Páginas

SAMDI 22

Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, KI RÈN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Yo ba nou yon pitit gason".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 9, 2-4. 6-7
Pèp ki t’ap mache nan fènwa a, li wè yon gran limyè, moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò yo, limyè klere sou yo. Ou te fè nasyon an vin anpil, men ou pa t’ ba l’ anpil kè kontan. Y’ap kontan devan ou, tankou moun k’ap fete nan rekòlt, tankou moun k’ap fete lè yo ranpòte viktwa, lè yo pran richès lagè, lè y’ap separe sa yo pran nan lagè a. Sèke jouk la ki te chaje l’ la, baton an ki te sou zepòl li a, bagèt moun ki t’ap fè l’ pase tray la, ou kraze sa, tankou nan jou Madyan an.
Yon ti pitit fèt pou nou, yo ba nou yon ti gason, kòmandman an sou zepòl li: y’ap rele non l’ "Sa a ki merite yo admire l’ la, Sa a k’ap bay konsèy la, Bondye a, Fò a, Papa syèk tan k’ap vini an, Chèf lapè a".
Peyi wa l’ la ap grandi, lapè a p’ap gen finisman; l’ap chita sou twòn David la ak sou peyi wa l’ la, pou l’ fè l’ vin solid, pou l’ asire l’ nan jijman ak jistis, depi koulye a ak pou tout tan. Se Granmèt lame yo k’ap fè sa, a fòs li anvi pou l’ sèl Wa-a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5-6. 7-8 (r.: 2)
R/ Se pou non Granmèt la beni pou tout tan.
Fè lwanj, ti moun Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se pou non Granmèt la beni depi koulye a ak pou tout tan.R.
Depi sot olevan jous rive okouchan, non Granmèt la merite lwanj.

Granmèt la anlè nèt anwo tout nasyon yo, anlè syèl yo glwa li ye.R.
Kilès ki tankou Granmèt Bondye nou an, ki abite nan wotè yo,
ki voye je sou pòv yo nan syèl la ak sou tè a? R.

Li leve pòv la sot atè a, li drese malere a sot nan fatra a,
Pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, avèk chèf pèp li a.R.
LEVANJIL
"Men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK       1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye anj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David la; non vyèj la se te Mari.
Anj la antre kote l’, li di: "Salu ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout fi". Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Anj la di l’: "Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, peyi wa li a p’ap janm fini".
Mari di anj la: "Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans lèzòm?"
Anj la reponn, li di l’: "Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj Li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a; mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot Bondye".
Mari di: "Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a". Epi Anj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frѐ ak sѐ m’ yo, reflechi sou pawl Bondye, mete l’an pratik nan lavi nou, se pi gwo devwa yon kretyen. Se sa ki fè nou toujou pran tan pou nou pataje ansanm pawὸl lavi a.
Nan pwemye moso Labib la, pwofѐt Izayi prezante Jezi tankou limyѐ ki vini pou klere tout pѐp, tout nasyon ; konsa nou dwe fѐ kѐ nou kontan paske li vin kase tout chenn esklavaj ki te mare nou, li vin libere nou anba tout sa ki t’ap fѐ nou soufri.
Pi devan, nan Levanjil la, nou wѐ kὸman tout sa pwofet Izayi t’ap anonse sou ti pitit la, yo rive reyalize lѐ Bondye te voye lanj Gabriyѐl kote Mari, yon ti jѐn fi, moun  Nazarѐt, pou l’ te anonse l’ ke li ta pral pote Sovѐ a.
Jodi a 22 out, nan Legliz Katolik, n’ap fete Mari ki Rѐn syѐl la ak  tѐ a, li menm ki te aksepte di wi pou plan Bondye a te kapab reyalize, plan pou l’ te sove limanite. Bѐl pasaj nou li nan Levanjil jodi a fѐ nou wѐ ke jѐn ti fi Nazarѐt sa a te san peche e se Bondye ki te chwazi l’ depi lontan. Manman l’ ak papa l’ te leve l’ nan lafwa san yo pa t’ konnen li te gen pou l’ te vin manman Sovѐ a.
Nou kapab di pwen santral Levanjil jodi a, se repons Mari bay lanj Gabriyѐl, lѐ li di l’ : ‘‘Mwen se sѐvant Granmѐt la, se pou sa fѐt jan ou di a’’. Yon sѐl fraz sa a rezime imilite, konfyans Mari genyen pou l’ te abandone l’ nѐt nan men Bondye. Donk nou kapab di Mari se kanal delivrans la, paske se pa li menm Bondye pase  pou l’ pote delivrans nan lemond. Nou menm, menm jan ak manman Mari se pou nou abandone nou, bese nou byen ba, fѐ nou dosil nan fѐ volonte Bondye.

LAPRIYE:Bondye Papa, ou menm ki te prezѐve Mari de tout peche pou l’ te kapab soumѐt devan w’ pou plan sove lezὸm te kapab reyalize, ede nou imite Mari dekwa pou nou kapab sanble avèk li, pou, menm jan ak li nou tounen zouti nan men w’ pou sove frè ak sè nou yo k’ap soufri.

PWOPOZISYON:Pran manman Mari kὸm modѐl nou epi rekonѐt li kὸm rѐn syѐl ak tѐ a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario