Koulè Blan
Sen Bèna, Abe e Savan Sakre Legliz
la
PREMYE MOSO LABIB
“Premye moun k’ap sòti nan pòt kay mwen an, se li menm m’ap ofri kòm
sakrifis antye”.
NAN LIV JIJ YO 11, 29- 39a
Jou sa yo:
Lespri Granmèt la rive sou Jefte; Jefte fè tout tou
Galaad ak Manase, ak Masfa Galaad, li sot la, li travèse kay pitit Amon yo, li
fè yon ve bay Granmèt la, li di: “Si ou renmèt pitit moun yo nan men m’, premye
moun k’ap sòti nan pòt lakay mwen an, pou l’ vin rankontre m’, lè m’ ap tounen
ak lapè sot kay pitit Amon yo, se li menm m’ap ofri kòm sakrifis bay Granmèt
la”.
Jefte travèse kot pitit Amon yo, pou l’ batay kont yo,
Granmèt la renmèt yo nan men l’, li frape yo depi sot Awoyè rive jous Minit, sa
fè ven vil, epi jous Abòl, ki plen jaden rezen, se te yon gran kou; pitit Amon
yo rabese devan pitit Izrayèl yo.
Lè Jefte tounen Masfa, lakay li, sèl pitit fi l’ la vin
rankontre l’ avèk tanbou ak dans; li pa t’ gen dòt pitit. Lè l’ wè l’, li chire
rad li, li di: “Malè, pitit mwen, ou pran m’ nan pyèj, ou menm tou ou pran nan
pyèj: sèke mwen fin louvri bouch mwen kot Granmèt la, mwen pa kapab fè
otreman”.
Li reponn li: “Papa m’, si ou
louvri bouch ou kot Granmèt la, fè m’ jan ou fin pwomèt la, paske ou fin tire
vanjans ak laviktwa sou lènmi ou yo”.
Li di papa a: “Yon sèl bagay mwen
mande pou ou pèmèt mwen: kite m’ al sou mòn yo pandan de mwa, pou m’ kriye sou
pitit yo mwen p’ap genyen an, ansanm ak zanmi m’ yo”.
Li reponn li: “Ale”. Li kite l’
ale pou de mwa. Lè l’ pati ak zanmi l’ yo ak kanmarad li yo, li kriye sou pitit
li pa genyen yo, nan mòn yo. Lè de mwa yo fini, li tounen kot papa l’, papa a
reyalize ve a sou li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
39, 5. 7-8a. 8b-9. 10
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se chans pou moun ki mete espwa l’ nan Granmèt la, ki
pa gade moun k’ap fè logèy, k’ap panche nan manti.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa,
ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa,
lè sa a mwen di: “Men, m’ap vini”.R.
Nan woulo liv la yo ekri sou mwen
pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran
legliz la; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
LEVANJIL
“Tout sa nou jwenn, envite yo vin nan nòs”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 22,
1-14
Lè sa a:
Jezi pran
lapawòl, li pale an parabòl ankò pou chèf prèt yo ak ansyen pèp yo, li di: “Rèy
syèl yo se tankou yon wa, ki fè nòs pou pitit li: Li voye sèvitè l’ yo rele
envite yo pou nòs la, men yo refize vini.
Li voye dòt sèvitè ankò, li di: “Di envite yo: Men
resepsyon m’ nan pare, mwen touye towo m’ yo, ni poul yo yo t’ap angrese yo,
tout bagay pare: vin nan nòs”. Yo menm, yo fè neglijans; yo pati, youn nan
jaden l’, yon lòt nan komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye yo anba
kou.
Lè wa a tande sa, li fache; li voye lame l’ yo, li
touye kriminèl sa yo, li boule vil yo.
Aprè sa, li di sèvitè l’ yo: “Nòs la deja pare, men
envite yo pa t’ merite l’. Ale nan kalfou yo, tout moun nou jwenn, envite yo
vin nan nòs”. Sèvitè l’ yo sòti sou wout yo, yo rasanble tout moun yo jwenn,
move kon bon; nòs la plen ak moun ki sou tab.
Wa a antre, pou l’ wè moun ki sou tab yo; li wè yon
moun ki pa t’ abiye ak rad nòs, li di 1’: “Zanmi, kijan ou fè antre isit la,
san ou pa gen rad nòs?” Li pe bouch li. Wa a di sèvitè yo: “Mare men l’ ak pye
l’, jete l’ nan fènwa deyò yo; kote sa a se rèl ak manje dan k’ap genyen”.
Sèke gen anpil envite, men se yon ti kras yo chwazi”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi parabòl Levanjil la pale
nou sou gwo fèt Wayòm Syèl la. Se yon imaj ki souvan parèt nan predikasyon
Jezi. Se sou yon festen nòs k’ap fèt nan dènye tan yo li pale nou, sa vle di
linyon Jezi ak Legliz li a. Legliz la se madanm marye Kris la, k’ap mache nan
mond lan, men alafen l’ap mete li ansanm ak Sila a li renmen an pou tout tan.
Bondye Papa a te prepare kokenn chenn fèt sa a e li vle nou patisipe ladan. Li
envite tout moun alawonnbadè : ‘‘Vini nan nòs’’ (Mt.22,4).
Poutan, parabòl sa a gen yon fen trajik, paske anpil moun pa fè Bondye ka,
genyen kiltivatè yo ale nan zafè jaden yo, komèsan yo al okipe zafè komès yo
(Mt.22,5). Se poutèt sa mizerikòd Bondye vin pi pre moun ki pi lwen yo. Se tankou
yon fiyanse ki pral marye e ki envite paran li ak zanmi li, men yo menm yo
prezante ekskiz yo ; finalman li pale ak tout moun li rankontre nan lari,
paske li te prepare yon fèt e li ta vle gen moun ki vin pran plas bò tab la. Se
menm jan an tou pou Granmèt la.
Nou ta kapab di, diferan pèsonaj ki nan parabòl la, yo reprezante nou. Nou
ta kapab idantifye nou ak yo nan yon moman oubyen nan yon lòt. Granmesi batèm
nan nou vin tounen zanmi Bondye e avèk Jezi, nou vin tounen eritye: kidonk nou
gen plas pa nou rezève nan gwo fèt la. Si nou bliye pozisyon nou antan ke pitit
Bondye, Bondye ap kontinye trete nou kòm zanmi e l’ap kontinye envite nou. Si
nou kite flanm lagras la tenyen nan lavi nou, nou vin tounen moun lari, moun
k’ap pase san yo pa gen anyen pou wè ak Wayòm nan. Men Bondye kontinye envite nou.
Apèl la rive nan nenpòt moman. Se yon envitasyon. Pèson pa gen dwa. Se
Bondye li menm ki wè nou e ki envite nou: “ Vini nan nòs”. Se yon envitasyon
nou dwe aksepte nan pawòl nou ak nan aksyon nou. Se pou sa yon envite ki mal
abiye y’ap mete li deyò : «Zanmi, kòman w’ fè rive isit la san w’ pa
gen rad nòs sou ou ?» (Mat.22,12).
LAPRIYÈ : M’ap prepare
mwen pou mwen al nan fèt kay Papa mwen. Jou a pa lwen.
PWOPOZISYON:Reponn apèl Bondye fè mwen jodi a. Disène ki misyon li mande
mwen akonpli.
No hay comentarios:
Publicar un comentario