Koulè Blan
PI DIS KI
SEN, Pap (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Noemi rive avèk Rut, fi Moab la, li tounen Bètleyèm”.
KÒMANSMAN LIV RUT 1, 1. 3-6. 14b-16. 22
Nan tan yon
jij, lè jij yo t’ap kòmande a, te gen grangou nan peyi a. Gen yon mesye
Bètleyèm Jida ki pati pou l’ al abite nan peyi Moabit yo avèk madanm li, avèk
de pitit gason l’ yo.
Elimelèk, mari Noemi, mouri; madanm nan rete avèk pitit
gason l’ yo, yo marye avèk fi Moabit yo, youn yo rele Orfa, lòt la menm Rut. Yo
rete la pandan dizan, de gason yo mouri: madanm nan rete san de pitit gason l’
yo ni mari a.
Li leve pou l’ tounen sot nan peyi Moabit la avèk de
bèlfi l’ yo; paske li te tande kijan Granmèt la te voye je sou pèp li a, li te
ba yo manje.
Yo leve vwa yo, yo pran kriye ankò. Orfa anbrase bèlmè
l’, li tounen lakay li; Rut kole kò l’ sou bèlmè l’.
Noemi di l’: “Men fanmi ou an tounen al jwenn pèp li ak
dye l’ yo: ale avèk li”.
Li reponn: “Pa kontrarye m’ pou m’ kite ou, pou m’
pati; sèke nenpòt ki kote w’ a prale, m’a prale tou, kote w’ap mouri a, m’ap
mouri tou; pèp pa m’, Bondye w’ la se Bondye m’”.
Noemi rive avèk Rut, fi Moabit la, bèlfi l’ la, sot nan
peyi kote l’ t’al abite a, li tounen Bètleèm, nan kòmansman rekòlt ble yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 5-6. 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen.
Se chans pou sila a Bondye Jakòb
la pote l’ sekou a, sila a ki gen espwa l’ nan Granmèt Bondye l’ la, li menm ki
fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan li.R.
Li menm ki kenbe verite a pou tout
tan, li fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo manje.
Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt
la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje
etranje yo.R.
Òfelen an ak vèv la, li soutni yo,
men wout pechè yo, li gaye l’. Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye w’ la,
Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Se pou ou renmen Granmèt Bondye w’ la, ak pwochen ou tankou ou menm”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 22, 34- 40
Lè sa a:
Farizyen yo tande kijan Jezi te fèmen bouch sadiseyen
yo, yo rasanble ansanm. Youn nan yo ki te savan nan lalwa a poze l’ kesyon, pou
l’ eseye l’: “Mèt, kilès ki gran kòmandman an nan lalwa a?”
Jezi di l’: “Se pou ou renmen
Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou”. Sa a
se pi gran, se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble avèk li: “Se pou ou
renmen pwochen an tankou pwòp tèt ou”. Se nan de kòmandman sa yo tout lalwa
a pandye ansanm ak pwofèt yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Men 2 kòmandman
ki pi konsekan yo: Renmen Bondye Granmèt la ak tout kè ou, ak tout nanm ou ak
tout lespri ou, ak tout fòs ou; renmen pwochen w’ tankou tèt pa ou. Pa gen
kòmandman ki pi konsekan pase 2 sa yo. Pwofesè lalwa yo te poze Jezi kesyon sa
a, paske yo te konn gen anpil diskisyon antre yo, kòm nan tan sa a jwif yo te
gen anpil kòmandman pou yo mete an pratik pou yote fè volonte Bondye tout bon
vre; e yo t’ap chèchè konnen nan tout kòmandman yo kilès ki pi gran. Frè m’ak
sèm yo, Jodi a Jezi ap pale ak nou tankou pèp Izrayèl la, pèp Bondye chwazi
mete apa pou li a, se li menm ki sèl mèt nou, se pou nou renmen l’ ak tout kè
nou, ak tout nanm nou, ak tout fòs nou, e ak tout kouraj nou. Se bagay pou nou
pa janm bliye, pou nou repete nan tèt nou tout kote n’ pase, ekri yo pou nou pa
jan bliye yo paske nou tout se kreyati Bondye nou ye, li renmen n’ san mezi,
san kondisyon; nou menm tou se pou nou fè menm jan avèk li. Anvan tout bagay se
renmen, paske li te renmen nou an premye, pa chèchè bay anyen premye plas nan
lavi nou sof Bondye. Si nou rive renmen l’ tout bon vre n’a renmen pwochen n’
yo. Pafwa nou di nou renmen Bondye, nou bliye frè ak sè ki bò kote nou, nou pa
konnen si yo ekziste. Si nou di nou renmen Bondye epi nou rayi frè ak sè nou,
ki enpòtans sa genyen? Èske nou konn pran tan pou n’ reflechi lè nou gade lavi
Bondye ba nou gratis? Kisa n’ap fè pou li, pou n montre l’ nou renmen l’ vre?
Pandan n’ap chèchè renmen pwochen n’ tankou pwòp tèt pa nou, sitou sila yo ki
pa gen pèsòn pou pran ka yo, sila yo n’ap
meprize yo, pòv yo, an nou tout renmen tankou Bondye, pou lavi nou sou tè a ka
bèl. Jezi mande pou nou renmen.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, anpil fwa mwen vle renmen,
men yon renmen ki pa renmen tout bon vre, yon renmen sipèfisyèl, yon renmen
egoyis; ede m’ pou aprann konnen kisa sa ye renmen.Tanpri ban mwen yon kè ki ba
t’ pou ou toutan, yon kè ki devwe, yon kè ki sansib pou ou tout bon. Konsa m’a
rive fè renmen an grandi, boujonnen, fleri nan kè frè ak sè m’ yo ki se pitit
ou menm ki renmen nou tout. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap reflechi sou kalite renmen mwen gen nan kè m’ pou Bondye ak pou
pwochen m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario