Páginas

MADI 25

Koulè Blan
Jozèf de Kalasans, Luis de Frans
PREMYE MOSO LABIB
“Nou te vle renmèt nou pa sèlman levanjil Bondye a, men menm lavi nou tou”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 2, 18
Nou konnen nou menm menm, frè m’ yo, kijan nou te rive lakay nou, se pa t’ pou granmesi; men anvan sa, nou te soufri, yo te maltrete nou nan vil Filip, jan nou konnen an;, nou te gen konfyans nan Bondye nou an, pou nou anonse nou levanjil Bondye a avèk anpil swen.
Prèch nou an pa t’ sòti nan sa k’ pa laverite, ni nan sa k’ pa pwòp, ni nan riz; men, tankou moun Bondye fin eseye pou l’ konfye nou levanjil la, se konsa nou pale; se pa tankou moun k’ap chèche fè lèzòm plezi, men se Bondye nou t’ap chèche fè plezi, li menm ki eseye kè nou. Nou pa janm preche pou flate moun, jan nou konnen an, ni pou chèche fè lajan, Bondye temwen, ni pou chèche konsiderasyon nan men lèzòm, ni nan nou menm ni nan men lòt moun yo. Malgre nou te kapab fè nou santi chaj apot Jezikri te ban nou an, okontrè nou fè kò nou tou piti nan mitan nou, tankou yon nouris k’ap swen pitit li yo.
Konsa nou te si tèlman renmen nou, se pa levanjil Bondye a sèlman nou te vle ban nou men ata lavi nou, paske nou te gen anpil valè pou nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 1-3. 4-6
R/ Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’, ou konnen chita m’ ak leve m’. Ou konprann panse m’ depi byen lwen, tras wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo.Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Sèke pawòl la pa ko sou lang mwen, epi, Granmèt, ou deja konnen tout bagay. Dèyè ak devan, ou sere m’, ou poze men ou sou mwen. Li ekstrawòdinè anpil, konesans ou sou mwen an; li wo anpil, mwen pa kapab jwenn li.R.
LEVANJIL
“Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 23-26
Lè sa a: Jezi pale, li di:
“Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm k’ap bay dizyèm pòsyon sou mant la avèk lanis la avèk legim yo, men nou kite sa k’ pi konsekan nan lalwa a: jijman, kè sansib, lafwa! Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo. Chèf avèg, n’ap pase mouch la nan paswa, men nou vale chamo a!
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap pwòpte sa k’ deyò vè a avèk plat la, men anndan an menm nou plen bagay nou vòlè, ak sa ki pa pwòp! Farizyen avèg, kòmanse pwòpte sa k’ anndan vè a avèk asyèt la, pou sa k’ deyò a kapab vin pwòp”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye mozo Labib jodi a, nou wè jan Sen Pòl ap eksplike kòman yo te reyalize misyon preche bòn nouvèl Jezikri a nan mitan pèp Tesalonik la, malgre eksperyans difisil yo te pase avan yo rive nan kominote sa, yo ofri pawòl la ak tout kè yo e sitou yo ofri tout nanm yo, kòm yon manman pran swen pitit li. Sa se yon bon ekzanp pou nou, nan sans ke nou dwe sèvi Bondye ak tout kè e sitou, temwaye lafwa nan Granmèt la fason nou aji. Kòm batize, nou genyen misyon pou nou pwoklame Levanjil la, men sèlman nou byen reyalize devwa sa lè nou temwaye ak lavi nou mesaj n’ap anonse a.
Sèvi Levanjil temwen vle di: viv selon eksijans Granmèt la mande nou an, renmen Bondye ak tout kè ou, renmen pwochen ou menm jan ak pwòp tèt pa ou. Bay Bondye premye plas nan lavi ou, ouvri pòt kè ou ba li, epi tou viv nan pataj, nan solidarite ak frè ak sè ou yo, pa fè yo  enjistis, ni maltrete yo,  pa viv nan ipokrizi ansanm avèk yo, viv ak yon kè sensè, san ou pa pwofite sa k’ pi piti yo.
Yon lòt aspè  nou dwe sezi nan mesaj jodi a, sèke, nou pa fèt pou n’ jije lòt yo; se pou nou gade pwòp peche pa nou, lè nou ap gade sitiyasyon lòt, nou p’ap gen tan pou nou akzamine atitid pèsonèl nou ki, pafwa pi kritik pase pa vwazen yo. Ann pran lavi kretyen nou an men, nan revize nan chak moman kòman n’ap viv li, si reyèlman vre n’ap viv li jan Bondye mande a.
LAPRIYÈ:Granmèt, ede m’ viv pawòl ou a, fè l’ tounen limyè k’ap klere lavi m’ toutan, konsa m’a va anonse l’ ak bouch mwen, sitou nan fason m’ap viv.

PWOPOZISYON: M’ap pataje nan jounen jodi a mesaj sa nan fanmi oubyen ak yon zanmi, ou byen yon vwazen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario