Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen pa kapab pote pèp sa a pou kont mwen”.
NAN LIV NONB
11, 4b-15
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl
yo di: “Kilès k’ap ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason nou te konn ap
manje gratis nan Lejip; nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak melon yo, pwawo
yo ak zonyon yo ak lay yo. Gòj nou vin sèk,
nou pa wè anyen nan je nou pase lamán”.
Lamán nan te tankou yon ti grenn
lanni, koulè jòn. Pèp la te konn gaye, yo te konn ranmase l’, yo te konn kraze
l’ nan moulen, oubyen yo te konn pile l’ nan pilon, yo te konn kuit li nan
mamit, yo te konn fè kasav avèk li; li te gen gou pen ki kuit nan luil. Lè lawouze te
konn desann lannuit nan kote joupa yo te konn drese yo, lamán nan tou te konn
desann.
Konsa Moyiz tande pèp la k’ap kriye, nan chak fanmiy,
chak moun nan papòt joupa l’. Kòlè Granmèt la chofe anpil. Moyiz tou te
konsidere bagay la kòm ensipòtab, li di Granmèt la:
“Pouki sa w’ap fè sèvitè w’ la
pase mati a? Poukisa mwen pa jwenn favè devan ou? Pouki sa ou mete chaj tout
pèp sa a sou mwen an? Èske se mwen menm ki te ansent tout foul sa a, oubyen ki
te ba l’ nesans, pou ou fè di m’: “Pote yo nan vant ou, tankou yon nouris konn
pote yon ti pitit, epi pote yo nan peyi a, sa m’ te fè zansèt yo sèman pou li
a?” Kote m’ap jwenn vyann pou m’ bay tout foul sa a? Y’ap kriye kont mwen, y’ap
di: “Ban nou vyann pou nou manje”. Mwen pa kapab pote tout pèp sa a pou kont
mwen, paske li lou anpil. Otreman si se yon lòt fason ou kalkile sa, mwen
lapriyè ou pou ou touye m’, fè m’ jwenn favè nan je ou, pou m’ pa sibi tout
kalite gran malè sa yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 80, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Fete pou Bondye, li menm ki pote nou sekou.
Pèp mwen an
pa koute vwa m’, Izrayèl pa fè atansyon sou mwen. Mwen lage yo
daprè kè yo ki rèd la, y’ap mache nan lide yo.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan
wout mwen yo, yon ti moman mwen ta kraze lènmi l’ yo, mwen ta lonje men m’ sou
sila yo k’ap fè l’ pase tray yo.R.
Lènmi Granmèt yo ta flate l’, sò yo ta regle pou tout
tan; mwen ta fè yo manje nan ble ki gra,
mwen ta pase swaf yo nan myèl ki sot nan wòch.R.
LEVANJIL
“Li gade nan
syèl la, li beni pen yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14,
13-21
Lè sa a:
Lè Jezi tande lanmò Jan-Batis, li pati sot la nan
batiman, l’al yon kote nan savann ki pou kont li; lè foul yo tande sa, yo suiv
li a pye sot nan lavil yo. Lè l’ sÒti, li wè yon pakèt foul; li pran pitye pou
yo, li geri malad yo.
Lè aswè rive, disip li yo pwoche kote l’, yo di: “Kote
a se yon savann, lè a deja ta; ranvwaye foul yo, pou y’al nan bouk yo, pou yo
achte manje”. Jezi menm di yo: “Yo pa bezwen ale; ba yo manje nou menm”.
Yo reponn li: “Nou pa gen anyen isit la sof senk pen ak
de pwason”. Li di yo: “Pote yo ban mwen isit la”. Li pase foul la lòd pou l’
kouche sou zèb la, li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l’ nan syèl
la, li beni pen yo, li kase yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo.
Tout moun manje, vant plen. Yo ranmase rès yo, douz panye plen moso. Kantite
moun yo menm ki te manje yo, se te senk mil gason, san konte fi ak ti moun.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil fwa,
anpil moun konn fè movesan sou Bondye epi yo modi tèt yo. Se sa ki te rive pèp
Izrayèl la, ki te manifeste enkyetid li bay Moyiz ki t’ap akonpaye li pou li te
kapab wete yo anba jouk esklav la nan peyi Lejip.
Sa konn rive pandan nou sou wout ak Granmèt la, nou fè
fas ak yon difikilte kèlkonk epi nou dekouraje, nou santi nou pa byen asire
oubyen nou santi pa gen anyen ki chanje. Nou konn rive tounen nan vye woutin
nou yo, kote nou santi nou pi alèz, paske nou gen tandans atache ak bagay k’ap
pase yo; nou konn bliye pouvwa Granmèt la, epi nou bliye si se li menm ki fè
tout bagay, li gen pouvwa sou tout bagay. Kote feblès nou ye, se la puisans Bondye pi fò. Ebyen nan premye lekti a,
nou wè pèp la te pran babye, li te fache sou Moyiz, e li te kòmanse fè li
repwòch ak pawòl sa yo: Kilès k’ap ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason
nou te konn ap manje gratis nan Lejip; nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak
melon yo, pwawo yo ak zonyon yo ak lay yo. Gòj nou vin sèk, nou pa wè anyen nan
je nou pase lamán”.
Pèp la t’ap viv nan yon angwas
akoz li pa t’ rive satisfè ak lamán nan Bondye te ba yo pou yo te kapab manje
sou wout la ki te long anpil la; pou yo te soti Lejip rive Kanaan distans la te
long anpil. Nou kapab imajine ki kalite solèy yo t’ap sipòte, ki swaf yo te
genyen, epi ki enèji sa te mande pou yo te rive travè dezè a. Yo te santi ti
lamán nan pa t’ kapab fè anyen pou yo e yo te kòmanse rele anmwe! Moyiz te
santi li te antrave ak pèp la paske li t’ap plenyen nan pye li tankou timoun ki
bezwen manman li ba li tete; Moyiz te rele Bondye pou pote li sekou. Moyiz se
yon bon medyatè, yon gwo lidè ki te ranpli wòl li trè byen.
Bondye pa manke fè entèvansyon nan
lavi pitit li yo: se sa n’ap dekouvri nan chapit katòz Levanjil Matye a jodi a.
“… li wè yon pakèt foul; li pran pitye pou yo, li geri malad yo.” Kidonk, youn
nan bagay pou nou aprann jodi a, sèke Bondye se yon Bondye kè sansib, yon
Bondye mizerikòd, yon Bondye konpasyon, yon Bondye ki pran pitye sou mizè nou.
Anpil fwa, menm jan ak foul moun yo, nou konn fè deplasman pou nou ale chèche
liberasyon; nou konn ale nan jèn, nan priyè karismatik, nou chèche mizerikòd
Bondye a tout kote nou konnen nou kapab rive jwenn li. E Bondye pa janm refize
nou sa nou mande li ak lafwa.
Konsa tou, mizerikòd ak kè sansib
Bondye a konn manifeste pou nou tou yon fason nou pa t’ men atann. Gen moman
nan lavi ou, ou konn santi kè ou kontan anpil, ou konn santi ou plen ak lagras
Bondye. Lè sa a, ou konn anvi chante menm jan ak Salmis la: “Fete pou Bondye,
li menm ki pote nou sekou.”
Bondye vizite nou atravè Pitit li
a, Jezikri e li vini pou kase tout vye chenn lamizè ki antrave nou, ki fè nou
pa kapab devlope, nou pa kapab grandi kòm pitit li. Ak dife puisans li, li
disparèt tout maladi, li miltipliye ti nou genyen e li fè nou viv nan abondans.
Sa nou te kwè ki te twò piti pou nou viv la, Granmèt la fè li vin anpil e li
voye nou al pataje li ak lòt, li voye nou pran swen sila yo ki fèb yo e ki
konte sou konpasyon li ak mizerikòd li.Granmèt la laj, li bay san mezi. Konsa,
tankou disip misyonè nou gen pou nou al jwenn lòt yo epi pote renmen ak kè
sanbib Bondye a ba yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou se Alfa ak Omega, ou se kòmansman ak finisman tout
bagay. Tanpri, nan limit feblès nou yo, ede nou kwè ou toujou la pou pote nou
sekou. Ede nou kwè tout bon vre ke renmen ak konpasyon w’ lan pi fò pase
limitasyon nou yo. Pa pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn
PWOPOZISYON: Si ou kwè nan konpasyon ak mizerikòd Bondye,
reyalize yon jès mizerikòd ak konpasyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario