Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DE MON KAMÈL
(MEMWA)
PREMYE MOSO
LABIB
“Se mwen sila
a ki toujou la a. Sila a ki la a voye m’ kote nou”.
NAN LIV EKZÒD 3, 13-20
Jou sa yo:
Moyiz tande vwa Granmèt la nan mitan raje a, li di l’:
“M’a pral kot pitit Izrayèl yo, m’ap di yo: “Bondye zansèt nou yo voye m’ kote
nou”. Si yo di m’: “Ki non l’?” Ki sa pou m’ di yo?” Bondye di Moyiz: “Se mwen
menm sila a ki toujou la a”. Li di: “Se konsa w’a di pitit Izrayèl yo: “Sila a
ki toujou la a voye m’ kote nou”. Bondye
di Moyiz toujou: “Men sa w’a di pitit Izrayèl yo: “Granmèt Bondye zansèt nou yo,
Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb voye m’ kote nou; se non sa a m’ap
gen pou tout tan, se souvni m’ sa pou jenerasyon ak jenerasyon”. Ale, rasanble ansyen Izrayèl yo, w’a di yo:
“Granmèt Bondye zansèt nou yo parèt devan m’, Bondye Abraam, Bondye Izaak ak
Bondye Jakòb la, li di: “Mwen vizite nou, mwen wè tout sa ki rive nou nan
Lejip; mwen di m’ap fè nou soti nan tray Lejip la pou m’ mennen nou nan peyi
Kananeyen an avèk Itit la avèk Amorit la avèk Ferezyen an, avèk Ivit la avèk
Jebouzeyen an, nan peyi kote lèt ak myèl ap koule a”. Y’ap koute vwa ou; ou
menm ak ansyen Izrayèl yo, n’a antre kot wa Lejip la, n’a di l’: “Granmèt
Bondye Ebre yo te rele nou; n’a prale nan savann nan, yon wout k’ap dire twa
jou, pou nou fè sakrifis pou Granmèt Bondye nou an”. Mwen konnen wa Lejip la p’ap kite nou pati,
si l’ pa santi fòs men m’. M’ap lonje men m’, m’ap frape Lejip la ak tout mèvèy
mwen yo, sa m’ap fè nan mitan yo a; apre sa, l’ap kite nou pati”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 1 e 5. 8-9. 24-25. 26-27
R/ Granmèt la sonje kontra l’ la pou tout tan.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan
pami nasyon yo. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Li sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay
mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
Li fè pèp li a devlope anpil, li asire l’ ak fòs anwo
lènmi l’ yo. Li vire kè yo, pou yo rayi pèp li a, pou yo fè riz avèk sèvitè l’
yo.R.
Li voye Moyiz sèvitè l’ la, Aawon sila a li te chwazi
a. Li mete pawòl siy li yo nan yo ak pwodij li yo nan peyi Kam nan.R.
LEVANJIL
“Mwen tou dou, kè m’ tou pòv”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 28 -30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:
“Vin jwenn mwen, nou tout k’ap pran fatig, k’ap redi
anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men
m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nanm nou; jouk
mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jounen jodi a, litiji Legliz
la envite nou pou nou kenbe konfyans nèt al kole nan Bondye nou an. Malgre jan
sitiyasyon lavi a ye pou nou, Bondye toujou prezan. Se sa menm lekti yo di nou
jodi a. Petèt, anpil fwa nan lavi nou oubyen nan moman sa menm, nou konn ap poze
tèt nou ti kesyon sa : Si m’ap soufri jan m’ap soufri a la, èske
Bondye prezan tout bon vre jan yo di a ? Kesyon sa, petèt, anpil nan nou
konn ap poze tèt nou li lè n’ap gade kijan lavi a ap mal mennen nou. Nou konn
menm pa vle tande pale de Bondye ankò ! Men, èske se kesyon pou nou ta
rive ap poze tèt nou ? Èske se premye fwa tou kesyon sa ap poze nan mond
la ? Pou nou reponn ak dènye kesyon an, se pa premye fwa ke lèzom ap poze
kalte kesyon sila. Li ekziste depi lontan. Lè nou ap li premye moso Labib la,
lè n’ap gade nan ki mizè pèp Izrayèl la te ye, sètènman, li te pèdi lespwa nan
Bondyen, sètènman li t’ap poze tèt li menm ti kesyon sa tou. Men, Bondye, te
rive di yon mo pou yo. Bondye te di Moyiz pou l’ di pèp Izrayèl la ki t’ap
soufri nan peyi Lejip la, lè l’ rive kote l’: ‘‘Wa di yo sila ki toujou la voye
m’ kote nou’’. Kalte pawòl sa se yon pawòl lespwa, konfyans, fòs, elatriye.
Bondye raple nou ke li toujou prezan nan lavi nou menm si nou pèdi lespwa nan
li. Se vre ke jounen jodi a lesklavaj pa
ekziste menm jan li te ye nan tan lontan, men, yon fason oubyen yon lòt, anpil
nan nou kontinye ap viv menm sitiyasyon sa ke pèp Izrayèl la t’ap viv nan peyi
Lejip la. Konbyen nan nou ki kite peyi nou Ayiti pou n’al chache lavi miyò kay
vwazen ? Konbyen nan nou k’ap tann yon kokenn chenn pawòl delivrans tankou
pawòl Bondye te di Moyiz pou l’ di pèp la lè l’ rive kote l’ : Bondye ki
toujou la voye m’ kote nou ? M’ pa kwè nou t’ap ka rive konte konbyen nan
nou k’ap tann delivrans sa. M’ sipoze anpil nan nou swaf li. Ebyen, tankou sòm
nan klewonnen li, nou pa bezwen pè. Bondye sonje kontra li pou toutan. Bondye
p’ap janm lage pitit li.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki vle nou viv nan kominyon youn
ak lòt, tanpri montre nou mete tèt nou ansanm pou nou ka konstwi yon peyi kote
tout moun santi dwa ak diyite yo respekte.
PWOPOZISYON : Kòm chante se priye de fwa,
mwen envite nou fredonen ti chante sa ke Levanjil jodi a pote pou nou an :
''Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige kò nou, k’ap redi anba chay, m’ap fè nou
repoze''
No hay comentarios:
Publicar un comentario