Koulè Blan
MAT KI SEN (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Si
nou youn renmen lòt, Bondye fè youn ak nou”.
NAN
PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-16
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt
paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo
ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki
pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li
te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an
ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te
voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou youn renmen lòt.
Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n’a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou
konnen nou fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak nou, paske li ban nou Sentespri
li. Nou menm, n’ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout
moun. Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè youn ak yo, yo fè youn
ak Bondye. Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se
renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè youn ak Bondye, Bondye fè
youn ak yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 33 2-3. 4-5. 6-7
R/ Goute,
n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan
Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè
lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen chèche
Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’ anba tout tray li sove
l’.R.
LEVANJIL
“Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 11,
19-27
Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak
lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t’ap vini, li pati, li al kontre li. Men,
Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m’ lan
pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa
ou mande li. Jezi di li: Frè w’ la va leve vivan ankò. Mat reponn li: Wi, mwen
konn sa. Li gen pou l’ leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo
va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay
lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive
mouri. Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri.
Èske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit
Bondye. Ou se moun ki te gen pou ini sou latè a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Youn nan pi bèl diskou nou resevwa nan Levanjil Sen
Jan an, se kote l’ pale n’ de pi bèl prèv renmen sa a nou genyen konsènan
Bondye se kado l’ fè de pwòp pitit li pou vin sove lèzòm. Pi bèl prèv renmen
nOU kapab bay Bondye tou, se renmen pwochen nou. Puiske Bondye renmen nou, li
padone nou nan Jezi ki vin montre nou vrè vizaj Bondye. Disip li yo te temwen renmen
sa a nan akèy Jezi te fè yo, nan sèvi Jezi t’ap sèvi moun yo avèk anpil respè,
avèk anpil espri sakrifis. Disip Jezi yo se temwen renmen san bout sa a Jezi te
manifeste pou moun, pou tout moun, espesyalman sa ki nan sosyete l’ t’ap viv
la, ke yo pa t’ konsidere kòm moun, sa yo t’ap toupizi onon lalwa Bondye a.
Jezi te vin pote limyè pou yo konprann Bondye se kè sansib san bout la, li
toujou padone, li pa chache wè sa n’ fè ki mal yo, men sitou li ede n’ dekouvri
danje ki genyen lè n’ aji mal yo. Nou menm tou, nou dwe tounen vrè disip Jezi
nan sosyete n’ap viv la, nou dwe tounen vrè temwen renmen Bondye a pou tout
moun alawonnbadè. N’ap dekouvri Bondye nan lavi nou lè n’ renmen youn ak lòt:
sa a se temwanyaj n’ap gen pou n’ bay nan lemond antye epi aprann moun yo viv
nan renmen youn ak lòt.
Nan pòsyon Levanjil Jan nou li jodi a, nou
dekouvri nan istwa lanmò Laza a, frè Mat ak Mari a, kote Jezi pral deklare li
se leve vivan (rezireksyon), moun ki
kwè nan li ap viv menm lè yo ta mouri. Nan memwa Legliz la ap fè de Sent Mat
jounen jodi a li vle montre lafwa fanm sa a nan JeziKri Pitit Bondye Vivan an.
Mat se youn nan pitit Izrayèl, ki t’ap tann reyalizasyon pwomès Bondye a. Se sa
li menm menm afime menm nan moman difisil fanmi li ap travèse. Li di Jezi: “Si ou te la frè m’ nan pa
t’ap mouri. Li afime lafwa l’ nan prezans Jezi, sila ki abitye leve moun mouri,
sila a ki pote pawòl lavi a tout kote l’ pase. Nou pa gen anpil detay sou lanmò
Laza a, men Mat afime lafwa l’ nan leve byen vivan an nan dènye jou a. Jan Jezi
te di yon lè, èske zanmi lamarye a ka tris pandan mesye marye a ak li! Jezi ki
se Lavi a menm pral montre nan resisite Laza a sa k’ap ret tann tout moun k’ap
sèvi Bondye, k’ap mache daprè sa li mande yo. Se pou nou mize lavi n’ plis sou
pawòl Bondye a, se pou n’ pwoklame lafwa nou nan Jezikri, Pitit Bondye a ak
tout fòs nou, tout kote n’ pase. Se pou nou viv lafwa nou nan Sila a ki te
mouri a, men ki te leve byen vivan an epi k’ap viv nan mitan nou, nan chak
batize, ki se pwòp manb kò pa li a. Menm jan ak Mat annou pa janm sispann
deklare lafwa n’ nan Sila a Bondye mete apa a pou li a, nan sila a ki wete n’
sot nan peche a ak tout fòs renmen ki nan kè l’ la epi ki klere chemen n’ yo.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt nou, tanpri ede n’ chak jou nan lavi nou; fè pwisans ou eklate
nan lavi nou kòm kretyen batize.Ede nou fè eksperyans rezireksyon.
PWOPOZISYON: Nan kominote n’ap viv la, nan yon
gwoup 2 oubyen 3 moun ann chwazi yon moman pou n’ vizite yon moun malad epi pou
n’ mande Bondye nan lapriyè ak malad la, vin manifeste pwisans leve byen vivan
l’ lan pou gerizon kòporèl ak espirityèl malad la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario