Koulè Wouj
BATELEMI KI SEN, Apot (Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Nan fondasyon yo menm, te gen douz non Apot Mouton an”.
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, 9b-14
Zanj la pale
avèk mwen, li di: “Vini, m’ap montre ou madanm nan ki fèk marye ak Mouton an”.
Li soulve m’
nan espri sou yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm,
k’ap desann sot nan syèl la, kot Bondye, li gen glwa Bondye a; limyè l’ te
tankou pyè kalite siperyè, tankou pyè yo rele jasp la, tankou kristal.
Li te gen yon miray ki gran, ki wo, ki gen douz pòt;
nan pòt yo te gen douz zanj, te gen non ki ekri, non douz ras pitit Izrayèl yo.
Nan direksyon olevan: twa pòt; nan direksyon nò: twa
pòt; nan direksyon sid: twa pòt; nan direksyon okouchan: twa pòt. Miray vil la
te gen douz kolòn, sou yo te gen douz non douz Apot Mouton yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 17-18
R/ Granmèt, se pou sen w’ yo fè konnen glwa peyi wa w’ la.
Se pou yo fè lwanj ou, Granmèt,
tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè konpliman pou ou.
Se pou yo deklare glwa peyi wa w’ la, se pou yo anonse
pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa
grandè peyi wa w’ la.
Peyi wa w’ la se peyi wa tout tan, kòmandman w’ nan pou
jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la
kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la tou pre
tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
“Men pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 45-51
Lè sa a:
Filip jwenn
Natanayèl, li di l’: “Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou
jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt la.
Natanayèl di
l’: “Nazarèt! Èske yon bagay ki bon kapab sòti la?”
Filip di l’:
“Vini w’a wè”.
Jezi wè
Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: “Men yon pitit Izrayèl tout bon vre,
nan li pa gen manti”.
Natanayèl di l’: “Kote ou konnen
m’?”
Jezi reponn, li di l’: “Anvan
Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou”.
Natanayèl reponn li, li di: “Rabi,
ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl”.
Jezi reponn, li di l’: “Paske mwen
di ou “Mwen te wè ou anba pye figye a”, ou kwè: w’ap wè pi gran bagay pase sa”.
Epi li di l’: “Amèn, amèn mwen di
nou: n’ap wè syèl la louvri, epi zanj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit
moun nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tèks nou li
nan liv Apokalips Sen Jan an, nou wè vizyon Jan ki montre nou imaj Jerizalèm ki
bèl, ki klere anpil. Imaj sa pèmèt nou konprannn tankou kretyen ke nou pa dwe
janm dekouraje, ke nou dwe toujou kenbe fèm pou nou pa janm lage pawòl Bondye
a, paske nou gen pou nou al viv nan glwa Granmèt la ki gen tout pouvwa, viv pou
tout tan nan kè kontan, kote p’ap gen tristès, kote kè nou ap toujou kontan,
kote n’ap jwenn tout sa nou gen bezwen, kote lavi nou p’ap janm fini.
Nou wè imaj douz lan tou ki trè
enpòtan nan Bib la, paske si n’ap swiv byen, te gen douz disip ki te pwòch Jezi
anpil, Izrayèl te gen douz tribi, etc… Liv Apokalips la tou pèmèt nou wè e
konprann tou, kòman Bondye gran, kòman pouvwa li san limit e tout bèl pwojè li
genyen pou nou kòm pitit li.
Aprè sa nou fin wè nan liv
Apokalips la, Levanjil sen Jan fè nou konprann ke nou dwe kwè san nou pa wè.
Paske istwa Filip ak Natanayèl la, se yon istwa ki trè klè. Nou wè kot Filip wè
Nan Jezi pitit Jozèf la sa ki ekri nan lwa Moyiz la e kote Natanayèl paka kwè
ke Nazarèt ka gen yon bagay ki bon ki sòti ladan l’. Lè Natanayèl rive kot
Jezi, li wè nonm sa konn tout sa k’ap pase, lè sa li kwè. Li enpòtan pou nou
menm jodi a kòm kretyen met lafwa nou nan Bondye san nou pa wè; fòk nou pa tann
se yon mirak, se yon bagay sinatirèl ki pou fè nou kwè. Paske nan Bib la Jezi
fè nou konnen ak lafwa, nou kapab fè anpil bagay, nou menm kapab deplase montay
yo. Se poutèt sa, kòm kretyen nou dwe fè Bondye konfyans nan tout sa n’ap fè,
nan fason n’ap viv, paske se li ki sèl wa. Li konnen tout sa nou kapab fè e
tout sa k’ap pase nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye papa nou, ou menm ki kreye tout bagay, fè nou toujou rete nan
volonte w’, pou nou fè sa ki byen, pou nou pa janm dekouraje. Fè nou toujou
rete pitit ou nan jan n’ap viv, pou nou toujou kwè ou ka fè tout bagay e kwè
nan lavi ki p’ap janm fini an Amèn.
PWOPOZISYON: Nou menm
kretyen jodi a, nou dwe fè Bondye konfyans nan eprèv nou yo, menm si tout bagay
parèt nwa pou nou. Nou dwe toujou fè sa ki byen e viv jan Bonbye mande, se
konsa n’ap kapab viv nan kè kontan pou toutan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario