Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“N’a sakrifye mouton an nan aswè ; m’ap wè san an, m’ap menaje nou lè
m’ap pase a”.
NAN LIV EGZÒD 11,10-12,14
Jou sa yo:
Moyiz avèk Aawon fè anpil demonstrasyon devan Farawon.
Granmèt la fèmen kè Farawon, li pa kite pitit Izrayèl yo pati sot nan peyi l’
la. Granmèt la di Moyiz avèk Aawon tou nan peyi Lejip la: “Mwa sa a se
kòmansman nan mwa yo li ye pou nou, l’ap premye nan mwa ane a. Pale ak tout
foul pitit Izrayèl yo, di yo: “Sou dizyèm jou mwa sa a se pou chak moun pran
yon mouton pou fanmi yo ak kay yo. Si kantite moun yo pa kont pou yo kapab
manje mouton an, l’a envite vwazen l’, ki tou kole lakay li, dapre kantite moun
ki pou reyisi manje mouton an. Mouton an dwe san tach, yon mal, ki gen yon ane; pou seremoni sa a n’a
pran kabrit tou. N’a konsève l’ jous sou katòzyèm jou mwa sa a; tout foul pitit
Izrayèl yo ap sakrifye l’ nan aswè. Y’a pran nan san l’, y’a mete sou
montan pòt la ak sou travès anlè kay yo, kote y’ap manje l’ la. Y’a manje chè yo nan nuit sa a, griye nan
dife, ak pen san leven avèk leti mawon. Pa manje anyen ladan l’ san kuit oubyen
ki bouyi nan dlo, men griye nan dife sèlman; ni tèt li ansanm ak pye l’ yo ak
zantray li yo, n’a manje yo. Anyen pa dwe rete ladan l’ pou jous nan maten; si
gen kichòy ki rete, se pou nou boule l’ nan dife. Men kijan pou nou manje l’:
mare ren nou, met sapat nan pye nou, kenbe baton nan men nou, n’a manje l’ an
vitès, sèke se Pak (sa vle di pasaj) Granmèt la.
M’ap travèse nan peyi Lejip la nannuit sa a, m’ap frape
tout premye pitit nan peyi Lejip la depi moun jous sou bèt y’ap gadyen; m’ap fè
jijman sou tout dye Lejip yo: Se mwen menm Granmèt la. San an ap sèvi nou siy
nan kay kote n’ap ye yo; lè m’ wè san an, m’ap travèse pou m’ evite nou; p’ap
gen chatiman k’ap gaye nou, lè m’ap frape Lejip la.
N’ap gen jou sa a kòm souvni; n’ap fete l’ ak yon sèvis
pou tout tan, tankou yon gran fèt pou Granmèt la nan jenerasyon nou yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
115, 12-13. 15-16bc. 17-18
R/ M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.
Oubyen:
Alelouya.
Ki sa pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou
mwen? M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
Li gen valè devan je Granmèt la, lanmò sen l’ yo. Mwen se sèvitè ou ak pitit sèvant ou. Ou kase chenn mwen yo.R.
M’ap sakrifye
sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la. M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te
pwomèt yo, devan tout pèp la.R.
LEVANJIL
“Pitit moun
nan Granmèt ata saba a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap mache nan jaden ble yo yon jou saba;
disip li yo te grangou, yo kòmanse pran zepi yo, y’ap manje. Farizyen yo wè sa, yo di l’: “Gade disip ou
yo ap fè sa yo pa gen dwa fè jou saba”. Li menm li di yo: “Èske nou pa t’ li sa
David te fè, lè l’ te grangou, li menm ni sila yo ki te avèk li a, kijan li te
antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te ekspoze yo, sa li pa t’ gen dwa
manje, ni sila yo ki te avèk li a, sof prèt yo sèlman an? Oubyen èske nou pa t’ li nan lalwa a kijan
jou saba a prèt yo nan kay sakre a yo pa suiv saba a san yo pa fè peche? Ebyen
mwen di nou isit la gen pi gran pase kay sakre a.
Si nou te konnen sa sa vle di: “Se kè sansib mwen vle,
se pa sakrifis”, nou pa ta janm kondane inosan yo. Pitit moun nan se Granmèt
ata saba a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Moyiz ak Aawon akonpli sa Bondye Granmèt la mande yo; se konsa se pou nou
chèche imite ansyen yo ki te lite pou sove lòt yo, sitou sa k’ap soufri yo, sa
yo konsidere kòm esklav, se bagay sa yo ki fè Jezi plezi, sa ki grangou yo. Se
sa k’ fè Jezi te sòti jou repo a avèk patizan l’ yo, pandan yo t’ap pase nan
yon jaden ble yo te santi yo grangou anpil e yo te kase kèk zepi pou yo manje.
Mezanmi se bagay nou konnen: sak vid pa kanpe! Mesye yo kòmanse keyi ble pou yo
manje; nan tan sa a li te nòmal pou Jezi, depi w’ap pase yon kote ki gen fwi
nan jaden, ou gen dwa keyi pou ou manje lè ou grangou. Jou patizan Jezi yo te
fè sa a, Farizyen yo te fache tankou Kong, yo te estomake, paske patizan Jezi
yo te fè sa jou saba a. Pou Frizyen yo, yo te wè Saba a men yo pa wè moun k’ap
mouri grangou: chay lalwa Jwif yo te lou anpil; yon seri de bagay ki pa t’ ede
pèp la dekouvri vizaj Bondye papa a, men pou Jezi lavi pèp la pi enpòtan pase
nenpòt ki lalwa. Èske yo kapab fòse yon moun swiv yon bagay ki pa an
favè lavi moun. Jezi, se li menm ki mèt Saba a. Nou dwe pran ekzanp sou li, yon
mèt ki gen pasyans, ki dou, senp, ki gen kè sansib; se li menm ki fè nou
dekouvri kè sansib Bondye genyen pou nou an: ala bon Granmèt la bon pou moun ki
rete fidèl nan fè sa l’ kòmande; an nou mande Bondye lagras pou n’ fè sa l’
kòmande, konsa lè n’ rele l’ l’ap reponn nou.
LAPRIYÈ: Jezi Gran frè nou, ou menm ki mèt lavi ak
lanmò: ede nou bay lavi nou yon sans, dekwa pou n’ pa bay anyen sou tè a plis
valè pase lavi moun; konsa n’a pran ekzanp sou ou ki gen kè sansib pou tout
moun e ki pa gade pèsonn sou aparans. Amèn.
PWOPOZISYON: Respekte lavi, pa
bay anyen plis enpòtans pase lavi. Mande Bondye padon pou tout moun ki menase
lavi oubyen ki detwi lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario