle, sa nou pi pito, n’ap kraze
brize san nou pa rann kont de ekzistans li ; alò, menm jan yo ranmase
chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan
yo. Nou pral boule nan dife ki p’ap janm fini an.
Ènmi an avèk enterè li yo reprezante tout sa ki
anpeche nou renmen Bondye, renmen pwochen nou. E se bagay sa yo ki fè nou vin
egoyis pou nou wè sèl byen pa nou, san nou pa wè pwochen nou yo. Olye nou
renmen yo e chache byen pou yo, nou pito chèche detwi yo, fè yo enjistis,
pwofite de sitiyasyon yo ki pa twò bon pou nou regle pwòp zafè nou. Nou chache
fè richès sou do yo. Tèks jounen jodi a ap fè nou konnen se pa byen pou nou aji
konsa paske Granmèt la ki se jij nou ap pran defans moun sa yo. E tout moun k’ap fè mal ap genyen rekonpans yo nan dènye tan yo. Lè tout moun ki mache dwat devan Granmèt la ap
rejwi nan rèy syèl la, lè sa tout sa yo ki pa t’mache kòrèk yo pral kriye, yo
pral plenn.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri souple ede nou pou
nou toujou mache nan chemen ou trase pou nou an. Ede nou pou lè nou tande pawòl
ou a nou mete li an pratik.
PWOPOZISYON : Ede yon moun ki nan nesesite jodi a nan ba li
yon bon konsèy k’ap ede li wè klè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario