Koulè Blan
Sent Klè, Vyèj (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Pran kouraj, Jozye, kenbe fèm ; se ou menm k’ap fè pèp la antre nan
tè a”.
NAN LIV DETEWONÒM 31, 1-8
Moyiz pati, li deklare tout pawòl
sa yo bay tout pitit Izrayèl yo, li di yo :
“Mwen gen sanventan jodi a, mwen
pa kapab antre-sòti ankò, sitou depi Granmèt la di m’ : “Ou p’ap travèse
Jouden sa a”. Se Granmèt Bondye w’ la k’ap travèse devan ou ; se li menm
k’ap efase tout nasyon sa yo devan fas ou, w’ap pwopriyetè yo ; Jozye menm
ap travèse devan ou, jan Granmèt la te di a. Granmèt la ap aji avèk yo jan l’
te fè pou Siyon avèk Òg, wa Amoreyen yo, avèk peyi wa yo a, l’ap efase yo. Lè
l’al renmèt yo nan men nou, se konsa pou nou aji avèk yo, jan m’ te pase nou
lòd la. Aji avèk kouraj, kenbe fèm; pa pè, pa tranble devan fas yo, paske se
Granmèt Bondye w’ la k’ap kondui ou, li p’ap lage ou, li p’ap abandone ou”.
Moyiz rele Jozye, li di l’ devan
tout Izrayèl: “Pran kouraj, kenbe fèm; se ou menm k’ap fè pèp sa a antre nan
peyi a, sa Granmèt la te fè sèman li t’ap bay zansèt yo a; ou menm, w’ap separe
l’ daprè pòsyon yo. Granmèt la k’ap kondui nou an, l’ap avèk ou; li p’ap lage
ou, li p’ap abandone ou; pa pè, pa sezi”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Det 32, 3-4a. 7. 8. 9 e 12
R/ Pòsyon Granmèt la, se pèp li a.
M’ap rele non Granmèt la; fè lwanj
pou Bondye nou an. Aksyon Bondye yo kòrèk nèt.R.
Sonje jou lontan yo, reflechi sou
chak jenerasyon yo; poze papa ou kesyon, l’ap ba ou nouvèl, granmoun ou yo, y’a
di ou.R.
Lè Sila a ki anwo nèt la t’ap separe
nasyon yo, lè l’ t’ap separe pitit Adan yo, li te enstale fwontyè pèp yo daprè
kantite pitit Izrayèl yo.R.
Men pòsyon Granmèt la, se pèp li
a, Jakòb se kòd eritaj li. Se Granmèt la sèl ki te chèf li, pa t’ gen dye
etranje avèk li.R.
LEVANJIL
“Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
18,1-5. 10. 12-14
Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo di:
“Kilès ou kwè ki pran nan peyi wa syèl yo?”
Jezi rele yon ti moun piti, li mete l’ kanpe nan mitan
yo, li di: “An verite, mwen di nou: si nou pa chanje pou nou vin tounen tankou
ti moun piti yo, nou p’ap antre nan peyi wa syèl yo. Tout moun k’ap fè tèt li
piti tankou ti moun piti sa a, se li menm ki pi gran nan peyi wa syèl yo. Moun
ki resevwa yon ti piti konsa o non mwen, se mwen menm li resevwa.
Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa yo;
sèke mwen di nou: Mesaje pa yo a nan syèl la toujou ap gade fas Papa m’ ki nan
syèl la.
Sa nou di nan sa? Si yon moun gen
san mouton, epi youn nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite katrevendiznèf lòt yo
nan mòn, pou l’ al chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive jwenn li, an verite
mwen di nou, l’ap pi kontan poutèt li pase pou katrevendiznèf yo ki pa t’ pèdi
wout yo. Se konsa, se pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou youn nan ti piti
sa yo peri.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Depi lè Granmèt
la te rele Moyiz nan jaden Jetwo a, pou li te kapab ale wete pèp Izrayèl la
anba Ejipsyen yo ki t’ap toupizi li a, Moyiz te akonpaye pèp sa a pandan tout
lavi li. Li pa t’ jan renonse a travay Granmèt la te konfye li e li te mennen
misyon li jous nan bout. Si nou fè yon ti revize istwa sa a, nou kapab rann nou
kont ki kalite peripesi, ki kalite soufrans, eprèv Moyiz pase ansanm ak pèp la;
se tankou yon bon papa ki p alache pitit li yon may. Men Moyiz te rive nan yon
laj kote li te santi li kòmansye vye granmoun, fòs li pa t’ pèmèt li kontinye
mache ak pèp la. Konsa, Moyiz transmèt Misyon sa a bay Jozye. Li te enpòtan pou
te genyen yon kontinwite nan misyon Moyiz la paske pèp la po t’ ko rive nan
limit kote li te dwe rive a, kote lèt ak myèl la t’ap ret tan li a. Sèl moun
nan moman sa a ki te kapab menmen bak la, se te Jozye. Li pa t’ gen yon misyon
diferan, men se menm Moyiz la li te genyen, misyon pou akonpaye pèp Izrayèl la,
pou gide li, pou mennen li kote Bondye te vle li ale a.
Nan kontèks sa a, li enpòtan pou
nou konprann ke se Bondye menm k’ap dirije pèp la; se li menm menm k’ap pèmèt
li simonte difikilte chemen an, se li menm k’ap fè li ranpòte laviktwa sou
lènmi an. Malgre anpil fwa tèt pèp la di, Bondye pa abandone li pou sa paske li
plen kè sansib ak mizerikòd.
Nan Levanjil jodi a, Granmèt la ap
envite nou pou nou viv nan senplisite, nan dosilite. Epi li mande nou tou, pou
nou akeyan. Lè nou konsidere yon ti moun piti, gen plizyè mo ki pèmèt nou
defini li: inosans, senplisite, dousè, renmen, obeyisans, padon, dosilite…
Se poutèt sa Jezi mande nou pou
nou idanfye nou ak yon ti moun piti pou nou kapab viv yon fason ki fè Bondye
plezi, pou nou pa gonfle kòlèt nou, pou nou pa panse nou pi enpòtan pase lòt
yo. Okontrè, si nou aksepte fè nou tou piti, n’ap gen plis fasilite pou nou
kapab rann lòt yo sèvis. Se sa Jezi te fè menm: li menm ki te nan menm ran ak
Bondye li bese tèt li pou li kapab lave pye sa ki pi piti yo, sila yo ki pi fèb
nan sosyete a. Sen Pòl ede nou konprann sa trè byen nan lèt li te adrese bay
kominote Filip la, nan chapit 2, vèsè 7 pou rive 9: “(…), se [li] Jezi menm pou tèt pa l' ki
chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun,
li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan
Bondye.Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou
kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon
non ki pi gran pase tout lòt non.”
Youn nan pawòl mwen plis renmen nan Levanjil jodi a, sèke
Jezi di: Moun ki resevwa yon ti piti konsa
o non mwen, se mwen menm li resevwa. Jezi idantifye li ak sila yo ki pi
piti yo, sila yo ke sosyete a pa bay anpil enpòtans la. Konsa, frè mwen/ sè
mwen, li enpòtan anpil pou nou non sèlman akeyi ti moun piti yo, men tou pou
nou chèche sanble avèk yo, sa vle di pou nou viv ak anpil senplisite, pou nou
kapab antre nan wayòm syèl la.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ede mwen kwape tout vye lògèy mwen yo, ki anpeche mwen viv kòm
moun e ki fè mwen vle fè tèt mwen pase pou sa mwen pa ye. Ban mwen yon kè ki
senp menm jan ak Jezi, pou mwen kapab sèvi lòt yo ak anpil dousè. Konsa w’a pèmèt
mwen antre nan lavi tou nèf ou pwomèt la.
PWOPOZISYON: Chèche gen menm
santiman ak yon ti moun piti, akeyi moun ki senp yo, moun ki pi piti nan
sosyete a, konsa Granmèt la va akeyi ou nan wayòm li an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario