Koulè vèt
PREMYE LEKTI
"M'ap fè lapli pen tonbe sot nan syèl la pou nou".
LEKTI LIV EKZÒD 16, 2-4. 12-15
Jou sa yo:
Tout foul pitit Izrayèl yo pran
babye kont Moyiz ak Aawon nan savann nan; pitit Izrayèl yo di yo: "Pito
nou te mouri nan men Granmèt la nan tè Lejip la, lè nou te chita devan mamit vyann
yo, lè nou t’ap manje pen kont kò nou an! Pouki sa nou te fè nou sòti pou nou mennen
nou nan savann sa a, pou nou touye tout foul la avèk grangou?"
Granmèt la di Moyiz: "Men m’ap
fè lapli pen tonbe pou nou sot nan syèl la: pèp la ap sòti, l’ap ranmase sa yo
bezwen pou chak jou. Konsa m’a eseye l’, pou m’ wè si l’ap mache nan lalwa m’
nan ou non.
Mwen tande pitit Izrayèl yo k’ap
babye; pale ak yo, di yo: "Aswè a n’ap manje vyann, nan maten n’ap jwenn pen
kont kò nou, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la Bondye nou an".
Nan aswè vre, gen ti pentad ki vole,
ki kouvri kote yo te poze joupa yo a; nan maten tou te gen yon kouch lawouze ki
kouvri tout alantou kote yo poze joupa yo a. Lè l’ evapore sot sou fas tè a gen
yon ti po tou mens ki parèt, yon bagay ki tou fen tankou lanèj sou tè a. Lè
pitit Izrayèl yo wè sa, youn di lòt: "Ma-nou?", sa vle di: "Sa
sa a ye?"
Yo pa t’ konnen sa l’ te ye. Moyiz
di yo: "Sa a se pen, Granmèt la ba nou pou nou manje".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 3 e 4bc. 23-24. 25 e 54 (r.: 24b)
R/ Granmèt la ba yo
pen syèl la.
Se pa ti kras
bagay nou tande, nou konnen, epi zansèt nou yo rakonte nou,
N’ap rakonte l’
bay jenerasyon k’ap vini an, lwanj Granmèt la ak pouvwa l’ yo.R.
Reyèlman vre
li pase nyaj anwo yo lòd, li louvri pòt syèl yo;
Li fè lapli lamán tonbe pou yo pou yo manje, li ba yo pen
syèl la.R.
Moun nan manje pen mesaje Bondye yo, li voye manje pou
yo an kantite.
Li kondui yo
jous nan peyi l’ ki sen an, sou mòn nan men dwat li te pran an.R.
DEZYÈM LEKTI
"Abiye nou ak moun nouvo a, ki kreye selon Bondye a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU MOUN
EFÈZ YO 4, 17. 20-24
Frè m’ yo:
Mwen di nou,
mwen sètifye nou sa nan Granmèt la, pou nou pa mache ankò tankou moun yo ap
mache nan bagay ki pa sèvi anyen pou lespri yo.
Nou menm se
pa konsa nou te aprann Kris la, si omwen nou te tande l’ epi nou te resevwa
lansèyman nan li, daprè verite ki nan Jezi a. Se pou nou kite moun ansyen an ki
t’ap aji daprè konduit lontan an, moun ansyen sa a gate antan l’ap suiv anvi k’ap
twonpe moun. Men se pou nou vin tou nèf nan jan lespri nou jije tout bagay, se
pou nou abiye nou ak moun nouvo a, ki kreye selon Bondye nan jistis ak verite
ki sen an.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
"Moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap swaf'.
LEKTI LEVANJIL
KI SEN AN DAPRÈ SEN JAN 6, 24-35
Lè sa a:
Lè foul la wè
Jezi pa t’ la ni disip li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap
chèche Jezi; lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di l’: "Rabi, ki lè ou rive
isit la?"
Jezi reponn
yo, li di: "An verite, an verite mwen di nou, n’ap chèche m’, se pa paske
nou te wè mirak, men paske nou te manje pen, epi vant nou te plen. Se pa pou
nou travay pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou manje k’ap dire
pou lavi tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm Bondye Papa a make
ak so l’ la".
Yo di l’: "Ki sa pou nou fè
pou nou travay travay Bondye yo?"
Jezi reponn, li di yo: "Men
travay Bondye a, se pou nou kwè nan sila Bondye voye a".
Yo di l’: "Ki siy ou fè, pou
nou wè, pou nou kwè nan ou? Ki sa ou fè? Zansèt nou yo te manje lamán nan savann
nan, jan sa ekri a: 'Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje' ".
Jezi di yo: "An verite, an verite mwen di nou, se
pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba nou pen ki sot
nan syèl la, vrè pen an. Pen Bondye a se sila a ki desann sot nan syèl la epi
ki bay tè a lavi a".
Yo di l’: "Granmèt, toujou ba
nou pen sa a".
Jezi di yo: "Mwen, mwen se pen
lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè pèp Izrayèl la te nan esklavaj nan peyi
Lejip, Granmèt la te ede yo jwenn libetè a. Men pandan yo t’ap travese dezè a,
sou wout Tè Pwomi an, te gen moun nan mitan yo ki te sonje jan yo te konn manje
byen nan peyi Lejip. Moun
Ejip yo te pete fyèl moun Izrayèl yo, se vre. Yo te meprize yo tou. Yo te menm
fè zak vyolans kont yo. Men, omwen yo te konn manje.
Se konsa moun yo t’ ap pale, pandan yo te nan
wout lavi miyò a. Te gen nan yo ki te pito viv tankou esklav, nan lonbray
sosyete a, olye pou yo te pase kèk jou nan yon wout ki te difisil, malgre se
wout sa a ki te ka mennen yo nan libète a.
Lè Granmèt la wè sa, li pa dakò pou yo
retounen nan esklavaj la. Li vle pou tout moun viv ak lonè, respè. Se sa k’ fè
li te fè yo jwenn pen pou yo manje, chak maten, pandan yo t’ap mache nan wout
libète a. Bondye pa t’ lage yo, li
ankouraje yo pou yo mache jis nan peyi li te resevè pou yo a.
E nou menm, pèp Ayisyen an? Sa fè
anpil tan depi n’ap mache nan yon wout libète ak demokrasi. Gen de fwa nou dekouraje. Gen nan nou, se kritike yo plede kritike. Men fò n’ ta mande moun sa yo, kisa yo
pwopoze? Èske se chita nan mitan wout
la? Oubyen, èske se avanse, malgre
obstak yo?
Depi nou dakò pou nou fè yon jefò, avanse nan
chemen mete jistis ak lapè nan sosyete a, nou mèt konte sou Bondye. Depi nou
mete konfyans nou nan li, l’ap mache ansanm avèk nou, l’ap ba nou tout sa nou
bezwen.
Paske Bondye Granmèt la vle wè tout pitit li yo viv byen ansanm. Li vle pou malere yo jwenn yon lavi
miyò. Li vle pou chak grenn kretyen
vivan kapab mache nan lari san l’ pa bezwen wont, san l’ pa bezwen pè
anyen. Li pa p lage nou.
LAPRIYE: Granmèt, pafwa nou dekouraje, men nou konnen nou ka konte sou ou. Tanpri, ba nou fòs pou nou kontinye bati peyi kote se ou menm k’ap
komande a ! Amèn.
PWOPOZISYON: Olye m’ kritike, kisa
mwen menm m’ kapab fè pou peyi a chanje ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario