Koulè Blan
Sen Alfons Mari de Ligori (Memwa)
PREMYE LEKTI
"Nan ane jibile a, tout moun dwe reprann posesyon yo".
LEKTI LIV LEVITIK 25, 1. 8-17
Granmèt la pale ak Moyiz nan mòn
Sinayi a, li di:
"W’ap konte sèt semèn ane, sa
vle di sèt fwa sèt, ki fè ansanm karant-nèf ane; w’a sonnen twonpèt sou setyèm
mwa a, dizyèm jou mwa a, tan Padon an, sou tout tè nou an. W’a fè wè kijan senkantyèm
ane a sen, w’a deklare delivrans pou tout moun ki abite tè ou la; se jibile a
sa. Chak moun ap tounen nan posesyon l’, chak moun ap tounen nan premye fanmiy
li, paske se jibile a, senkantyèm ane a. Pa simen, pa rekòlte fwi ki donnen pou
kont yo nan jaden, pa ranmase premye fwi rezen yo, poutèt jibile a sen; men w’a
manje ofyamezi sa k’ genyen nan jaden.
Nan ane jibile a, tout moun ap
tounen nan posesyon yo. Lè w’ap vann yon bagay bay moun ki nan peyi avèk ou,
oubyen lè w’ap achte nan men l’, pa fè frè ou la lapenn; men se daprè kantite
ane jibile a w’a achte nan men l’, epi se daprè valè fwi yo l’a vann ou. Plis
gen ane ki rete anvan lòt jibile a, plis pri a ap vin pi gran; mwens w’a konte
tan, se mwens y’a achte chè: se tan fwi yo l’ap vann ou.
Pa fè moun menm fanmiy avèk ou yo
lapenn, men se pou chak moun respekte Bondye l’, paske mwen se Granmèt Bondye
nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 7-8 (r.: 4)
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou
Se pou Bondye pran pitye pou nou,
se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè
a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo
danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou,
Bondye nou an; Se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
LEVANJIL
"Ewòd voye koupe tèt Jan, disip li yo vini, yo pote nouvèl bay Jezi".
LEKTI LEVANJIL
KI SEN AN DAPRÈ SEN MATYE 14, 1-12
Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a, tande repitasyon Jezi, li
di sèvitè l’ yo: "Sila a, se Jan Batis; li leve vivan sot nan pami mò yo,
se pousa l’ap fè mirak sa yo".
Sèke Ewòd te arete Jan, li te mete l’ nan chenn, li te
mete l’ nan prizon poutèt Ewodyad, madanm frè l’ la. Jan te di l’: "Ou pa gen dwa pran l’ pou ou". Li te vle
touye l’, li te pè pèp la, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
Jou nesans Ewòd la, pitit fi Ewodyad
la te danse nan mitan yo, sa te fè Ewòd plezi. Li te fè sèman poutèt sa, li te
pwomèt li li t’ap ba l’ nenpòt ki sa l’ ta mande l’. Li menm menm, li pran
konsèy nan men manman l’. Li di:
"Ban m’ tèt Jan-Batis koulye a menm nan yon plat". W’a kontrarye; men
poutèt sèman an ak poutèt sila yo ki te sou tab avèk li yo, li pase lòd pou yo
bay li; li voye koupe tèt Jan nan prizon an. Yo pote tèt li sou yon plat, yo
bay ti fi a, li menm li pote l’ bay manman l’.Disip li yo pwoche, yo pran kò l’,
yo antere l’; yo vin anonse Jezi sa.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, litiji a envite nou kontanple
yon enjistis : enjistis lanmò Jan Batis. An menm tan tou, se yon
envitasyon pou nou dekouvri nan Pawòl Bondye nesesite pou nou pote temwayaj
lafwa ki klè, ki konkrè pou nou kapab anonse mond la yon esperans.
An nou santre refleksyon nou an sou Ewòd. An reyalite,
pou nou menm li reprezante yon move temwen, men l’ap ede nou manifeste kèk aspè
enpòtan pou temwaye lafwa nou nan mond lan. ‘‘Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a,
tande repitasyon Jezi’’ (Mt 14,1).
Deklarasyon sa a, nou ta ka di li montre yon bon atitid,
men li pa sensè. Se yon reyalite nou kapab rankontre nan lavi anpil moun, petèt
nan nan pwòp lavi pa nou. Anpil tande pale de Jezi, men yo mande : Kilès
sa a ? Ki moun li ye ? Ki angajman pèsonèl ki soude nou ak Li ?
Tout d'abord, il est nécessaire de donner une réponse
exacte: celle d'Hérode nous semble un peu vague: «Cet homme, c'est Jean le
Baptiste, il est ressuscité d'entre les morts» (Mt 14,2). Il est clair que nous
regrettons de ne pas donner la réponse de Pierre à la question posée par Jésus:
«Et vous, que dites-vous? Pour vous, qui suis-je?».
Dabò, li nesesè pou nou bay yon repons ekzak :
repons Ewòd la sanble byen vag : ‘‘Sila a, se Jan Batis; li leve
vivan sot nan pami mò yo’’ (Mt 14,2). Li klè ke nou regrèt lefèt ke nou pa bay
menm repons Pyè te bay la, lè Jezi te poze li kesyon an : ‘‘E
nou menm, kilès nou di mwen ye ?’’.
‘‘Pyè pran lapawòl, li deklare : ‘Ou se Kris la,
Pitit Bondye vivan !’ ’’ (Mt 16,15-16). Pawòl sa pa kite okenn doutans, li
pa gen ni laperèz ni lendiferans, men li louvri pòt esperans ki anrasinen nan
Levanjil la.
Men kijan Jan Pòl II te pale nan Ekzòtasyon Apostolik Ecclesia in
Europa : ‘‘ Avèk tout Legliz la, mwen envite frè ak sè m’ yo nan lafwa pou
yo louvri yo bay Kris la ak tout konfyans epi kite li renouvle yo, antan y’ap
anonse tout moun, avèk fòs lapè a, fòs
lanmou an, ke tout moun ki rankontre Granmèt la konnen Verite a, li dekouvri
Lavi a, e li jwenn Chemen ki mennen ladan li’’.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri, granmesi konkou lapriyè Lavyèj Mari, Manman
lesperans la, ede nou dekouvri reyèlman kilès Jezi ye e fè nou pote bon jan
temwayaj sou li bay frè nou yo.
PWOPOZISYON: M’ap reflechi sou konbyen fwa mwen te konpòte mwen tankou
Ewòd. M’ap mande Bondye padon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario