Koulè Vèt
Venteyinyèm Dimanch Òdinè, Ane B
PREMYE LEKTI
"N’ap sèvi Granmèt la, paske se li menm ki Bondye nou".
LEKTI LIV JOZYE 24, l-2a. 15-17.
18b
Jou sa yo:
Jozye rasanble tout ras Izrayèl yo
Sikèm, li rele ansyen yo ak chèf yo ak jij yo ak majistra yo, yo kanpe devan
fas Granmèt la, li pale ak pèp la, li di: "Si nou konsidere sa mal pou nou
sèvi Granmèt la, nou mèt chwazi: jodi a menm chwazi sa nou pito, sa nou pi pito
sèvi, oubyen se zidòl yo zansèt nou yo te konn sèvi nan Mezopotami an, oubyen
zidòl Amoreyen yo, nan peyi yo kote nou abite a; kanta mwen menm ak kay mwen, n’ap
sèvi Granmèt la".
Pèp la reponn, li di: "Se pou
lide sa a ret lwen nou, pou nou ta abandone Granmèt la pou nou ta sèvi dye etranje.
Granmèt la Bondye nou an se li menm ki mennen nou, ni zansèt nou yo, sot nan peyi
Lejip la, sot nan kay esklavaj la, li fè nou wè mèvèy ekstrawòdinè, li pwoteje
nou sou tout wout kote nou pase, ak nan pèp kote nou travèse. Konsa se Granmèt
la n’ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 16-17. 18-19.
20. 21. 22-23 (r.: 9a)
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
nan tout okazyon, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn
bèlte l’ se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Je Granmèt la sou moun ki kòrèk
yo, zòrèy li sou rèl yo.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè
mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè
yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo boulvèse yo. Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo
li delivre yo.R.
Moun ki kòrèk yo jwenn anpil tray, men Granmèt la ap delivre
yo sot nan tout.
L’ap pwoteje tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze.R.
Mechanste a
ap touye mechan an, moun ki rayi sa k’ kòrèk la, y’ap jwenn pinisyon.
Granmèt la ap delivre nam sèvitè l’ yo, tout moun ki espere
nan li yo, yo p’ap jwenn pinisyon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Sakreman
sa a gran, nan Kris la ak nan legliz la".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU MOUN EFÈZ YO 5, 21-32
Frè m’ yo:
Se pou nou youn obeyi lòt nan respè
Jezikri. Se pou medam yo obeyi mari yo tankou y’ap obeyi Granmèt la; paske mari
a se tèt madanm nan, tankou Jezikri se tèt Legliz la, li menm ki sovè kò l’ la.
Men menm jan legliz la obeyi Jezikri a, se konsa tou pou medam yo obeyi mari yo
nan tout bagay.
Mari yo, se pou nou renmen madanm
nou, tankou Jezikri te renmen legliz la, epi li te renmèt tèt li pou li, pou l’
te kapab fè l’ vin sen, antan l’ pwopte l’ ak beny dlo a nan pawòl lavi a, pou l’
te kapab prezante legliz la nan bèlte a devan li, san l’ pa gen tach ni pli, ni
anyen nan sans sa a; men pou l’ sen, san defo. Konsa mesye yo dwe renmen madanm yo
tou, tankou kò yo. Moun ki renmen madanm li, se pwòp tèt li li renmen. Pèsòn pa
janm gen rayisans pou pwòp chè l’, men li nouri l’, li swen l’, menm jan Jezikri
fè pou legliz la, paske nou se manb kò l’, nou fè pati chè l’ ak zo l’.
Poutèt sa, moun nan ap kite papa l’ ak manman l’, l’ap
kole kò l’ kot madanm li, yo de a ap yon sèl chè. Sakreman sa a gran, m’ap pale pou Jezikri ak legliz la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Kot ki moun pou n’ ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 61-70
Lè sa a:
Anpil nan disip Jezi yo te di: "Pawòl sa a rèd, ki
moun ki kapab tande l’?"
Jezi konnen disip li yo t’ap babye
sou sa antre yo, li di yo: "Sa dekontwole nou? Si nou te wè Pitit moun nan
k’ap monte kote l’ te ye anvan an? Se Lespri a ki bay lavi, chè a pa kapab sèvi
anyen. Pawòl yo mwen pale nou an, se lespri ak lavi yo ye. Men genyen nan nou
ki pa kwè". Jezi te konnen depi nan kòmansman kilès ki pa t’ kwè, epi
kilès ki t’ap renmèt li a.
Li di: "Se pousa mwen te di
nou, pèsònn pa kapab vin jwenn mwen, si se pa yon favè Papa m’ fè li".
Depi lè sa a anpil nan disip li yo
pati kite l’, yo pa mache avèk li ankò.
Jezi di douz yo: "Èske nou menm
tou nou vle pati?"
Simon Pyè reponn: "Granmèt,
kot ki moun pou n’ale?" Ou gen pawòl lavi tout tan an. Nou menm nou kwè,
nou konnen ou se Kris la Pitit Bondye a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan 21èm dimanch tan senp lan, pawòl
Bondye a envite n’, ak linèt lafwa nou,
pou n’ dekouvri kilès Jezi (Pitit li a) ye pou nou. Jezi vini pou sove
tout moun san okenn patipri, san gade sou figi pèson, sou nasyonalite, koulè, entelijans ak kapasite.
Nan premye moso labib la (Joz 24, 1-2. 15-17), se prèske sa nou dekouvri:
Bondye ki chwazi pwofèt Jozye pou
akonpanye pèp la nan ede l’ refè angajman zansèt li yo te pran pou li nan pye
mòn Sinayi a. Se tankou yon deklarasyon lafwa pèp la fè anba pye bwa Sikèm nan,
kot Abraam te premye adore Bondye a (Gn12,26). Pèp la rive nan laj pou l’ pran
desizyon pou kont li, Jozye kòm ranplasan Moyiz, aprè l’ fin fè pèp la travèse
larivyè jouden an, li fè l’ refè angajman batèm li, sa zansèt li te pran pou li
depi lontan an.
Se kòmsi lè nou fin batize kòm timoun, rive yon lè nou vin gen laj pou nou
angaje tèt nou pou kont nou, nou fè pwòp angajman nou.
Jezi chwazi Apot yo san yo pa t’ merite sa.Yo te vin jwenn li san yo pa fè
tèt di. Li fè anpil mèvèy devan yo tankou nan nòs Kana, kote li te fè dlo
tounen diven; tankou nan dezè a kote li bay senk mil moun manje avèk senk ti
pen ak de ti pwason.
Nan dezyèm moso labib la (Ef. 5, 21-32), Apot
Pòl pwofite rakonte nou kòman Jezi mouri e li leve pou rasanble tout moun
ansanm nan yon sèl pèp, nan yon sèl kò. Men, se Lespri Sen an ki nanm kò sa a.
Se li tou ki fè chak patizan Jezikri chèche wè kisa ki volonte Granmèt la. ‘‘Madanm,
mache sou lòd mari w’, e mari mache sou lòd madanm ou, tankou si se sou lòd
Granmèt la. Nan fanmi an, se mari a ki tèt, menm jan Kris la se tèt Legliz la,
li menm ki sove kò a. Menm jan, Legliz la sou lòd Kris la, se konsa pou madanm
nan sou lòd mari a nan tout bagay. Mesye, renmen madanm ou menm jan Kris la
renmen legliz la. Si Kris la kòm tèt la, pa renmen Legliz la ki se kò a, se
konsa tou, mari a kòm tèt fanmi an p’ap renmen madanm li.
Konsa, se pou mesye yo renmen madanm yo menm
jan ak tèt yo. Sa w’ pa renmen pou tèt ou, pa renmen l’ pou madanm ou. Pasaj
sa se yon bon leson katechèz pou lafanmi ki vle devlope kòmsadwa.
Nan fanmi ki divize, ki kraze,
youn pa respekte lòt : manman pa ka pale ak pitit, pitit pa ka pale ak
papa e papa pa ka pale ak madanm. Se chen manje chen.
Nan levanjil la, Jezi tounen ak kesyon lekaristi a nan reyinyon li t’ap
fè ak foul la nan Kafanawòm: ‘‘moun ki
manje kò mwen, moun ki bwè san mwen, ap gen lavi ki p’ap janm fini an’’. Pawòl sa a te lakòz anpil
bougonnen ak babye nan mitan patizan l’ yo.
Jezi di yo ankò, pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Papa a ki fè l’ favè a.
Nan sans sa a, Jezi vle fè nou konnen li se kanal, sèl chemen k’ap pemèt nou rive
jwenn Papa a. Jezi se sila a ki gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an. Nou menm,
nou kwè, e nou konnen, Jezi se sila a Bondye chwazi a. Gras a li menm nou vin
tounen pitit adpotif. E tankou Apot Pòl di nou sa, si nou se pitit nou se
eritye tou.Konsa, ann travay pou nou ka resevwa bèl eritaj Papa nou ki nan syèl
la.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, pa
lantremiz Manman Mari, ede nou vin wè pi klè nan kalite misyon ou konfye nou. Amèn!
PWOPOZISYON: Sonje angajman mwen te
pran ak Granmèt. Sonje ki responsabilite mwen genyen nan fanmi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario