Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la
parèt nan flanm dife, nan mitan raje a”.
NAN LIV EGZÒD 3, 1-6. 9-12
Jou sa yo:
Moyiz t’ap gadiyen mouton Jetwo, bòpè l’, prèt Madyan;
antan l’ap kondui bann mouton yo nan fon savann nan, li rive sou mòn Bondye a,
Orèb. Granmèt la parèt devan l’ nan yon flanm dife, anndan yon touf raje; li wè
touf raje a ap flanbe san l’ pa fè sann.
Moyiz di: “M’ap pwoche pou m’ wè kalite gran vizyon sa
a; pouki touf raje a pa fè sann nan”. Granmèt la obsève kijan li t’ap pwoche
pou l’ gade, li rele l’ antan l’ nan touf raje a, li di: “Moyiz, Moyiz!” Li
reponn: “Men mwen”. Li di: “Pa pwoche isit la; wete sapat ou nan pye ou: sèke
kote ou kanpe a, se yon tè ki sen”.
Li di: “Se mwen menm Bondye zansèt ou a, Bondye Abraam,
Bondye Izaak ak Bondye Jakòb”. Moyiz kache
fas li; li pa t’ pran chans fikse je l’ pou l’ kontre ak Bondye. “Rèl pitit Izrayèl
yo rive kote m’, mwen wè tray yo, sa Ejipsyen yo ap fè yo soufri a. Men, vini,
m’ap voye ou kot Farawon, pou ou fè pèp mwen, pitit Izrayèl yo, soti Lejip la”.
Moyiz di
Bondye: “Kilès mwen ye pou m’ al kot Farawon an, pou m’ fè pitit Izrayèl yo sot
Lejip la?” Li di l’: “M’ap avèk ou, w’ap gen sa a kòm siy, se mwen menm ki voye
ou: lè w’a fè pèp mwen soti Lejip la, w’a ofri sakrifis pou Bondye sou mòn sa
a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 6-7
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’
andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm
mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi
ou yo; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib,
ak pitye.R.
Granmèt la fè
jistis ak jijman pou tout moun k-ap sibi afron.
Li fè Moyiz
konnen chemen l’ yo, li fè pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li yo.R.
LEVANJIL
“Ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo, ou devwale yo bay ti moun piti
yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 25-27
Lè sa a: Jezi
pran lapawòl, li di: “Mwen fè konpliman
pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun
sajès yo ak moun entelijan yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo. Wi, Papa,
paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay, pèsònn pa konnen
Pitit la, sof Papa a; ni pèsònn pa konnen Papa a, sof Pitit la ak moun Pitit la
vle devwale sa”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tou de moso Labib jodi a ap envite nou konprann ke
moun Bondye chwazi pou sèvis li, se pi piti yo; moun ki kwè ke lavi yo se
sèlman yon gras Bondye. Bondye montre pèp Izrayèl la pouvwa li atravè Moyiz ki
t’ap pran swen mouton bòpè l’ yo. Granmèt la montre
renmen li atravè pitit li a, Jezikri. Pawòl Bondye a ap envite nou mete men nan
pat la pou n’ fè youn ak Jezikri ki te vin sou tè a pou l’ montre nou Papa a e
li rele nou chak pou nou kapab angaje nou ak li, pou nou kapab tounen temwen
li, ak temwen renmen Bondye Papa a. Li rele nou pou nou fòme yon sèl kò ak li,
pou nou pran defans lavi. Nan premye
moso Labib la, zanj Bondye parèt sou Moyiz sou fòm dife. Yon flanm dife ki
reprezante prezans Bondye nan vokasyon l’, se flanm Lespri Sen an ki boule nou
pou li kapab transfòme nou, menm jan tout sa n’ap kuit nou pase li sou dife pou
li kapab transfòme. Lè Bondye rele yon moun, li pa dwe twò prese, se Bondye ki
rele li, si l’ rele li se paske li gen yon plan pou li. Moyiz te trè detektif,
li wè yon brèf dife, li anvi avanse pou l’ wè. Anpil fwa sa rive, nou renmen wè pou n’ ka fè kòmantè. Bondye di l’ non!
Anvan ou antre nan sèvis mwen an, ou dwe retire sandal nan pye w’, souke pousyè
ki ka anpeche w’ wè klè; depouye w’ de tout sa ki ka anpeche w’ abandone w’
totalman nan sèvis Granmèt la. Sa se ekzijans ki genyen nan lanmou Bondye a,
yon ekzijans pou w’ chanje fason w’ap viv anvan pou antre nan travay li a. Bondye pa janm rele moun pou l’ mete w’ chita,
tout apèl enplike yon misyon. Ekzijans pawòl Bondye jodi a, se rèl pèp Izrayèl
la, (nou ta kapab di tou se rèl pèp ayisyen an). Misyon Moyiz se al devan Farawon. Se tounen yon lidè, yon gid pou pèp sa a.
Ki misyon pa nou jodi a antan ke ayisyen? Anba ki pèp nou dwe libere? Petèt nou
pa esklav yon pèp, men nou esklav move santiman nou yo oubyen yon lòt bagay,
nou kapab esklav pasyon nou yo. Nou esklav dwòg, sigarèt, tafya, maladi, lajan,
egoyism,… Se yon kesyon ke sòm jodi a ap ede nou reponn, paske se sèl Granmèt
la nan kè sansib li a k’ap pran pitye pou nou, si nou remèt li tout nou menm ak
tout sa nou ye, tout sa nou genyen.
Misyon Bondye konfye nou jodi a, se travay pou liberasyon frè ak sè nou
yo ki twouve yo anba chenn lanmizè ak move trètman. Sa k’ap viv anba esklavaj
nan peyi yo oubyen nan peyi etranje. Frè ak sè nou yo k’ap rele fò nan zòrèy
Bondye paske pitit yo paka ale lekòl, timoun yo grangou, yo pa nan travay, peyi
yo sal, y’ap dòmi anba tant, vòlè ak kadejakè ap fè ladènyè sou yo. Ekzijans
Bondye ap fè nou jodi a, se montre nou gen disponiblite ak kè sansib anvè sa ki
nan nesesite yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt,
fè nou tounen moun k’ap travay pou lapè ak renmen ka blayi toupatou.
PWOPOZISYON: Lapriyè pou mande Bondye gras pou dekouvri vokasyon
ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario