Koulè Blan
INYAS DE LOYOLA KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Fèt Granmèt la, n’ap rele yo jou ki konsakre, ki sen anpil”.
NAN LIV
LEVITIK 23, 1. 4-11. 15-16. 27. 34b-37
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
“Men fèt Granmèt yo ki sen yo, yo menm nou dwe fete nan
tan yo a: Premye mwa a, katòzyèm jou mwa a, nan aswè, se Pak Granmèt la li ye.
Kenzyèm jou mwa sa a, se gran fèt Pen san leven Granmèt la li ye.
Pandan sèt jou, n’a manje pen san leven. Premye jou a
se yon jou ki sakre anpil, ki sen, l’ap ye pou nou: nou pa dwe fè okenn travay
esklav nan jou sa a; men se pou nou ofri sakrifis nan dife bay Granmèt la
pandan sèt jou. Setyèm jou a menm se yon jou ki
pi sakre, ki pi sen, nou pa dwe fè okenn travay esklav jou sa a”.
Granmèt la
pale ak Moyiz, li di: “Pale ak pitit Izrayèl yo, w’a di yo: “Lè n’a antre nan
tè a m’ap ba nou an, lè n’a rekòlte fwi, n’a pote bras zepi yo, premye rekòlt
nou yo, bay prèt la; li menm l’ap leve pake a devan Granmèt la, pou l’ resevwa
nou avèk bon kè, nan landmen jou saba a, e l’a fè l’ vin sen.
N’a konte
apati landmen jou Saba a, jou nou te ofri bras premye rekòlt yo, n’a kalkile
sèt semèn plen, jous nan landmen finisman setyèm semèn nan, sa vle di senkant
jou; konsa n’a ofri yon sakrifis nouvo bay Granmèt la.
Sou dizyèm
jou setyèm mwa sa a, ap gen jou Padon yo ki sakre anpil la, y’ap rele l’ sen;
n’a fè penitans jou sa a, n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt la.
Apati kenzyèm
jou setyèm mwa sa a, ap gen fèt Joupa yo pandan sèt jou pou Granmèt la. Premye
jou a y’ap rele l’ sakre anpil, sen anpil: nou pa dwe fè okenn travay esklav
jou sa a. Pandan sèt jou n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt la; uityèm jou a
se yon jou ki sakre anpil, ki sen anpil, n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt
la; se reyinyon avèk rasanbleman: nou pa dwe fè okenn travay esklav jou sa a.
Sa yo se fèt
Granmèt la, n’ap rele yo sakre anpil, sen anpil; n’a ofri kado bay Granmèt la
jou sa yo, sakrifis antye ak sakrifis likè daprè seremoni chak jou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
80, 3-4. 5-6a. 10-llab
R/ Fete nan
Bondye, li menm ki pote nou sekou.
Pran kantik,
frape tanbou, bon gita a avèk bandyo a. Sonnen twonpèt la nan fèt nouvèl lin
nan, nan jou plenn lin nan, nan gran fèt nou an.R.
Paske se yon
kòmandman pou Izrayèl sa ye, se yon jijman pou Bondye Jakòb la. Li mete l’ kòm
temwayaj nan Jozèf, lè l’ t’ap sòti nan peyi Lejip la.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje.
Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan
peyi Lejip la.R.
LEVANJIL
“Èske sila a
se pa pitit menuizye a? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive nan
peyi l’, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, atèl pwen moun yo te sezi,
yo t’ap di:
“Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa yo? Èske sila a
se pa pitit menuizye a? Èske manman l’ se pa sila yo rele Mari a, epi frè l’ yo
Jak, ak Jozèf, ak Simon, ak Jid? Epi sè l’ yo,
èske yo tout pa lakay nou? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo?” Yo te dekontwole
akòz li.
Jezi menm di
yo: “Pa gen pwofèt ki manke konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan lakay li”. Li pa fè
anpil mirak nan kote sa a poutèt lafwa yo pa t’ genyen.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Meditasyon nou
jodi a, se eksperyans nou fè daprè sa nou wè nan Levanjil matye a. Moun yo di
se daprè eksperyans li fè ke li ekri levanjil sa a; se pou nou aprann respekte
jou Bondye mete apa pou li a, se jou pou nou reyini ansanm pou nou fè fèt pou
di l’ mèsi pou jan li bon, pou jan li bèl, paske li merite sa. Bondye li menm,
li ba nou ekzanp lan, li te travay pandan 6 jou sou 7èm jou li te repoze.Èske
nou sonje respekte jou sa? Nou gen 6 jou nan semèn nan pou fè batriba. Gen
anpil nan nou, nou bliye jou sa a; nou fè tout kalite travay n’al vann, nou fè
lesiv, nou repase, nou koule beton, n’al fè jaden. Frè ak sè m’ yo, pa bliye
chak lamès, chak seremoni se fèt nou fè ansanm pou Granmèt la ki fou pou nou.
Kè l’ kèlkeswa kote nou ye pa bliye jou sa a. Nou menm tou kò nou se pa yon
moso fè, pou n’ kapab bay pi bon sèvis; se pou n’ pran jou dimanch lan pou n’
detann nou nan Granmèt la. Jan nou wè l’ nan liv levitik la, genyen anpil fèt,
fèt delivrans ak pen san leven, fèt premye rekòlt, fèt sonnen twonpèt la, fèt
jou padon an, fèt tanp lan, fèt dènye rekòlt, chak fwa nou fè yon sèvis pou
Granmèt la, se yon fèt li dwe ye. Lè sa nou fè kè l’ kontan. Levanjil la menm
envite nou aprann resevwa moun lakay nou, nan peyi nou, nan kominote nou, ak
nan sosyete a; se pa pou nou tankou moun sa yo ki p’ap resevwa Jezi lakay yo,
paske yo pa t’ rekonèt otorite yo kòm pwofèt pwisan. Aprè Jezi te fin pale an
parabòl, li retounen nan peyi l’ kote li t’ap bay moun yo ansèyman sou anpil
bagay nan sinagòg la.Yo te sezi wè kijan li te gen yon langaj ki te trè diferan
ak langaj lòt otorite yo; youn t’ap di lòt kote li jwenn pouvwa sa a, ak sajès
sa a! Èske se pa ti gason ti bòs chapant la? Men nou konnen manman l’! Se pa
Mari li rele? Se pa frè Jak, Jid, Jozèf ak Simon? Sèl yo se pa nan mitan nou yo ye?
Epi pou l’ konnen tout bagay sa yo. Jezi konnen sa k’ t’ap pase nan kè
yo, li reponn yo konsa: tout pwofèt gen konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan
fanmi l’. Se poutèt sa li pa t’ fè anpil mirak nan peyi sa, paske yo pa t’ kwè
nan li, lafwa yo te wòwòt. Se klè. Pawòl sa a di verite, nou gen anpil ekzanp
devan nou, yon moun ki aprann yon pwofesyon, moun bò lakay li pa fasil ba l’
dyòb; yo pito al byen lwen, epi peye pi chè paske yo banalize konpetans moun ki rete pi pre yo a. Li lè pou nou fini
ak bagay sa yo, se menm jan yo fè pou Jezi, paske yo te konn manman l’ ak papa
l’ se te pòv yo te ye. Fòk nou pran anpil prekosyon ak mo frè ak sè Jezi yo,
gen moun ki pa fouye Labib, yo kontante yo ak yon vèsè sèlman epi yo di Mari te
gen lòt pitit. Pa gen yon kote nan Labib la nou rankontre mo kouzen, kouzin.
Nan levanjil Sen Jan, chapit 19, vèsè 25, yo di nou: bò kwa Jezi a te gen Mari
manman l’, Mari madanm Kleopas, te genyen Mari madlèn… epi Sen Mak, nan
levanjil li a, chapit 15, vèsè 40 pale de Mari manman Jak, Jozèf, Jid, epi
Simon. Mak 6, vèsè 3 di tout moun ki se kouzen ak kouzin, yo rele yo frè ak sè
nan la Bib la. Mezanmi ann apwofondi Bib nou, pou nou ka konnen plis bagay. Nou tout ki se pitit gason ak
pitit fi Mari, an nou apran renmen li kòm manman. Ann kite li fòme nou menm jan
li te fò premye pitit li a, ki se Jezi. Konsa n’a saj menm jan ak gran Frè nou
an ki jwenn sajès ak entelijans nan Bondye Papa a.
LAPRIYÈ: Granmèt ede m’
konbat tout fòm prejije ki ekziste nan lavi mwen, nan sosyete nou an, konsa n’a
chèchè bay chak moun valè Bondye vle pou yo a, san nou pa gade sou koulè, ras,
oubyen kapasite entèlektyèl oubyen orijin familyal li.
PWOPOZISYON: Mwen vle fè efò
nan lite pou m’ derasinen tout sa ki anpeche m’ resevwa Jezi avèk lòt yo lakay
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario